Renmen se youn nan vèb batman kè m konjige pi byen nan gramè lanmou. Jouk jounen jodi a, mwen pa janmen bliye lò m te konn al keyi grap bon konprann pa bann ak pakèt nan jaden lakonesans. Mwen te lekòl nan lise Anri Kristòf, Tirivyè latibonit. Mwen pa t janm gen fanm ki ènmi m, se te toujou bon zanmi m, bwat sekrè m, tiboubout mwen tou.
Chak yon lanne lekòl tounèf rantre, ban m chwazi pou m fè repozwa m nan toujou plengrennen aliyen ak yon batle bèl lòlòz, ti diri san pay, fanm lekzistans pran kòm referans bote. Chak kout souri yo kont pou twouble memwa tan an. Fò m pa krent di nou sa, se mouri medàm y ap mouri pou mwen. Se pa djòlè m ap fè non! M gen yon mòd, depi m pa gen senk lesko pou m bwè yon fresko, medàm yo konnen, paske m p ap soti nan rekreyasyon jou sa a pyès. Lè konsa, se rete m rete m wè medàm yo ap deplwaye ak griyo, bannann, akra, fwa di, ragou, làm... Tout nèt pou vye mwen menm nan! M souri nan moustach. M konn fè ti tankou wi.
_ M p ap manje.
_ O,o! Sa w genyen Mama?
_ M pa gen anyen non cheri m yo.
_ Epi w di ou p ap manje a, manje tande!
_ Fò nou ta bo m youn apre lòt.
_ Bizouuuuuuuu
_ mmmmmmm uuuaaaa
_ mmmmmmm uaaaaaaa
_ Mèsi, mèsi.
Medàm yo kraze tèt djòl mwen nèt ak kout bizou lakontantman. Lè konsa, kè tout ti panko nan sal la grenn. Sa lakòz yo ban m on pakèt vye non, pou tache plak mawozo sou do m! Pou medàm yo ka pa ret sou mwen. Yo rele m; Koyo, Djèdjè, Janwobè, Jewòm, Nèg mouchwa a... Y ap fè kòve. Youn nan bagay nèg yo pa konnen de mwen. Chak klas m janbe, m pa janm di ti medàm yo mo sal, mo ak kras, mo peny ti dan. Se toujou bèl ti mo santibon, m keyi nan jaden pwezi pou m rive mezire longè bèlteyis yo.
Gen yon jou m ap soti lekòl la byen fache tou fatige ak yon bann nòt pwofesè bay lè yo fin greve. Imajine nou byen, on jounen san manje! Sa nou vle m kenbe nan zo bwa tèt mwen menm ? M p ap kache di nou sa sèt pli kanpe tennfas nan fontenn mwen ap mande leta, ki mòd ledikasyon 3 pou 5 w ap ofri nou la a ?
M oblije swiv wout la an pa tòti kouwè lè lalin ap fè ti virewon sou terasman syèl la. Lè m rive nan kafou klèzi, toupre lakay mwen, mwen sote sou yon dividal fanm ak gason, yo f on ti touf kouwè lè flamanwòz ap bwè dlo lanmè sou Zile Lagonav. Telefòn yo nan men yo ap fè foto ap videyo pou jwenn pataje sou Facebook, Instagram, ak WhatsApp pita.
Rapidvit, m di tèt mwen m pa pi enbesil pase sa. Se pa sou Facebook pou je m al tonbe sou zen an, banm pwoche nan espektak sila a.
M annik foure ti tèt mwen sikri kè m manke kangrennen nan kouran sezisman. M wè yon jenn bray gwo pòtray ki mete men goch li anba kou yon jèn fanm, bèl lòlòz, byen kanpe. Lòt men dwat la anlè pou l al souflete l. On fanm lakrentif t ap anpeche m lanse detwa mo dous nan fant janm bote l. M pa mize vole nan foul la, pou m rale manmzèl. An apre m tande oo, se mennaj misye. Sa pa gade m. Se pa ti pòz chèf mwen m ap pran non ! M fè devwa m antanke sitwayen responsab, pou zak vyolans sa yo ka sispann fèt nan sosyete a.
M p ap kache di nou sa misye tranble devan aksyon pwasenkant m poze a. Sa fè tout anvi nonm nan pran fòm laperèz pou akouche yon kapon wòdpòte san tranche anfas mwen. Anvan m vire bouda m pou m al fè wout mwen. M fè misye konprann sa l t ap al fè a, se kwa manman l kwa papa l, li pa dwe janm pile, pou fanm vanyan yo pa anfouraye l nan prizon.
Enben, lè m rive lakay la m ap wete inifòm nan sou mwen, lide m di m pwoche bò miwa a pou m gad tèt mwen. Mwen wè vant mwen kole ak do m. Lestomak mwen menm plat kon papita. Mwen souke tèt mwen epi m pete yon sèl kout ri krakrakra. M sonje gwo presyon m sot bay jenn bray gwo pòtray la pou m wete lanmou nan koma.
Liv : Tras renmen (lodyans)
MALABA Pitit Plim
Ekriven-powèt, Lodyansè, Komedyen, Womansye, Kontè. PDG Éditions Papye9. Prezidan Salon international du livre et des arts contemporains.
