HAITI – MAS 2026 — Plis pase 9 milyon Temwen Jewova nan lemonnantye ap envite piblik la nan de evènman espesyal k ap fèt pou ede moun yo konnen pwomès Bib la fè pou gen yon demen miyò.
Nan aswè jedi 2 avril 2026 la, jou y ap selebre Soupe Seyè a ki fèt chak ane, ap gen yon diskou k ap mete aksan sou sa Jezi te anseye konsènan avni limanite.
Men sa Fred Aimé, pòtpawòl Temwen Jewova yo ann Ayiti deklare: “Lavi ak ansèyman Jezi gen anpil enpòtans pou anpil moun nan monn nan. Nou espere evènman sa a, yon selebrasyon kretyen yo rekonèt ki enpòtan depi prèske 2 000 an, ap ede moun ki vin asiste yo wè ki jan l makònen ak yon bèl espwa pou demen.”
Pandan kanpay la, Temwen yo ap envite moun yo tou nan yon diskou espesyal ki gen tit: "Kiyès ki pral repare tè a?" L ap fèt nan fen mwa mas 2026 la nan plis pase 119 000 kongregasyon Temwen Jewova nan monn nan.
Nan diskou sa a k ap dire 30 minit, n ap tande sa Bib la di sou:
· Relasyon lòm ak tè a
· Fason tè a pral retabli alavni
· Fason nou ka benefisye pwomès Bib la fè yo
Sa gen prèske 2 000 an, nan dat 14 Nizan nan kalandriye juif la, nan ane 33 epòk nou an, Jezi te tabli Soupe Seyè a ak apot li yo. Jou swa sa a, Jezi te bay lòd ki parèt nan Lik 22:19 la: "Kontinye fè sa pou nou montre nou sonje m."
Temwen Jewova yo obeyi lòd sa a chak ane nan menm jou a kòm yon rapèl espwa Bib la bay pou tè a repare a vrèman posib. Plis pase 20 milyon moun te asiste Soupe Seyè a ane pase.
Pou w ka aprann plis sou Soupe Seyè a ak diskou espesyal la, e pou w ka asiste nan yon lokal ki toupre w, tanpri vizite jw.org >enfòmasyon sou nou > memoryal. Toude evènman sa yo gratis e nenpòt moun ka asiste yo, jan sa ye pou tout evènman Temwen yo òganize.
James Aly
Biwo Relasyon Piblik
Syèj nasyonal Temwen Jewova yo
