Deklarasyon Rezo Emisferik pou Dwa Migran Ayisyen sou ogmantasyon nivo vyolans an Ayiti epi mande pwoteksyon pou migran ak moun k ap chèche azil
Écouter l'article
Nou se manm Rezo Emisferik pou Dwa Migran Ayisyen (REDMA) yo, yon kowalisyon transnasyonal lidè ki ap travay sou dwa migran ayisyen ak òganizasyon ki genyen ayisyen k ap dirije yo nan kad batay pou dwa refijye ak migran ayisyen yo. Nou gen manm rezo a ki baze nan 13 peyi nan emisfè lwès la, pami yo Ayiti. Jodi a, vyolans an Ayiti ogmante dramatikman, sa ki lakòz plis moun bezwen yon refij kote yo an sekirite. Malgre pèsekisyon ak vyolans ki ogmante epi ki gaye toupatou an Ayiti, plizyè peyi nan emisfè a kontinye repouse epi diskrimine ayisyen k ap chèche refij nan teritwa yo. Nou ap mande pou vwazen nou genyen nan rejyon an respekte dwa migran Ayisyen yo ak sila yo ki ap chèche refij.
Pandan plizyè ane ki sot pase yo, gwoup ame yo teworize popilasyon Ayiti a ak vyolans epi ensekirite. Sa lakòz moun yo deplase kite kay yo, alafwa anndan peyi a epi tou atrave fwontyè yo. Vyolans sa te ogmante nan fen mwa fevriye 2024 la, ak gwoup ame yo ki t ap sible yon seri enstitisyon enpòtan, tankou ayopò, pò, ak komisarya lapolis. Depi kòmansman ane 2024 la rive fen mas, anviwon 2,500 moun mouri oswa blese akoz vyolans gwoup ame yo. Plis pase 360 000 moun deplase anndan peyi a. Peyi a te anba yon etadijans pou plis pase de mwa. Vyolans fèmen lekòl, mache, ak lopital pandan kidnapin ak asasina nan tout enpinite, epi vyolans seksyèl fè laperèz anvayi lavi pèp ayisyen an chak jou.
Sa fè nou anpil lapenn pou nou wè plizyè peyi tankou Repiblik Dominikèn, Etazini, Bayamas, ak Zile Tik ak Kayikòs, mete pinga pou Ayisyen yo pa antre sou teritwa yo san papye, epi kontinye ak rapatriman yo, depòtasyon yo, nan yon moman kritik konsa. Aksyon sa yo vyole obligasyon peyi sa yo genyen pou pa refoule moun ki ap chèche refij. Desizyon gouvènman ameriken an te pran pou depòte plis pase 50 moun an Ayiti nan avyon, jedi 19 avril la, mwens pase yon semèn apre Etazini te fin òganize vòl pou retire pwòp sitwayen li yo nan peyi a, pandan ayopò entènasyonal Pòtoprens la rete fèmen, se yon desizyon chokan nan fason li ensansib, deprave epi ipokrit. Gouvènman Etazini an voye Ayisyen sa yo nan yon nivo danje yo te twouve inakseptab ak ensipòtab pou pwòp sitwayen pa yo. Repiblik Dominikèn fèmen fwontyè ayeryen ak terès li genyen avèk Ayiti, alòske depòtasyon yo pa kanpe. Depòtasyon sa yo, ak rapatriman 65 ayisyen Ameriken yo te fè jou ki te 12 mas la, epi rapatriman 263 ayisyen Bayamas te fè nan bato 20 mas la (yon mezi altènatif yo te pran paske vwayaj entènasyonal nan avyon yo te sispann sou Ayiti) montre mepri yo genyen pou lavi ak dwa Ayisyen yo. Mezi sa yo vyole obligasyon peyi sa yo genyen pou respekte dwa ak trete entènasyonal yo tou.
Otorite imigrasyon souvan vyole dwa ak diyite pèp ayisyen an nan pwosesis anprizònman ak depòtasyon yo. Jan plizyè òganizasyon ki manm rezo a dokimante, pami yo Gwoup Apui pou Rapatriye ak Refijye (GARR), vyolasyon dwa Ayisyen nan Repbilik Dominiken repete pi souvan nan dènye moman sa yo. Plis pase 250,000 Ayisyen te depòte soti nan Repiblik Dominiken ane pase a. Fanm ak timoun ayisyen yo sibi vyolans ak vyolasyon anba men otorite yo, pami yo otorite imigrasyon. Pandan plis pase de (2) zan, Repiblik Dominiken ap reyalize yon operasyon migratwa byen planifye nan klinik matènite ak lopital kote li sible fanm ayisyen ansent pou anprizònman ak depòtasyon. Nan mwa avril 2024 la, yon ti fi ayisyen katòz (14) an te rapòte yon mesye ki te prezante tèt li kòm yon ajan imigrasyon Repiblik Dominiken vyole li. Nan mwa septanm 2023, yo te arete yon ajan imigrasyon akoz li te vyole yon fanm ayisyen nan prezans pitit gason li ki gen 4 an nan ayopò entènasyonal Las Americas nan kapital Repiblik Dominikèn. Sa yo pa ensidan izole; yo montre zak demounizasyon ak abi sistemik gouvenman dominiken ak otorite imigrasyon yo ap komèt kont Ayisyen.
Nou menm, Rezo Emisferik pou Dwa Migran Ayisyen yo, nou pote revandikasyon sa yo:
Nou rejwenn epi sipòte dènye Lèt Tou Louvri ki soti nan Amnisti Entènasyonal nan kolaborasyon ak plizyè oganizasyon, pami yo Reconocido ak #HaitianosRD, ki se 2 manm rezo nou a, bay gouvènman Repiblik Dominikèn. Lèt la dekri yon pakèt vyolasyon dwa moun k ap fèt kont militan dwa moun, Ayisyen ki ap deplase, ak Dominiken ki se desandan ayisyen. Nou rejwenn apèl sa yo pou gouvènman an sispann depòtasyon kolektif sa yo ak politik migratwa yo ki de fakto rasis.
Nou denonse epi kondane anons gouvènman ameriken an ki fè konnen yo pare pou elaji itilizasyon Guantanamo si gen plis tantativ pou rive nan peyi Etazini nan bato ki soti Ayiti. Haitian Women for Haitian Refugees, youn nan òganizasyon manm rezo a, te gen plizyè moun nan ekip li ki temwen move treman ak vyolasyon dwa moun ki te konn komèt nan lane 1990 yo, lè Etazini te itilize Guantanamo pou kenbe nan prizon plizyè milye Ayisyen ki tap kouri pou vyolans. Pwopozisyon pou elaji itilizasyon baz Guantanamo a – toujou paske yo pè pou pa genyen plis moun Nwa ki rive sou kòt yo – se yon aksyon ki choke kominote Ayisyen-Ameriken an, ak moun k ap defann dwa moun patou nan mond lan. Nan yon ankèt ki fèt 2023 sou tretman Gad Kòt Ameriken an bay minè ki pa akonpaye yo, te gen plizyè ofisyèl Gad Kòt ak ofisyèl imigrasyon ki rekonèt Ayisyen “fè fas ak yon dezavantaj sistematik pou fè pase reklamasyon pou pwoteksyon yo paske prèske okenn moun k ap travay sou bato Gad Kòt yo pa ka pale oswa konprann Kreyòl.”
Nou rejwenn epi sipòte demann manm rezo nou an, Haitian Bridge Alliance, te fè nan yon lèt li te voye bay gouvènman Etazini nan dat 26 mas 2024 la, ki te mande pou gouvènman redeziyen Ayisyen pou Estati Pwoteje Tanporè a, pou yo lage rapid vit Ayisyen yo mete nan prizon imigrasyon, epi tou pou akselere pwosesis pou reyinifikasyon fanmi ayisyen yo ak aplikasyon pou libète imanitè. Nou mande tout gouvènman ki nan rejyon an pou yo elaji imedyatman opòtinite pou reyinifikasyon fanmi yo.
N ap mande gouvènman yo nan emisfè Lwès la pou yo elaji pwoteksyon jiridik peyi yo ofri sitwayen ayisyen yo. Genyen yon ijans pou elaji epi etann estati azil ak refijye, epi tou elaji pwoteksyon kont depòtasyon ak anprizònman. TOUT depòtasyon ak retou fòse dwe sispann.
Nou mande peyi ki te siyen Deklarasyon Cartagena a, pou yo rekonèt sitwayen Ayisyen yo merite pwoteksyon Deklarasyon sa bay yo. Nou akeyi analiz ak rapò ki fèk pibliye pa Sant dwa moun Meksiken an, CDH Fray Matias, ak Klinik Jistis Global nan Fakilte Dwa Inivèsite Nouyòk, ki montre poukisa Meksik dwe bay Ayisyen pwoteksyon refijye anba Deklarasyon Cartagena, yon mannyè pou li kofome l ak obligasyon legal li yo.
Nou akeyi nouvo gid Ajans Nasyonzini pou Refijye yo (HCR) bay sou Konsiderasyon sou Pwoteksyon Entènasyonal pou moun ki ap kouri kite Ayiti, jan li rekonèt gen plizyè kategori Ayisyen ki gen chans pou yo elijib pou resevwa azil daprè konvansyon 1951 sou sa ki gen pou wè ak refijye yo, epi gen yon seri prèv solid sou vyolans jeneralize, vyolans masiv dwa moun, ak lòt sikonstans ki gravman destabilize lòd piblik an Ayiti - sikonstans ki kalifye yon moun kòm refijye selon Deklarasyon Cartagena a. HCR refè menm demann li te fè an novanm 2022 a, kote li te mande pou kanpe depòtasyon yo ak retou fòse an Ayiti. Nou kwè se yon obligasyon pou moun rekonèt Ayisyen ap kouri akoz vyolans ak kondisyon degradan ki te dekri nan gid HCR yo, depi plizyè lane, epi pa gen okenn posibilite pou yo retounen an sekirite nan moman sa, kèlkeswa lè yo te pati.
N ap mande HCR ak Òganizasyon Entènasyonal Migrasyon (OIM) pou yo ranfòse dènye deklarasyon yo ak plis sipò materyèl ak jiridik pou refijye ayisyen nan tout rejyon an. Migrasyon ayisyen an kouvri tout emisfè a, epi li mande solisyon ki gen menm kouvèti jeyografik. Menm jan gen yon Platfòm kòdinasyon Entè ajans Rejyonal pou Refijye ak Migran Venezyelyen (R4V), ki anba kòdinasyon HCR ak OIM, sipoze gen yon mekanis rejyonal pou Ayisyen yo, ki kanpe nan lide pou amelyore pwoblèm pwoteksyon ak sipò Ayisyen ap konnen nan rejyon an. Yon evalyasyon sou bezwen yo ak yon mekanis pou kowòdone finansman pou migran yo, se yon bezwen ki la lontan.
N ap mande moun ki vle fè solidarite ak migran Nwa ak migran ayisyen pou yo kondane konpòtman lese grennen gouvènman peyi yo anvè Aysiyen, epi ekzije yo adopte politik akèy ak pwoteksyon pou Ayisyen. Souvan yo rekonèt epi sonje Ayiti kòm zansèt libète anpil moun — moun dyaspora Afriken an ansanm ak anpil lòt nan Amerik Latin nan. Men nou pa dwe kite angajman nou rete sèlman nan limit souvni sa. Frè ak sè ayisyen nou yo bezwen solidarite, men solidarite sa a pa kapab nan diskou sèlman – li dwe akonpanye ak plis pwoteksyon pou migran yo. Jan migran ayisyen yo ak ayisyen k ap chèche azil yo dekouvri chak fwa, diskriminasyon anti-Nwa ak anti-Ayisyanis pa gen fwontyè. Solidarite nou pa dwe gen fwontyè tou.
Li lè, li tan pou tretman diskriminatwa ak rasis kont migran ayisyen yo sispann epi pou yo trete yo tankou moun ki ap eseye reziste epi chèche lavi pou pitit yo ak pwòch yo. Refijye ayisyen yo pa dwe sibi vyolans ak neglijans ankò.
Lis manm Rezo Emisferik pou Dwa Migran Ayisyen (REDMA) ki siyen deklarasyon sa:
Gabrielle Apollon, Global Justice Clinic, NYU School of Law* (Etazini)
Sharma Aurelien (Kanada)
Ana Maria Belique, Movimiento Reconocido (Repiblik Dominiken)
Katia Bonte, Gwoup Apui pou Rapatriye ak Refijye (GARR) (Ayiti)
Jean Wilnick Cadet, União Social dos Imigrantes haitianos (Brezil)
Myrtha Désulmé, Haiti-Jamaica Society (Jamayik)
Marie Etienne, Haitian Association of Barbados Inc. (Barbad)
Rose Taïna Exant, Haitian Women for Haitian Refugees (Etazini)
Krystina François, City University of New York Graduate School and Baruch College,
Depatman Syans Politik (Etazini)
Fundación Cónclave Investigativo de las Ciencias Jurídicas Y Sociales (CIJYS) (Chili)
Haitian Women for Haitian Refugees (Etazini)
Louby Georges, The Flipside (Bahamas)
Aline Gue (Etazini)
Sam Guillaume, Gwoup Apui pou Rapatriye ak Refijye (GARR) (Ayiti)
Jackson Jean,Programa de Investigación y Extensión sobre Afrodescendientes y Estudios Afrodiasporicos (UNIAFRO/EIDAES/UNSAM) (Ajantin)
Jean Eric Joseph, Associação dos Haitianos na Lomba do Pinheiro (Brezil)
Roudy Joseph, #HaitianosRD (Repiblik Dominiken)
Guerline Jozef, Haitian Bridge Alliance (Etazini)
Colette Lespinasse, Foyer Maurice Sixto (Ayiti)
Victor Louidor, Centro de Derechos Fray Matias de Cordova (Meksik)
Wooldy Louidor, Pontificia Universidad Javeriana (Kolonbi)
Norveline Norvin, Association of Haitian Nationals in Guyana (Giyan)
Wendy Osirus, Conseille de Migrants et de la Diáspora Haitienne International (COMIDHI) (Repiblik Dominiken)
Jean Claude Pierre-Paul, Creolofoni (Kanada)
0 commentaire
Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.
Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.
Se connecter Créer un compte
Aucun commentaire pour l'instant. Soyez la première personne à réagir.