Écrire à la rédaction
Radio Pacific 101.5 fm
Tribune

Support and Withdrawal: Yon teknik demode men ki toujou alamòd

Support and Withdrawal: Yon teknik demode men ki toujou alamòd

Écouter l'article

Parapo ak sanksyon Lèzetazini pran kont ansyen prezidan ayisyen Michel Martelly pou trafik dwòg ak blanchiman lajan atik sa ekri nan lide pou eksplike tewori Support and Withdrawal epi montre se pa premye fwa ameriken yo ap aplike teknik sa ki se apiye yon politisyen. Men yon fwa politisyen sa pa itil yo anko yo jete l nan poubel ak dosye yo gen spou li.

Depi aprè dezyèm Gè Mondyal la Etazini jwe yon wòl kontwovèse nan politik mondyal la. Youn nan estrateji yo itilize souvan se sipòte lidè politik koronpi nan plizyè rejyon nan mond lan, espesyalman nan Amerik Latin, Afrik, ak Azi, pou anpeche ekspansyon kominis lan epi pwoteje enterè jeyopolitik ak ekonomik yo. Sepandan, yon fwa lidè sa yo pa itil oswa yo vin yon chay pou yo, Washington pa ezite retire sipò l ak lidè sa yo. Nan ka Ayiti,

relasyon Etazini ak dirijan ayisyen yo te toujou make pa yon modèl apwi ak retrè. Yon teknik ki byenke li sanble demode paske tout moun ki gen kilti politik konnen l, men li toujou itilize kòm yon zouti politik estratejik nan politik etranje ameriken yo. Istwa Ayiti plen ak egzanp kote Etazini bay gwo sipò ak kèk lidè men retire sipò sa a lè enterè yo chanje. E denye ka Support and Withdrawal se Michel Joseph Marytelly.

 

Doktrin Kontansyon an (Doctrine of Containment)

Pandan Lagè Fwad la ki te opoze Etazini ak Iniyon Repiblik Sovyetik Sosyal pi gwo kè sote ameriken yo se te pou anpeche ekspansyon ak enfliyans Iniyon Replik Sovyetik Sosyalis nan mond lan. Se nan objektif sa diplomat George Kennan ta pral vini ak Doktrin Kontansyon ki di ke Etazini dwe sipòte nenpòt gouvènman ki opoze ak kominis kèlkeswa nati otoritè oubyen nivo koripsyon l. Apwòch sa a te jistifye sipò ak diktatè malgre yo t ap vyole dwa moun e mare sosis yo ak tout pratik koripsyon.

Nan Amerik Latin, pa egzanp, Etazini te sipòte lidè tankou Fulgencio Batista nan Kiba, Anastasio Somoza nan Nikaragwa, ak Rafael Trujillo nan Repiblik Dominikèn. Politisyen sa yo te karakterize pa koripsyon endemik, represyon brital ak yon tip gouvènman otoritè. An echanj pou fidelite yo nan lit kont kominis lan, lidè sa yo te resevwa asistans militè, finansye, ak politik nan men Washington.

 

Ka Sipò ak Abandon

Ka Fulgencio Batista nan Kiba se youn egzanp ki eksplike kle kou dlo kok tewori Support and Withdrawal. Batista, ki te dirije Kiba avèk sipò Etazini te fon nan koripsyon ak represyon. Men Washington te sipòte l paske l te nan enterè ameriken yo, espesyalman sa ki gen rapò ak komes ak ekonomi kiben an, ki te trè lye ak kapital ameriken. Sepandan, lè Batista te kòmanse efondre anba presyon revolisyon ki te dirije pa Fidel Castro Etazini te rapidman retire sipò l epi kite Batista san resous nesesè pou te fe fas ak Guerrilleros pou te kenbe pouvwa a. Yon lòt egzanp notab se Ngo Dinh Diem nan Vyetnam di Sid. Diem, yon lidè otoritè epi kowonpi, te sipòte okòmansman pa Etazini kont kominis ki t ap devlope nan nan zon Azi Sidès la. Men yon fwa Diem te vin tounen yon obstak pou ameriken yo te atann objektif yo nan Vyetnam yo te sipòte taktikman yon koudeta militè kont li an 1963 epi touye  l.

 

Entèvansyon ak Sipò Diktati

Istwa modèn Ayiti parapò ak Etazini ka remonte depi okipasyon ameriken an 1915. Yon peryòd kote Washington te chèche asire enterè ekonomik ak estratejik li nan Karayib la. Sepandan, youn nan epizòd ki pi reprezante tewori Support and Withdrawal se pandan deseni 1950 ak 1960 ak diktati François Duvalier.

Duvalier ki te pran pouvwa an 1957 te etabli yon rejim kowonpi epi ki te dirije ak yon men fè. Li te sèvi ak milis Tonton Makout pou te kenbe yon kontwòl absoli, kraze tout tantativ rebeliyon e piye resous peyi a. Malgre nati represif ak koripsyon gouvènman li an, Etazini te sipòte l sitou poutèt pozisyon antikominis li pandan Lagè Fwad la.

Lojik Washington te klè: kenbe Duvalier sou pouvwa te sèvi kòm yon baryè kont ekspansyon kominis nan Karayib la, espesyalman aprè monte Fidel Castro nan Kiba an. Etazini te bay Duvalier asistans finansye ak militè, malgre vyolasyon masiv dwa moun ak povrete ki te ogmante nan peyi a. Men nan kòmanseman ane 80 yo Etazini te kòmanse pran distans ak Duvalier. Chanjman nan pozisyon sa a te an pati akòz presyon entènasyonal epi an pati paske yo te santi ke Jean Claude Duvalier ki ki te ranplase papa l p at ka kenbe estabilite a nan peyi a. An 1986, lè pwotestasyon kont gouvènman an te ogmante epi sitiyasyon an te vin ensoutenab, Etazini te fasilite sòti Jean Claude Duvalier nan peyi a, pote l an ekzil nan peyi Lafrans.

 

Michel Martelly pase nan menm woulo a tou

Pa gen dout nan sa ke Michel Joseph Martelly se youn nan figi ki make politik peyi a pandan 10 dènye ane yo. Arive l sou pouvwa a an 2011 montre kijan Etazini ka sipòte yon kandida epi fè l vin prezidan san pèp la pa menm vote l. Martelly alyas "Sweet Micky" akòz karyè li kòm chantè konpa te antre nan politik kòm yon outsider. Ki vle di se pa yon moun ki t ap fe politik aktivman deja. Nan eleksyon prezidansyèl 2010-2011, li te parèt kòm yon kandida popilis nan simaye pwomès chanjman ak estabilite nan peyi a ki te devaste pa tranblemanntè 2010 la ak yon deseni koripsyon ak move gouvènans.Pwosesis elektoral ki te mennen Martelly sou pouvwa a te make pa kontwovès ak akizasyon fwod. Puiske selon plizye temwanyaj, pami yo, ansyen senatè Joseph Lambert, Sauveur Pierre Étienne ak Louis Opont ki te direkte Konsey Elektoral Pemanan an alepok te di Martelly  p at kalifye pou dezyèm tou eleksyon yo. Men aprè gwo presyon e entèvansyon Òganizasyon Eta Ameriken yo (OEA) avèk yon sipò Etazini yo te revize rezilta yo epi yo te enkli Martelly nan dezyèm tou a, kote li ta pral finalman ranpòte eleksyon prezidansyèl yo sou Mirlande Manigat.

Pandan manda l la (2011-2016), Michel Martelly te montre l kòm yon lidè otoritè e li te akize pou koripsyon ak gouvène atravè dekrè epi afebli enstitisyon demokratik yo. Administrasyon l lan te make pa yon mank transparans nan itilizasyon fon piblik la, espesyalman nan jesyon pwogram Petrocaribe a, yon akò koperasyon enèjetik ak Venezyela, ki te bay Ayiti petwòl ak pri sibvansyone. Gwo kantite lajan nan fon sa a te disparèt, sa ki te alimante pwotestasyon masiv pou mande kote lajan sa pase. Malgre gravite akizasyon sa yo ak ogmantasyon ensatisfaksyon popilè, Etazini te kontinye sipòte l. Martelly te fè fas ak ogmantasyon pwotestasyon ak yon kriz politik ki te koze pa ranvwaye eleksyon lejislatif yo ak sispansyon eleksyon prezidansyèl 2015 la akoz akizasyon fwod. Presyon entèn ak entènasyonal te ogmante, e Etazini, byenke li te kontinye enplike, te kòmanse pran distans ak Martelly lè yo te wè ke rete l sou pouvwa a te vin ensoutenab. Finalman, an 2016, Martelly kite pouvwa a san yon siksesè ki sòti nan eleksyon. Eritaj Martelly se koripsyon ak feblès enstitisyonèl. Administrasyon li an non sèlman p at rezoud pwoblèm kwonik Ayiti yo, men tou li te agrave yo nan plizyè aspè. Mank transparans, koripsyon endemik ak abi pouvwa te karakterize tan li sou pouvwa a. San bliye l te kite Ayiti pi divize e vilnerab.

Ka Michel Joseph Martelly se yon egzanp resan nan modèl Support and Withdrawal ki karakterize relasyon Etazini ak lidè politik ayisyen yo ki malerezman manke kapasite entèlektyèl ak lekti sou relasyon entènasyonal pou konprann kijan grand puisans yo aji. Gen moun ki te panse tip de estrateji sa demode avèk disparisyon Iniyon Repiblik Sovyetik Sosyal. Poutan pil sanksyon sa yo ke yo pran kont Michel Martelly a se prèv ki montre ke Etazini toujou prè pou l sipòte nenpòt vèditè depi l jwenn enterè l. Paske malgre Martelly te di a plizyè repriz ke l te konn vann e pran dwòg, afiche yon konpòtman deliran e manda l la te make pa koripsyon ak move jesyon Etazini te toujou sipòte l. Men depi 2022, yo kòmanse ap maniganse pou rale dosye nan tiwa pou montre ke Martelly se yon dilè dwòg poutan yo te gen tout palmarès li men yo p at janm fè anyen.

 

Leson pou nouvo lidè politik yo tire

Se vre premye objektif tout politisyen se pran pouvwa a. Men nan yon peyi kou Ayiti pran pouvwa a se pa bagay ki fèt sèlman ak pwogram paske non sèlman pa gen anpil moun ki vote nan eleksyon yo, sektè prive a ki mete gwo lajan pou bouste kandida ki reprezante enterè pa l. Men tou gen enjerans palpab pandan 20 dènye ane yo ki koz eleksyon yo se FEK (Frans-Etazini-Kanada) ki kontwole kiyès ki pi byen plase pou vin prezidan. Men malgre sa politisyen yo prè pou fè kontra menm ak dyab pou gen pouvwa. Si n  dakò peyi a bezwen yon lòt fòm lidèchip, fò n kòmanse koupe fache ak mòd pratik sa ki mete blan an osant tout gran desizyon k ap pran pou peyi a.

 

Claudy Bastien, pwofese, konsiltan, espesyalis nan kominikasyon politik.

1 commentaire

Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.

Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.

Se connecter Créer un compte

Karl Billy NELSON

Mwen edifye pwofesè Bastien!🙌🏽

À lire également

Toute la rubrique Tribune

Alertes du National

Recevez une notification sur votre téléphone ou votre ordinateur dès qu'un article paraît dans les rubriques de votre choix. Gratuit, sans inscription.

Rubriques à suivre