Ochan pou twa akademisyen Akademi Kreyòl Ayisyen an

Nan lansman mwa lang ak kilti kreyòl ki te fèt nan otèl Le Plaza nan dat 6 oktòb ki sot pase la a , Akademi Kreyòl Ayisyen an wete chapo l byen ba pou onore twa potomitan ki goumen pou bay lang manman an anpil jarèt. Se Akademisyèn Adeline Magloire Chancy, akademisyen Pauris Jean Baptiste, ansanm ak akademisyen Pierre Michel Chéry. Pou prezidan AKA a Rogeda Dorcé Dorcil twa ( 3) akademisyen sa yo pote labanyè pou drapo lang kreyòl la monte pi wo.

« Konsa, AKA pwofite okazyon lansman selebrasyon mwa lang kreyòl 2023 a pou li monte drapo ochan pou twa (3) pami fanm ak gason vanyan, twa (3 ) manm Akademi kreyòl Ayisyen an ki pote labanyè pou drapo lang kreyòl la monte pi wo" daprè Rogeda Dorcé Dorcil  AKA vle onore twa ( 3) pèsonalite sa yo pou kalite travay yo fè pou pwomosyon lang manman an

« Akademisyèn Adeline Magloire Chancy : Manm Akademi Kreyòl Ayisyen depi 2014. Li okipe plizyè gwo fonksyon nan peyi a : Sekretè d Eta Alfabetizasyon, Minis Kondisyon fanm, Atache kiltirèl nan plizyè òganizasyon nan peyi etranje bò kote kominote ayisyen an, sitou nan peyi Kanada kote li t ap viv pandan yon bon tan.  Onè ak ochan pou ou, Akademisyen Adeline Magloire Chancy. »

Rogeda Dorcé Dorcil prezidan AKA a nan diskou li a Rosilia François Corneille  te li  fè elój tou  pou  akademisyen Pierre Michel Chery, otè «Eritye Vilokan », «Pèleren », «Bèbè Gòlgota » pou li site sa yo sèlman. Pou prezidan AKA a , Pierre Michel Chéry se yon akademisyen ki pa danse kole ak fenomèn dekreyolizasyon " Pimich, jan kòlèg Akademisyen yo rele li a, yon womansye ayisyen ki ekri an kreyòl sèlman, se manm Akademi Kreyòl Ayisyen depi 2014. Se yon Akademisyen ki pa danse kole ak « dekreyolizasyon ».  Pou li ka konbat fenomèn sa a,li patisipe nan plizyè seyans fòmasyon pou ede divès gwoup sosyopwofesyonèl tankou jounalis, pwofesè kreyòl ak òganizasyon sosyal, gen bon jan zouti pou yo pi byen itilize lang kreyòl, san eentèferans ». 

Seremoni lansman jodi 6 oktòb la, se okazyon tou pou AKA voye boukèt omaj pou yon Akademisyen anpil moun konnen. Divès Kout flach sou pwovèb ayisyen yo, Nan lonbraj linonsans, Boukèt lespwa, Zig lavi, pou nou site sa yo sèlman, sifi pou fè nou sonje non Jean Pauris Jean Baptiste, yon plim e ank touchatou ki pa pote plim li pou bèl lank.Li te rann omaj ak kokenn chenn pèsonalite sa a ki te dirije Akademi Kreyòl Ayisyen an pandan yon bon ti bout tan.

« Pauris pote gwo gwo kontribisyon nan anrichi patrimwàn literè lang kreyòl la nan domèn pwezi, woman ak nouvèl. Nan lane 1985, avèk woman « Nan lonbray inosans », Pauris te dekwoche Prix Deschamps, yonn nan pi gwo distenksyon literè nan peyi Ayiti. AKA bay Akademisyen Jean Pauris Jean Baptiste ochan tou kòm premye Prezidan Akademi Kreyol Ayisyen soti 2014  rive 2018. Onè ak Ochan pou Prezidan Pauris. "

Rogeda Dorcé Dorcil te pwofite pou remesye  nan non Akademi Kreyòl Ayisyen an pou  salye prezans ak patisipasyon tout moun, tout sektè, tout enstitisyon, nan lansman mwa lang ak kilti kreyòl la. Soti 6 pou rive 26 oktòb 2023, Akademi an ap òganize divès aktivite: konferans, tablewonn, nan Laprès, nan lekòl ak nan inivèsite nou yo. Akademi an ap gen opòtinite pou li prezante Dezyèm Rezolisyon sou òtograf Lang Kreyòl Ayisyen an bay piblik la ofisyèlman. Se yon aktivite ki nan lis inisyativ AKA ap pran pou li vanse nan mete zouti sou chantye estandadizasyon lang nan. AKA envite nou patisipe nan tout aktvite li yo.

 

Schultz Laurent Junior

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

1 COMMENTAIRES