Divin Dessalines

Divin Dessalines, écoute-nous ! Ton empire de Lumière chasse les ombres chez tous les vèditè de la Terre ! Messager transparent de l'Avenir; de la Liberté, pure Lumière ! Illumine, nous t'en supplions, le meilleur chemin le plus utile, le plus court, pour arriver à la réalisation de tes projections, de notre désir

ardent d'élévation morale et matérielle pour les descendants des Marrons Libertaires.

Éclaire, Père de la Liberté des Peuples Noirs, nos justes souhaits d’être auteurs et acteurs de notre destinée de peuple, illumine notre dévotion, notre confiance, notre force, courage et détermination pour construire l’État-Nation.

Divin Dessalines, que ta Lumière se répande sur ton Empire et le Monde par nous, tes sujets ! Que dans le monde entier, on puisse travailler et vivre en paix, sans angoisse, sans tristesse, sans danger, sans souffrance, sans chaînes palpables et mentales, dans la souveraineté, la dignité, l'Amour.

 

Ayibobo ! Amen !

 

Devant !

 

Granmèt Dessalines, tanpri koute pitit ou kap pale avè w! Pwojektè limyè ki nan ou a kwape fè nwa lakay tout vèditè sou latè. Mesaj ou tap pote depi  epòk ou tap viv la toujou tonbe daplon pou lavni nou ;  se oumenm kap pote mesaj libète a, ou se limyè san tach, nap priye w pou w klere pou w montre nou pi bon chimen an, chimen pou nou reyalize rèv ou yo, chimen pou reyalize misyon nou pou n pwogrese nan nivo moral ak materyèl nan enterè Pitit pitit Fanm ak Gason vanyan ki te sèmante libète ou lanmò yo.

Oumenm ki se papa libète tout pèp nwa sou latè, tanpri klere chimen  pou n suiv pou nou kapab deside se noumenm kap chwazi ki sa nap fè ak desten nou epi se noumenm ki pou reyalize sa, mete limyè sou fason nou angaje lavi nou, konfyans nou genyen nan batay la, fòs nou ak kouraj nou nou pou n kontinye san mòde-lage pou nou konstrui leta-nasyon an.

Granmèt Dessalines, se pou limyè w simaye sou tout Anpi Dayiti a ansanm ak tout mond la ! Se pou moun kapab viv ak travay nan lapè nan tout mond la, san kè sote, sans tristès, san danje, san soufrans, ak libète mantal kote tout peyi kapab granmoun tèt yo nan diyite ak lanmou.

 

Ayibobo ! Amen !

 

Devan !

 

Savannah Savary

Tradiksyon Nody Guerrier

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES