Gen jou ou souri devan moun
Men anndan ou fatige.
Fatige ap goumen ap pè yo
Fatige ap eseye jwenn on solisyon
Fatige pa wè rezilta malgre efò yo
E pafwa ou konn menm mande tèt ou
Èske m ap janm rive vre nan vi sa?
Men tande sa byen zanmim
Menm lè pèsonn pa wè efò w kounya
Menm lè pèsonn pa bat bravo pou ou
Sa ou ap fè kounya li gen valè.
Chak fwa ou leve malgre doulè a di
Se prèv ou fò.
Chak fwa ou kontinye aprann malgre sousi
Se prèv ou pa lage.
Ou ka pa kote ou vle ye jodi an
Men ou pa kote ou te ye yè.
E sa gentan yon viktwa.
Pa kite dout kraze rèv ou yo
Pa kite difikilte fè w bliye kiyès ou ye.
Paske verite a se pa lage
Ou gen plis fòs pase ou panse.
Ou gen plis valè pase moun wè.
E ou gen yon avni ki pi gwo pase doulè w ap viv jodi a.
Tankou pèsonn pa wè efò w
Tankou pèsonn pa konprann batay ou yo
Ou eseye ou tonbe
Ou leve ankò pi rèd epi ou kontinye vanse
Men gen yon bagay ou pa dwe janm bliye
Chak doulè ou ap viv jodi a se prèv ou fò
Se li menm k ap fòme fòs ou pou demen.
Ou pa fèb
Ou nan pwosesis.
Wi ,li pa fasil
Wi pafwa ou bouke
Men pa lage.
Paske chak fwa ou aprann yon bagay nouvo
Ou ap vin pi pre moun ou vle ye a.
Pa gade kote ou ye jodi an
Gade kote ou prale.
Pandan lòt moun ap dòmi sou rèv yo…
Ou menm, leve , travay, aprann , grandi.
Epi kwè mwen
Yon jou
Ou pral gade dèyè kounya
Ou pral fyè de tèt ou.
Paske ou pa t abandone.
Kenbe fèm , pa lage
Paske pi bèl vèsyon ou yo
Li poko menm parèt
Kenbe fèm , pa moli
Menm si li difisil fè prèv ou fò
Menm si ou poukont ou
Paske yon jou , li gen poul jou
E tout dlo nan je sa yo
Ap tounen fyète.
E ou pral di ak kè kontan
“Mwen pa t lage yon jou , malgre m t santim fèb e se sa ki fè m rive.” »
Loïshama Djennipha SYLVAIN
