Mèkredi 4 mas, Dumas Pythagore, ansyen chèf kabinè minis Niola Lynn S. D. Octavius, enstale kòm nouvo minis Ministè Jenès, Espò ak Aksyon Sivik (MJSAC). Nan diskou li, minis Pythagore fè konnen li se yon sèvitè ki mete tèt li o sèvis Leta, jenès la, espò a ak sivis la. Li soulinye tou li pare pou koute tout aktè yo, epi li ouvè pou dyalòg, paske selon li menm, se nan tèt ansanm ak kolaborasyon yo kapab fè ministè a pwogrese.
Nouvo minis la fè konnen pandan manda li, li pral aji nan lojik kontinite Leta, pandan y ap konsolide travay ansyen minis la te deja lanse, tout pandan y ap pote nouvo dinamik. Pami priyorite li yo, li site ranfòsman enstitisyonèl ak modènizasyon ministè a, finalizasyon ak soumisyon pwojè dekrè sou òganizasyon ak fonksyònman pratik espò nan peyi a, ansanm ak mobilizasyon pou pèmèt seleksyon nasyonal Senyò ak U-17 yo fè bon preparasyon pou patisipasyon yo nan Mondyal la ki prevwa an jen pou Senyò yo ak novanm pou U-17 yo.
Li anonse tou volonte li pou ranfòse kolaborasyon ak COH, CNP-Haïti, federasyon ak asosyasyon espòtif yo, pou pèmèt chak estrikti respekte epi reyalize kalandriye espòtif entènasyonal yo. Anplis de sa, li mete aksan sou ranfòsman koperasyon entènasyonal yo, devlopman jenès la ak sivis, ansanm ak reyabilitasyon enfrastrikti espòtif yo atravè peyi a.
Nouvo nimewo 1 MJSAC la fè konnen ane 2026 la se yon ane chantye pou ministè a, pandan li asire travay la pap kanpe. Li lanse yon apèl pou inite ak tèt ansanm, pou pèmèt sektè jenès, espò ak sivis la devlope epi reyalize tout objektif yo nan peyi a.
Minis Dumas Pythagore remèsye Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé pou konfyans li plase nan li, epi li rann omaj ak ansyen minis Niola Lynn S. D. Octavius pou travay li te reyalize pandan manda li nan tèt ministè a.
Gérald Bordes
