Leson sou inovasyon ak devlopman, Yon Ayisyen nan Salvadò

0
594

An nou imajine. Nou nan lane 1952 sou plaj Aken nan Ayiti, kote de timoun, Loulou, pitit pechè, ak Aldy, pitit avoka, ap jwe san panse ak anyen. Lavi vin voye m etidye medsin nan peyi etranje, pandan Loulou li menm te swiv tras papa l. Nouvèl  lanmò li sou lanmè, lè li te genyen 24 lane te vin banm plis anvi toujou pou mwen amelyore sekirite maritim nan Aken, e sa te tou vin motive m pou m aprann konnen ki bon mannyè yo fe sa nan lòt peyi. Se dezi sa a ki te mennen m nan Salvadò.

Anvan mwen t ale El Salvado avètisman yo te banm mwen sou "maras" yo te vle fè mwen genyen yon move imaj de peyi a. Men tou pandan mwen abò avyon an k ap kite Miami, dyaspora salvadoryen an te kontan anpil paske yo t ap retounen nan peyi yo pou yo kapab manje pupusas. Yon manje tradisyonèl, ki reflete idantite yo. Pupusas la fèt ak farin mayi fwomaj, pwa, epi ak po kochon fri. Lè nou rive, nan ayewopò modèn nan San Salvadò a bel akèy Ernesto ak mennaj li Raquel te ban mwen an pat gen anyen pou wè ak vye lide yo te ban mwen El Salvadò.

 

Vizit nan chantye naval la : Aprantisay sou Atizana lokal yo

Nou te ale tou dwat nan La Unión pou nou vizite yon chantye atizanal ki enpòtan anpil nan plan mwen genyen pou Ayiti a. Deyò ayewopò a tout vèt ak pye bwa epi pwòp anpil. Pandanm sou wout la m t ap fè ti koze ansanm ak Ernesto ak Raquel, epi pita pandan m ap pale ak moun La Unión yo, yo tout pale m de gwo mak vyolans maras yo kite nan sosyete salvadoryen an, sa ki raple m menm sa Ayiti genyen yo akòz ensekirite ak enstabilite politik la.

La Unión, chita sou kòt Gòlf Fonseca, ki te fonde nan lane 1522 e ki charye on pakèt istwa. Ekonomi yo chita sou lapèch ak touris, sa ki kreye pi bon jan anviwònman pou moun aprann konstriksyon bato atizanal. Byen bonè nan maten nou te ale nan bèl plaj Tamarindo ki twouve  nan yon ti kwen orijinal nan kòt la, e se la tou chantye bato señor Cruz la ye. La a, tradisyon ak modernite fè yon sèl anba gwo solèy twopikal la. Pwosesis konstriksyon bato yo ak moule ki fèt ak fib an vè kenbe atansyon m jiskaske sant rezin nan ak gwo bri zouti elektrik yo  k ap koupe, ajiste ak poli materyo yo fè m oblije deplase.

 

Politik ak Ekonomi: Konsekans Politik Bukele a

Lè nou retounen nan Salvadò, apre diskisyon mwen te genyen ak Ernesto epi rankont mwen ak sosyete sivil la e ak kèk ofisyèl nan gouvènman fè m wè efò Salvadò ap fè pou refòme estrikti politik ak ekonomik li a. Reyinyon sa yo te banm mwen anvi pataje ak konpatriyòt ayisyen mzen yo estrateji Salvadò itilze a pou konbat delenkans ak ankouraje devlopman, menm si yo depann anpil de èd etranje menm jan ak nou.

 Malgre gwo santiman patriyotis, fyète, epi kwayans nan demen miyò salvadoryen yo genyen an, nasyon an te rive fè fas ak gwo defi nan sa ki gen a wè ak vyolans epi kriminalite. Istwa vyolans sa te kreye move lavi nan Salvadò ke administrasyon Nayib Bukele a te chèche transfòme anba gwo desizyon ak mezi ki pat jwenn aprobasyon tout moun. Apre lagè sivil 1980 pou rive 1992 la, vyolans ak delenkans nan Salvadò te vin ogmante akoz gang ki pote non "maras" la. Gang sa yo t ap souse popilasyon an nan egzije yo "lwaye" sou kay yo, lè moun yo refize peye, souvan yo te konn touye yo. Sitiyasyon sila te vin degringgole nan lane 1995, ak yon pousantaj omisid ki te a 141,72 pou chak 100 000 moun. Sa te fè on ti amelyore nan lane 2015 ak 105 omisid pou 100 000 moun. Men, se sou administrasyon Nayib Bukele, apati 2022, ke vyolans la te komanse bon jan diminye gras ak komansman “Lagè kont Gang yo”. Gras ak kanpay sila yo rive arete e mete nan prizon preske 70,000 moun yo sispèk ki fè pati gang, sa lakoz pousantaj omisid la te vin desan a 17,6 nan lane 2022 e menm rive plat atè a 2,4 omisid pou 100 000 moun nan lane 2023. Poutan nan peyi Etazini nan lane 2022 to omisid la te a 6,3 pou 100,000 moun. Pandan pou Ayiti li menm bagay yo te vin pi grav, to omisid la te vin  pase 13,01 pou 100,000 moun. E,  an 2023, sa te vin plis mangonmen toujou to omisid la te monte a 40,9 pou 100 000 moun, sa ki reprezante yon ogmantasyon de 119,4%. Ayiti ap fè fas ak gwo defi tankou enstabilite politik, gang ame ki kontwole on gwo pati nan Pòtoprens ak nan kèk lòt zòn, sa ki vin fè vyolans ak ensekirite ogmante.

Nayib Bukele te pran fonksyon prezidan li nan lane 2021 men se an mas 2022 li te bon jan deklare eta dijans apre  yon lòt ogmantasyon vyolans gang yo. Aksyon sa a te kanpe kèk dwa konstitisyonèl sitwayen yo epi fasilite pwosedi arestasyon yo. Menm si li te efikas e li  te ede dimininye pandan on tan aktivite gang ak vyolans la, mezi sa yo te pwovoke konfli ak kritik pami òganizasyon dwa moun yo. Bukele te reponn Yo : “dwa sitwayen ki onèt yo pase avan dwa kriminèl yo.” Anplis de sa, li te deklare lagè tou ak koripsyon epi li te anonse konstriksyon yon lòt pi gwo prizon ankò pou moun k ap komèt zak "kriminèl ak kòl blan yo", menm jan li te bati yon gwo bout tonton prizon deja pou manm gang yo. Li te di ke gouvènman li an pral pouswiv tout moun ki kowonpi nan peyi a, kèlkeswa kantite tan ki te pase depi zak la te fèt, paske dapre la lwa nan Salvadò pa gen lè yo paka pousib on moun ki te komèt on deli koripsyon.

Poutan ak Ayiti li menm ap fè eksperyans ak on enstabilite politik kwonik, ke zak sasinay tankou sa ki te fèt sou prezidan Jovenel Moïse nan lane 2021an te agrave a, men tou akoz eleksyon tèt chat yo. Enstabilite sa anpeche aplikasyon yon bon jan politik e li kite peyi a tou sou jant anba koripsyon ak gang ak zam.

Estrateji sekirite Bukele a diminye zak vyolans yo nèt men tou li pwovoke gwo chanjman nan estrikti politik ak ekonomik Salvadò. Pandan ke chanjman politik sa yo ap chèche estabilize peyi a, ekonomi Salvadò toujou depann anpil de lajan dyaspora salvadoryen voye ki reprezante 23,7% nan pwodwi enteryè brit li (PIB)$34 015,62 milyon dola. Donk depann anpil de lajan dyaspora pou byennèt fanmi yo ak estabilite ekonomik peyi. Ayiti, pandan tan sa, rete youn nan peyi ki pi pòv nan emisfè lwès la, ak yon PIB pa abitan ki pi ba lontan pase sa pa Salvadò a. Lajan dyaspora reprezante 37,60% nan PIB  li ($20,25 milyon), sa ki montre depandans peyi a genyen ak lajan etranje a epi  montre tou manke bon jan opòtinite lokal.

Depandans peyi a genyen ak lajan dyaspora montre nesesite pou nou mete sou pye gwo e bon jan estrateji solid nan zafè  ekonomi ak sekirite, tankou sa sa Salvadò te aplike kont gang yo, e ki te transfòme dinamik sosyal ak kriminèl nan peyi a. Rechèch In Sight Crime revele ke menm si aktivite  aktivite gang yo fin diminye nèt, anviwon yon tyè nan manm gang yo nan

mawon e tou rete anviwon 53 selil kriminel ki aktif. Kidonk, pwoblèm sosyal ak ekonomik ki poko yo rezoud ap kontinye ap alimante fenomèn gang nan. San yon estrateji definitif  pou derasinen kòz fondamantal gang yo, gen yon posiblite pou aktivite kriminèl yo rekomanse.

 

Inovasyon ak Devlopman: Kolaborasyon ak gwo teknoloji

Amelyorasyon nan zafè sekirite a louvri yon lòt pòt pou devlopman, tankou atire envestisman etranje ak kolaborasyon ak gwo  potanta nan tekoloji tankou Google, ki kounye ap sipòte transfòmasyon dijital nqn Salvadò. Google inogire yon biwo nan San Salvador nan dat 15 avril 2024 la, sa ki tou make kòmansman operasyon li yo, yon lòt bò. Ouvèti biwo sila sa a gen pou objektif pou kore transfomasyon dijital peyi a, modènize sèvis gouvènmantal yo e ranfòse devlopman ekonomik Salvadò nan Amerik Santral la.

Depi mwa Out 2023, Google ap travay ak gouvènman salvadoryen an pou sèvis piblik yo ka pi efikas e pou kreye nouvo antite nan gouvènman an. Google patisipe anpil nan pwojè dijital gouvènman, sante ak edikasyon, e tou nan devlopman yon platfòm telemedsin ak amelyorasyon nan edikasyon piblik an kolaborasyon ak ministè edikasyon an.

 

 Inisyativ pou Atire Talan Etraje.

Anplis de sa, gouvènman salvadoryen an ap ankouraje sitwayen etranje vin abite nan peyi yo, e se pou sa yo lanse  pwopozisyon pou bay 5,000 travayè etranje kalifye tankou, syantifik, enjenyè, doktè, atis ak filozòf sitwayènte salvadoryen. Gouvènman an pral fasilite entegrasyon yo nan wete taks ak dwa ladwàn sou transfè fanmi yo ak byen yo. An Desanm 2023, Salvadò mete sou pye yon pwogram viza ki ofri rezidans ak posiblite pou envestisè etranje yo vin sitwayen Salvadoryen. Inisyativ sa a reprezante yon bon opòtinite pou teknisyen ki anvizaje ale viv lòt bò a.

Sipò nan men konpayi tankou Google reflete chanjman pozitif administrasyon Bukele a pote, yon panse anpil salvadoryen pataje. Dapre yon dènye sondaj ke Inivèsite Amerik Santral la (UCA) la reyalize 9 salvadoryen sou 10 konsidere jesyon Prezidan Nayib Bukele se yon chanjman pozitif pou Salvadò.

Pi gwo reyalizasyon ki fèt pandan de premye ane manda li a se jan yo byen jere pandemi COVID-19, 22,6% moun nan popilasyon an rekonèt sa. Anplis de sa, sipò ekonomik sitwayen yo jwenn, ak mezi efikas kont delenkans, amelyorasyon nan sistèm sante a, patikilyèman nan pwosesis vaksinasyon an, ak efò ki fèt pou konbat koripsyon genyen yon valè pozitif pou sosyete a. Li enpòtan tou pou nou konsidere ke  jan moun yo wè jesyon administrasyon Bukele a varye nan mitan diferan sektè nan popilasyon an.

 

Leson pou Ayiti

Pandan vizit mwen nan Salvadò pou m te esplore yon chantye atizanal ak lide pou mwen fè yon modèl  konsa pou Ayiti, mwen te jwenn yon revelasyon pandan mwen t ap konpare reyalite politik ak ekonomik de peyi yo. Salvadò ak Ayiti, se de peyi ki fè fas ak menm defi, ki ka pran chemen diferan pou sa ki gen pou wè ak politik e ak devlopman. Pandan El Salvador t ap fè anpil pwogrè nan sekirite ak gouvènans ki ta ka sèvi kòm yon modèl ke Ayiti ta ka kopye, men poutan li kontinye ap lite ak enstabilite ki anpeche l devlope. Sekirite ak estabilite nan Salvadò, plis yon estrateji agresif anti-gang te mete atè plat pousantaj omisid la lakay yo, sa ki diferan ak ogmantasyon tèt chaje vyolans ak ensekirite ap pran nan peyi Ayiti.

 

Ekonomi Salvadò a depann anpil de lajan dyaspora a tankou ekonomi Ayiti, men yo rive mete sou pye politik ki rale envestisman etranje e ki amelyore enfrastrikti yo. Inisyativ sa yo te transfòme peyi a an yon referans pou inovasyon ak devlopman lojistik. Poutan Ayiti li menm kontinye ap fè fas ak ni enstabilite politik ni enstabilite ekonomik ki anpeche devlopman li.

Ki opòtinite ak danje ki genyen nan entegre dyaspora ayisyen  tankou m yo nan devlopman ekonomik peyi a, menm jan ak jan Salvadò fè ak lajan dyaspora e envestisman etranje yo? Entegre dyaspora ayisyen an nan devlopman ekonomik, tankou jan Salvadò fè ak lajan dyaspora a e envestisman etranje yo, ofri opòtinite ki va bay devlopman gras ak transfè konesans, konpetans ak kapital. Men estrateji sa genyen danje ladan, tankou gwo depandans ak lajan dyaspora a, sa ki ka dekouraje solisyon ekonomik lokal yo, epi agrav inegalite sosyal yo. Yon apwòch ekilibre e ki byen aplike ta ka ogmante benefis yo pandan y ap diminye danje yo,konsa sa ki ap fe patisipasyon dyaspora a ede pi plis toujou nan yon devlopman dirab pou Ayiti.

Si nou byen gade bagay yo, eksperyans salvadoryen an ofri yon reyon espwa ak yon modèl ki ka refòme bagay yo pou Ayiti. Si Salvadò kapab fas epi komanse leve defi li yo gras ak yon politik ki sible e tou ak kolaborasyon entènasyonal la, Ayiti kab jwenn chemen pou estabilite ak pwogrè. Si non, "w ap konn jòj!".

 

Aldy CASTOR, M.D., aldyc@att.net, President, Haitian Resource Development Foundation (HRDF)

Director, Emergency Medical Services for Haiti Medical Relief Mission, Association of Haitian Physicians Abroad.

Member, United Front Haitian Diaspora

6 me 2024

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES