Ki Drapo ki fè mfyè-a souple ? Èske se bikolò ble ak wouj la ke kèk Afranchi te adopte apre yo te fin touye Anperè-a epi politisyen ayisyen ak kèk bon bon zanmi Ayiti te retounen ak menm Drapo sa nan demen 7 fevriye 1986 la ? kote yo menm di ke sa se dezyèm endepandans nou.
Zanmi lektè mwen yo ann fè yon ti refleksyon ki konsène Drapo pa nou an ki se bikolò nwa ak wouj la. Daprè sa nou aprann e ki konvenk nou, anvan Desalin te ban nou endepandans anba kolon Franse yo, dayè ki te gen pwòp Drapo ki se : ble, blan ak wouj. Aprè 12 lanne de lit soti 1791 pou rive 1803, pratikman gran, gran papa nou yo te soti anba sistèm inimen Franse yo, nan sans sa-a jou ki te 18 me 1803 nan vil Akayè, papa Desalin te bay Katrin Flon koud Drapo nwa ak wouj la, e se la tou kèk afranchi tankou Petyon ak anpil lòt te rejwenn lit la paske yo wè ke esklav te gentan pote vikwa.
Pa bliye nou sonje 2 premye mouvman yo : Blan yo te vle otonomi parapò ak Metwopòl la, yo te echwe. Epi Afranchi yo ki te vle jis fè yon refòm pandan ke yo t ap toujou kenbe esklav yo sou plantasyon, yo te echwe tou. Men gras a Dye mouvman pa Esklav yo reyisi.
Premye janvye 1804, Ayiti pwoklame endepandans li ak Drapo nwa ak wouj la e Anperè Desalin pral konfime l nan premye konstitisyon peyi Ayiti nan lanne 1805.
Drapo orijinal la ki se nwa ak wouj, kote : wouj la vledi libète epi nwa vledi lanmò. Donk, chak lè nou leve Drapo nwa ak wouj la nou tou kriye : LIBÈTE OU LANMÒ..
Malerezman Petyon, Jeren, Gaba elatrie touye papa nasyon an. E gen ekriven ki rive rakonte istwa lanmò Desalin tankou yon epope jis pou makiyaj. Poutan daprè rechèch nou, yo asasine Desalin lakay Petyon nan yon fèt. E depi lè sa nouvo chèf yo tou adopte Drapo kolon an ak sèl diferans yo retire koulè blan an. Depi lè sa peyi a gen yon Drapo divizyon, anti pwogrè ou ka menm di se jis yon Drapo k ap fè plezi ak ansyen Kon an.
Soti nan lanne 1806 pou rive an 1964 fè 158 lanne depi nou t ap leve Drapo divizyon ble ak wouj la. Men Prezidan Francois Duvalier te retounen ak Drapo papa Desalin la ki se nwa ak wouj la e lè sa peyi nou te patisipe nan koupdimonn 1974 la e jwè nou yo te abiye an nwa ak wouj. Nan menm epòk sa, Ayiti tèlman te pwodwi manje nou te konn voye vann lòt peyi. Malerezman depi 7 fevriye 1986 politisyen san konprann ak kèk manm nan peyi lòtbò dlo retounen ak menm Drapo divizyon ble ak wouj la.
Yo defini Drapo kòm siy ki montre ekzistans yon peyi, yon patri. Se tèlman vre : Nan zafè diplomasi chak biwo Konsila ak Anbasad monte Drapo peyi yo nan sans pou montre se tèl teritwa ki la. Nan zafè gè chak baz oubyen twoup Militè gen Drapo peyi yo, nan Foutbòt Drapo ekip yo monte byen wo elatriye.
Pèp ayitien jouk kilè je nou va louvri pou nou mande zòt sa ki pou nou ? Pou ou pi byen konprann sans atik sa, mwen envite ou li liv : Un nouveau regard sur Ayiti et sa Formation Professionnelle.
Antèm pwopozisyon, m ap mande ak evantyèl manm komisyon ki pral reflechi pou modifye Konstitisyon an, akote lang Kreyòl la ki pou se sèl lang ofisyèl peyi-a fòk Drapo peyi-a retounen nwa ak wouj.
Kòm peyi a paka rete san prezans yon Drapo donk annatandan otorite yo deside fè pèp la kado Drapo orijinal li-a nan nouvo konstitisyon an menmkan nou konnen chak fwa nou leve ble ak wouj se krache ke nou krache sou memwa papa nasyon-an.
Pou m fini, Otorite yo, mwen priye nou an gras pou n bay Ayiti yon chans ak Drapo pa la ki se fyète pa m ak tout lòt Ayisyen konsekan nan peyi-a kou lòt bò dlo.
Ruben Sanon
