Nan yon kontèks kote kestyon lamanjay tounen yon gwo defi nasyonal, *Antreprenè Agrikòl Josué Eliassaint* vini ak nouvo liv ki pote tit “Ayiti, Agrikilti Zewo Zewo”. zèv sa tradui yon kri konsyans ak yon apèl mobilizasyon pou tout Ayisyen. Atravè yon metafò fò, otè a dekri reyalite agrikilti ayisyèn nan yon doub dimansyon: yon sektè ki te konn pwospere nan tan lontan, men ki jounen jodi a ap fè fas ak yon degradasyon pwofon.
Tit la li menm pa chwazi o aza. “Agrikilti Zewo Zewo” vle tradui yon pwen depa, kote pou n rekòmanse ak pwodiksyon agrikòl la nan yon moman kote peyi a vin depann plis sou enpòtasyon pou nouri popilasyon an. Se yon fason pou lanse yon apèl ijan pou retounen sou baz yo, epi rebati sektè a sou nouvo fondasyon solid.
Liv la prezante tèt li kòm yon zouti refleksyon ak aksyon. Li envite gran piblik la patisipe nan yon “konbit nasyonal agrikòl”, kote chak sitwayen gen yon wòl pou jwe nan relans agrikilti a. Otè a mete aksan sou nesesite pou Ayisyen reprann konsyans sou enpòtans tè a, pandan li raple tout richès agrikòl peyi a te genyen nan tan lontan.
Youn nan gwo kestyon liv la soulve se feblès sistèm agrikòl aktyèl la. Daprè analiz la, agrikilti Ayiti a rete anpil sou modèl tradisyonèl ak sibzistans, ki pa kapab satisfè bezwen alimantè popilasyon an. Mank rechèch syantifik, absans gwo pwojè devlòpman, ak feblès nan fòmasyon teknik se kèk nan baryè yo.
Pou rive nan yon agrikilti sifizan, liv la pwopoze yon chanjman pwofon. Li mete devan, enpòtans pou envesti nan rechèch agrikòl, devlope edikasyon teknik ak inivèsitè ki adapte ak reyalite sektè a, epi entegre syans ak inovasyon nan pwodiksyon an. Se yon vizyon ki vize pa sèlman ogmante pwodiksyon, men tou modènize pratik agrikòl yo.
Nan nivo pwopozisyon konkrè, otè a lanse plizyè rekòmandasyon kle. Li mande Leta ayisyen pou ogmante bidjè agrikilti a, pandan li ankouraje yon kolaborasyon sere ant ministè agrikilti ak ministè edikasyon pou entegre fòmasyon agrikòl depi nan lekòl primè. Li ensiste tou sou nesesite pou envesti nan tout chèn lan: pwodiksyon vejetal ak animal, transfòmasyon, ak ekspòtasyon.
Liv la kritike tou depandans twòp sou pwojè ONG yo, ki souvan pa dirab. Olye de sa, li ankouraje yon apwòch nasyonal ki baze sou kapasite lokal ak angajman kolektif. Nan menm sans lan, li envite popilasyon an devlope yon lanmou pou pwodwi lokal yo, epi bay priyorite a konsomasyon sa ki fèt lakay.
Finalman, “Ayiti, Agrikilti Zewo Zewo” leve yon kestyon fondamantal: kijan yon peyi ki gen yon istwa fyète tankou Ayiti rive pa ka nouri tèt li? Avèk plis pase mwatye manje ki konsome nan peyi a ki soti aletranje, otè a wè sa kòm yon ijans nasyonal.
Liv sa a pa sèlman yon analiz; li se yon apèl pou aksyon. Yon envitasyon pou tout Ayisyen mete men ansanm pou rebati yon sektè agrikòl ki kapab garanti sekirite alimantè peyi a, epi retabli diyite ekonomik nasyon an. Vant Siyati ofisyèl liv la ap fèt nan Nòdès, vil Fòlibète nan dat 25 avril k ap vini la. Otè a gen pou l patisipe tou nan Liv an foli, youn nan gran festival kiltirèl liv ki fèt nan peyi a.
Oberde Charles
