Si n ap kwè sa k ap di sou entènèt la, se tanpliye yo k ap dirije monn nan depi prèske mil lane. Se mason lòj yo ki chwazi kilès k ap prezidan. Epi nan se nan yon chanm fè nwa kèk nèg ki ak rad men longè sou yo ap deside ki pri gaz la dwe vann, rezilta eleksyon, menm vye blokis yon lendi granm maten la a nan dèlma.
Poutan pou ayisyen an koze sosyete sa yo se pa bagay moun ta menm bezwen pale sou yo. Se bagay ki nòmal pou yo, yo fè pati peyizaj nasyonal la depi plizyè jenerasyon. Nan lekòl, nan bouk nou yo, chak moun konn yon ougan, yon manm yon lòj oswa yon inisye, si li pa konn youn an verite li konn on moun ki konn youn.
Nan peyi Dayiti genyen yon bagay tout sosyete kache yo pataje, yo pat janm kache vre. Tout moun konnen yo egziste, yo la, men pè pap pa ka di kisa yo fè vre, men poutan chak moun genyen yon istwa pou l rakonte. Nan chak katye w ap toujou jwenn yon moun ki konn yon moun ki ale nan reyinyon mistik kache sa yo. Men kou w mande plis detay temwen an jete l. Sosyete kache nou yo sanble jwenn sekrè ki rele sekrè a mesye dam : parèt ase pou moun wè yo, pou radyo djòl ka pale, men kache ase tou pèsòn pa kapab verifye istwa yo.
Pouvwa yo di yo genyen an, kit yo genyen l vre, kit se pa vre li travèse listwa nou. Soti nan seremoni voudou revolisyon ayisyen pou rive nan mason lòj se depi lontan y ap rasanble elit peyi a. Fwontyè ant espirityalite ak rezo moun ki gen pouvwa te toujou on bagay moun pa janm kapab fin konprann.
Reyalite sa a jwenn rasin li nan listwa kolonizasyon nou. Pou yo pat mouri anba men kolon, afriken yo te depòte Sen Domeng yo devlope anba anba yon fòm òganizasyon pou prezève kilti yo. Yon envante yon kokenn chenn estrateji rezistans relijye : senkretis la. Ak on ti souri chat nou kapab di se premye operasyon mèt dam ki reyisi nan peyi Dayiti reyisi. Sen katolik yo, se yo ki nan vitrin yo, poutan se lwa yo ki pa dèyè k ap jere boutik la. Dèyè lavyèj Mari inisye yo di w se Ezili. Dèyè lòt sen ou jwenn Ogou, Danmbala elatriye.
Men koze rezo an kachèt anba chal sa, koze fè sekrè sa se pa Ayiti sa soti sèlman. Depi plizyè syèk lòm te déjà koumanse ak koze sa. Men pami tout sosyete kache ki genyen nan listwa limanite pa gen okenn nan yo ki fè moun pale de yo plis pase tanpliye
Tanpliye : zansèt sa yo ki te konn mare tout kalte konplo
Nan epòk mwayen aj, tanpliye yo te genyen pou misyon pwoteje moun ki te konn pral fè pelerinaj Jerizalèm. Byen rapid yo vin tounen sòlda, direktè bank, diplomat, jesyonè pil richès. Lè yon òganizsyon genyen tout pouvwa sa nan men l, genyen yon kesyon ku toujou vini sou tab la : kiyès k ap kontwole sila k ap kontwole tout moun yo? Wa Lafrans ansanm ak pap la reponn nan fason pa yo : kòd, bwa kale. Menm si tanpliye yo disparèt sou papye yo derefize soti nan lespri moun. Depi lè a yo tounen gran zansèt prèske tout teyori sou konplo modèn ki genyen.
Mason lòj ayisyen : respè, politik ak mistè
Pandan lontan fè pati yon lòj masonik nan peyi Dayiti se te siy gwo estati sosyal. Prezidan, entèlektyèl, biznismann, notab, tout te patispe nan koze a. E menm jan ak tout òganiszasyon kache nan peyi Dayiti, li obeyi ak yon lwa inivèsèl : plis moun ki pa nan sen yo paka konn anyen sou yo, se plis imajinasyon moun sa yo ap travay. Lakay nou depi yon batiman genyen on senbòl dwòl sou li, depi l manke genyen 3 poto dekorasyon devan l w ap toujou jwenn on moun k ap di « bagay sa pa klè menm menm. »
Pou kantite istwa ki genyen sou mason lòj nou pa fouti ka konte. M t ap tande yon dam ki t ap rakonte, ke genyen yon moun ki t ap di ke pandan l nan yo bis, bandi rantre tonbe fouye moun yo. Mason lòj la nik di yon priyè epi yo fouye tout moun, lè yo rive kote l chita yo pa wè si li monte si li desann, li disparèt. Kon vòlè yo desann bis la miche re parèt. Gen lòt moun ankò ki t ap di lè venerab lòj la mouri avan yo antere li fòk yo koupe lang li. Si se pa sa si yo rele l nan tab tounant l ap bay sekrè lòj la.
Nan koze lanmou menm se pa pale. Genyen manman, grann, ki toujou ap di pitit fi yo fi : piga! Piga w bay mason lòj lanmen! Si w gen malè ou bay youn lanmen la pou la yo mare w. Wa sove kite kay la, menm touyem pou w al jwenn nèg la. Li mèt ap touye w ak baton ou pap ka kite l, wa mache goumen ak mezi fanm ki gade l, si l kite w menm wa touye tèt ou. Se sèl si li pa vle w ankò la demare w wa kapab kite l.
Sosyete kache vodou yo : espirityalite oswa bèl istwa
Sosyete vodou yo depi lontan, te toujou jwe sou plizyè teren : yo pwoteje manm nan kominote yo, yo fè moun ki nan kont chita pale, yo pataje konesans e tou yo ede sosyete a kanpe djanm.
Genyen ladan yo tankou chanpwèl yo menm yo genyen plas apa nan fòlklò ayisyen an. Gen de zòn yo di w minwi se lè moun sa yo, se yo ki fè lwa, e kote yo pase yo bwote tout sak sou wout yo. Malè ak nanm bandonnen ki nan lari lè tanbou yo ap frape byen lwen.
Chaje on pakèt istwa sou bagay sa yo, e chak istwa pi anraje pase lòt. Tankou la nenpòt ti frekan ou fè ak on ougan la depi l rale mouchwa l nan pòch li li pran zonbi w. Sa ki pi grenn nan bouda yo yo menm le swa yo transfòme an bèf, chen, chat, pou yo pran lari. Genyen ki menm konn bay fanmi yo pou yo kapab genyen lajan ak pouvwa.
Kit se verite, kit se lejann, istwa sa yo di yon bagay ki enpòtan anpil : nan Dayiti, pouvwa pa sèlman politik ak lajan. Li senbolik tou. Moun ki kapab fè moun pè genyen yon pouvwa tou. Nou genyen yon kokenn chenn talan : transfòme yon senp istwa an yon lejan nasyonal nan mwens pase 48 è. Pafwa nan mwens tan toujou. Ak whatssap menm kounya, se 1, 2, pap pa dap, prèske 8 minit.
E eritaj sa menm konn rive nan piwo tèt Leta. Francois Duvalier rete pi gwo egzanp lan. Papa dòk konprann byen bonè ke ougan yo se pa sèlman gid espirityèl yo ye. Yo konn analiz sosyete byen tou.Yo tande anpil tripotay, yo konn anpil sekrè moun e se sak fè avan tout moun yo gen tan konnen ti chemen ki tounen maleng. Dapre anpil temwayay rejim papa dòk la itilize gwo rezo sa, pou l kapab veyepopilasyon an. Tanp vodou yo nan bagay sa, vle pa vle konn tounen gwo pòs pou etidye sosyete a.
Temwayay yon doktè dyapora : ougan, mason lòj ak teyat
Ann fè on kite lejann lòt moun. An nou tounen nan mistè pa nou. Kòm doktè ki soti nan dyaspora mwen te genyen chans pou m gade sosyete kache nan Aken, se pa nan liv, men nan sal konsiltasyon m. Mwen rankontre, konsilte e bay kit se ougan, kit se mason lòj laswenyay. Yo te pwomèt mwen mistè, poutan sou tab egzamen an son moun mwen jwenn : poul, tansyon ateryèl, kèk doulè ki la depi lontan, ak menm pè lanmò ki lakay tout moun nan.
Dèyè seremoni, senbòl ak gran panpa yo mwen souvan wè menm kout filè ak lòt kote yo. Sekrè a pa vann pou kont li. Fòk gon vwa ki ka fè w fremi ki rakonte l, yon kout je dwòl, yon balèn ki limen bon kote a e sitou yon silans ki tèlman long ke l gen tan bay imajinasyon vizitè a tan pou l fè rès travay la. Gran mèt la li menm ke l ta mete sou li yon tòj, oswa yon mouchwa wouj, li se yon bon aktè avan tout bagay.
Kite m konfese nou yon peche pwofesyonèl : renmen konnen. Pandan ane yo ap prale, mwen pase twa ti kondisyon. Nou mèt poze, se pa bagay malfektè. Ti angajman tou piti ant ayisyen ki genyen lespri.
Premye aranjman : tonton m Prevent ougan nan zangle
Premye kondisyon an se ak tonton m Prevent Castor mwen pase l. Mwen t ap inisye li nan mayetizè, li menm li t ap ban mwen kèk sekrè nan vodou. Prevent son nèg ki tèlman rakonte lejann yo ak serye ke li parèt pi fò pase pwofesè inivèsite. Li sèmante 77 fwa 7 fwa ke l pase 3 mwa ap inisye ak lwa Agwe nan yon vil anba lanmè. Jan l ap dekri kote a w ap mande tèt ou si lwa agwe pap jere yon sit touris pou moun ki genyen lajan anba lanmè a soti Aken pou rive Atantid.
Li tèlman bay detay ke gen moun apre yo fin tande l ki prèske regret yo pat mande miche adrès la oswa pri biyè ale tounen an.
Dezyè aranjman : Merisil Isaac, ougan ki soti Miyami
Dezyèm kondisyon an se ak Merisil Isaac mwen pase l, pi gwo ougan nan zòn nan. Kondisyon nou an te byen senp. Mwen ap ba li tretman ak medikaman ki soti Miyami, se yo li vle menm, e sa te enpòtan pou li anpil. Epi li l ap banm ti kras pa ti kras kèk sekrè nan vodou.
Men Istwa Merisil la pi tèt chaje pase pa tonton m nan. Li toujou ap di apre lanmò l nan Miyami nanm li soti an kachèt nan Florid pou al reviv Aken, kote li ap rekoumanse viv dezyèm vi li.
Koze mande chèz, men tou gon kesyon li mande ki pou poze ; Èske nanm yo lè yo mouri dwe pase nan imigrasyon avan yo rantre nan peyi a ? Merisil sanble fè sa pèsòn moun ki vivan pa kapab fè jodiya san pase pil peripesi : rantre nan peyi Dayiti san biyè, san pase imigrasyon ayopò a.
Twazyèm aranjman : zanmi m mason lòj ak ti Albert
Twazyèm aranjman se ak yon zanmi m ki mason lòj mwen pase sa e gras a Dye miche ap viv toujou. Pou l ban m kèk sekrè nan masonri li pa mande m ni lò ni sakrifis. Li te sèlman vle yon liv. Mwen kòmande l sou amazon pou li. Li difisil wi pou w santi w inisye nan yon lòj ki genyen milye lane depi li egziste lè konesans mistik kache a vin jwenn ou pa lapòs ak yon nimewo ki pou idantifye l.
Ebyen liv m ap di nou an se ti Albert, yon trete ke yo di ke gran Albert te ekri. Liv sa plen resèt maji ak alchimi. Pandan m ap li l la mwen konprann kote on pati nan sekrè a soti. Menm liv sa si yon nonm ki ka fè w pè ak je l ap li l byen fò nan yon pyès fè nwa li tounen yon pouva. Si w ap li l ak pijama w sou ou yon dimanch maten tas kafe w nan men w li tounen yon liv ki genyen vye resèt dwòl.
Nan twa aranjman sa yo mwen fini pa konprann ke ni Prevent, ni Merisil, ni zanmi m nan ki mason lòj pa t ap renmen konnen : pi gwo sekrè sosyete kache yo se ke genyen plis sikoloji nan bagay la pase maji.
Poutan malgre tout sa w tande yo sosyete sa yo genyen bon jan esrikti solidarite ladan yo. Yo te kreye pandan epòk esklavaj la pou yo kapab prezève tradisyon nou yo kolon blan an pa t vle wè a ak pou prepare rezistans. Yo sanble te patisipe nan mouvman ki ba nou endepandans. Nan andeyò nou yo jouk jounen jodiya yo se kote moun soutni youn lòt, yo fè moun chit pale, yo pwoteje popilasyon an kote ki pa genyen enstitisyon Leta oswa kote enstitisyon Leta yo pap mache byen.
Men lè w byen gade yo anvi sanble ak vye tonton nou genyen nan fanmi nou yo. Tout moun konnen yo la. Chak moun konn on moun ki konn youn. Pèsòn pa konnen kisa y ap regle vre. Men depi on istwa dwòl ap pale nan kanton an non yo toujou lonmen nan koze a.
Pou nou fini
Sosyete kache yo pale nou mwens de moun ki gen pouvwa ke de difikilte nou genyen pou nou aksepte ke nou ka pa konnen tout bagay, e sa ki fè lavi nan sosyete. Ant kwè ke genyen yon fòs kache k ap dirije monn nan oswa dakò ke listwa genyen erè, deblozay, lanbisyon, enterèt ki pa mache youn ak lòt e tou erè lòm, anpil moun pito imajine ke genyen reyinyon kache k ap fèt a minwi.
Gwo toryan yo toujou ap akize k ap mare konplo yo vin plis tounen senbòl kote chak moun wè laperèz ak lespwa ke yo vin mèt monn nan. Nan peyi Dayiti moun ki panse l mèt dam nan son gwo nèg ki pa konnen ke genyen yon lòt pi gwo nèg pase l ki ap dirije jwèt la. Paske tout kote, nan lajan, relijyon, lasyans, politik, lapolis ak menm inivèsite toujou genyen moun ki sanble ak moun sa yo. Se toujou menm sa yo ki genyen pouvwa ak volonte genyen pou òganize sosyete a.
Sa ki ta vle fè kwè bagay sa la depi sou Wòm oswa Babilòn, se pa paske genyen yon sosyete kache ki travèse milye lane e ekri chak pakou li, men pito paske toujou genyen kèk lide ak senbòl ki derefize chèche yon kote yo chita. Pa gen bagay ki ka deranje plis pase lè menm aksyon yo toujou ap repete tout tan.
Pou m repete pwofesè filozofi m Jean Claude, yon peyizan ki rantre Pòtoprens, byen vit l ap sispann wè lougawou k ap vole a minwi : paske ekleraj kouran bay la kraze karyè moun k ap vole. Se menm jan, yon menm edikasyon, ki gratis ti cheri, layik e ke Leta oblije tout moun pran t ap devlope lakay ayisyen lespri kritik ki t ap ede nou chase vye demon nou yo kit yo egziste vre kit se nan lespri nou yo ye.
E si kèk manm plizyè sosyete kache ki twouve yo nan mòn kabrit ak tòj sou yo ap kontwole monn nan, enben ke yo kòmanse fè mirak ki sanble ak sa yo ap plede di sou yo a : jere sikilasyon Pòtoprens lan. Ayisyen se sen Thomas yo ye se lè yo wè yo kwè. Nou vle wè kamyonèt yo kap woule youn dèyè lòt, moto ki pap pran twotwa, chofè ki respekte limyè wouj ak blokis ki leve depi avan 8 è nan maten.
Jou sa ap fèt la, n ap pare pou nou kwè nan tout bagay : sosyte kache, lougawou, e tou nan yon administrasyon kote chak dosye ap jwenn wout yo san pa gen mirak ki fèt. Men pou kounya nou kontye panse ke pwoblèm lèzòm genyen yo se pa maji ki rezoud sa men, edikasyon, konpetans, òganzasyon, ak jan lidè relijye ayisyen yo te di l lè konferans nasyonal ki te fèt 29 me 2026 la, soti nan priyè pase nan aksyon.
