Écrire à la rédaction
Radio Pacific 101.5 fm
Tribune

Antiayisyanis nan Repiblik dominiken : yon mekanis ideyolojik ki garanti monopòl politik ak ekonomik yon ekstrèm dwat dominiken

Antiayisyanis nan Repiblik dominiken : yon mekanis ideyolojik ki garanti monopòl politik ak ekonomik yon ekstrèm dwat dominiken

Écouter l'article

Nou souvan tande Ayisyen ap di : Dominiken pa vle wè Ayisyen. Diskou sa pran chè se an rapò ak tout zak Domínico-haïtianos ak migran ayisyen yo ap sibi nan Repiblik dominiken, sitou lè ajan imigrasyon yo ap pimpe yo tounen an Ayiti. Plizyè rapò enstitisyon dwa moun yo pale de zak sa yo. Medya tradisyonèl yo yo menm, lè yo resi manyen dosye a, konn pwopaje laperèz san mennen okenn ankèt serye. Watson Denis (2020) fè kwè ta gen yon establishment politik nan Repiblik dominiken ki ta gen lide pimpe Domínico-haïtianos ak migran Ayisyen yo tounen an Ayiti (braceros yo, diplomat ayisyen yo ak pitit yo pa ladann). Thomas Lalime (2021) di nou 88 % nan etranje ak pitit etranje k ap viv Repiblik dominiken gen orijin ayisyen ; sa vle di, anviwon 750 000 Domínico-haïtianos ak migran ayisyen sou 848 000 etranje ak pitit etranje. Daprè Amos Cincir (2017), ant jiyè 2015 ak septanm 2017, Leta dominiken rapatriye plis pase 200 000 Domínico-haïtianos ak migran ayisyen. Se kouwè prezans Ayisyen nan Repiblik dominiken ta deranje Leta dominiken an osnon elit politik k ap domine a. Men, èske se toutbon vre establishment politik dominiken an vize pimpe Ayisyen yo tounen an Ayiti ?

Entèvansyon m nan gen de pwen :

  1. Emèjans antiayisyanis la kòm ideyoloji dominant nan Repiblik dominiken
  2. Arè TC 0168-13 Tribinal Konstitisyonèl domiken an soti nan matris establishment politik dominiken an, ki gen monopòl ekonomik la epi ki antretni mekanis pou rann ideyoji antiayisyanis la repwodui tèt li

 

  1. Emèjans antiayisyanis la kòm ideyoloji dominant nan Repiblik dominiken

Anvan 1937, Dominiken ak Ayisyen ki t ap viv sou fwontyè 2 peyi yo te fòme yon kominote tè mele. Sa vle di, dapre Lauren Derby ak Richard Turits, (2021), nan 19èm syèk la ak premye deseni 20èm syèk yo, nan lespri moun ki t ap viv sou fwontyè de peyi yo, kit Ayisyen kit Dominiken, te gen amoni nan mitan 2 sosyete yo. Se te yon konsepyon kanpayonaj lavi a kòmkwa pa t gen fwontyè ki te separe Ayiti ak Repiblik dominiken. Ki fè nou te ka di moun k ap viv sou fwontyè yo fòme yon kominote tè mele, piske yo te panse tèt yo kòm yon sèl sosyete.

Menm jan Ayisyen ak Dominiken k ap viv sou fwontyè yo te konprann tèt yo kòm yon kominote tè mele, lidè Ayisyen 19èm syèk yo te toujou nouri lide pou yo ta rive fè inite politik zile a. Se rezon sa ki te mennen lidè sa yo ( Boyer, Soulouque, Geffrard ) tanmen plizyè konkèt nan pati Ès zile a. Boyer te menm rive okipe pati Ès la pandan 22 lanne (20 oktòb 1820 – 13 mas 1843). Men pou Jean Marie Théodat (2009 : 306), « inite politik zile a pa t posib akoz enkonpatiblite modèl sosyete Ayiti a ak modèl sosyete dominiken yo.  Konsa, sistèm eksplwatasyon a outrans kòd riral 1826 Boyer te enstore a pa t rive ateri nan pati Ès zile a kote moun yo te abitye ak yon sistèm terrenos comuneros », ki vle di terres communales. Sistèm sa te pèmèt Dominiken an jwi byen fonsye yo san twòp pwoblèm. Pa t gen gwo restriksyon ni sou domèn peyizan an ni sou danre l ap kiltive yo, kontrèman ak kòd riral 1826 la ki te enspire l de kaporalism agrè a, ki li menm enspire l de refòm Toussaint Louverture yo an 1796, epi refòm sa yo ki enspire yo de mòd jestyon kolon fransè yo te konn fè de byen fonsye yo anvan ak pandan batay 1791-1796 yo.

Modèl jestyon byen fonsye sa yo te gen an komen pratik grande propriété a ; se yon seri gwo plantasyon kann, kafe, kakawo ak endigo, yon seri vas domèn kote se yon sèl kalte danre yo plante. Pandanstan, kolon yo te atribiye a esklav yo yon ti pòsyon tè pou yo kiltive viv nan lide pou yo siviv. Konsa, esklav la te kontinye asimile lide pou l viv lib la ak lide pou l ta posede ti pòsyon tè pa l kote li kapab plante sa l vle. Yon konsèp libète esklav la pote sou kè l depi anvan kolon yo te kidnape l sòti an Afrik pou rive nan zile Kiskeya, nan kad yon komès an tryang. Konsepsyon sa a akonpaye peyizan Ayisyen an pandan tout 19èm syèk la. Kote, tout lit peyizan yo t ap mennen kont Leta santral pandan 19èm syèk la (Mouvman Goman, Jean-Jacques Accaau, elatriye ) se te nan lide pou yo rive posede ti pòsyon tè pa yo, pou yo kiltive danre yo vle. Kidonk, nou kapab di peyizan Ayisyen an defini tèt li nan petite propriété a. Kòmkwa libète byennèt peyizan an pa posib san yon ti bout tè.

Pandan premye lokipasyon an, marin ameriken yo t ap pral wete ti bout tè sa a nan men peyizan ayisyen yo epi fòse yo al koupe kann nan batey peyi Kiba ak Repiblik dominiken (batey sa yo se pou envestisè Ameriken yo te ye). Chak lanne, plis pase 20 000 peyizan Ayisyen te resevwa kontra travay nan men marin Ameriken yo. Se te premye distribisyon mendèv ayisyen an nan mond la. Nou ka di tou, se te premye vag migrasyon ayisyen. Li pa depaman ak sa n ap viv jounen jodi, kote enperyalis ameriken an enstrimantalize/federe gang yo pou pwovoke tansyon sosyal ak politik nan peyi a, tout pandan Etazini ak Kanada louvri pòt yo pou akeyi yon mendèv tou pare. Ayisyen sa yo ki t al koupe kann nan peyi Kiba ak Repiblik dominiken te vinn konstitiye yon soupwoletarya ki t ap travay tout lajounen pou yon bouda monnen. Suzy Castor (1988 : 102) di nou, piske « peyizan ayisyen an te dwe anpil moun, li pa t ap byen manje epi marin yo t ap vòlè tè yo », mennen yo nan kòve pou granmesi, peyizan an se pati li te wè kòm pòt pou l sòti. Menm apre lokipasyon an, peyizan an te kontinye kite Ayiti pou Repiblik dominiken, pou pwoksimite de peyi yo epi akoz move lavi ki te kondisyone pandan lokipasyon. Se peyizan sa yo ki pral fòme plizyè jenerasyon braceros k ap koupe kann Repiblik dominiken. Souvan, pitit peyizan imigran sa yo t ap rete viv nan batey yo tou.

Rúben Silié (2000 : 28) di nou, « depi gen fenomèn migrasyon masif sa yo, n ap toujou jwenn yo enferyorize imigran an lè yo asiye yon tach esklizif pou li nan sosyete k ap akeyi l la. Se sa ki fè nan ka Ayisyen k ap koupe kann yo, depi yon Dominiken se travay koupe kann l ap fè tou pou l viv, Dominiken parèy li yo di se yon travay ayisyen l ap fè. » Stereyotip sa a, se gouvènman Rafaël Léonidas Trujillo a ki vini avè l. Li te mennen Dominiken yo diskrimine/etnisize Ayisyen yo. Pou nou esplike jan Ayisyen yo te etnisize nan Repiblik dominiken, yon kote nou vanse ak Silié ( ibid.) ki fòmile yon tèz ki di sòlda ak jandam dominiken yo te konn ap plede fè patwouy pou wè si braceros yo pa sove kite batey yo, nan lide pou yo bay presyon epi fè braceros yo kwè y ap pimpe yo tounen Ayiti. Pou Silié (ibid.), presyon sa yo se prensipal mekanis gouvènman dominiken an itilize pou mennen braceros yo aksepte kondisyon yo kòm gwoup etnisize, ki fè moun san papye sa yo te kondisyone nan yon eta ensekirite pèmanan. Men an reyalite, gouvènman dominiken an pa t janm gen pwojè pimpe braceros yo tounen/depòte yo an Ayiti vre. Paske, braceros yo fè pati de pwojè ekonomik elit k ap domine nan Repiblik dominiken an.

Yon lòt kote, nou vanse ak yon tèz Suzy Castor (1981 [1988]) ki pale de masak Perejil ; yon masak ki rive nan moman Ayisyen ak Dominiken t ap viv an pè sou fwontyè a. Daprè Guy Alexandre (2013), masak la pa t vrèman touche braceros yo. Se te pito nan kontèks kote Trujillo t ap chache apwobasyon yon elit nasyonalis nan vann yon lide ki di Dominiken plis moun pase Ayisyen, men l pa t vize kraze monopòl ekonomik elit sa ki chita sou eksplwatasyon braceros yo. Derby ak Turits (2021), yo menm, fè nou konprann masak sa se te yon pretèks pou diktatè dominiken an lejitime karaktè otoritaris ki karakterize politik li a nan je ekstrèm dwat dominiken an. Kidonk, machin pwopagandis Trujillo a te kòmanse fè kwè masak Perejil la se peyizan dominiken ki soulve kont Ayisyen k ap vòlè zannimo nan jaden yo. Poutan, se pa t vre. Se konsa, nan jou ki te 2 oktòb 1937 la, nan kad pwopagand li t ap fè nan lide pou l konsolide pouvwa politik li, Trujillo te fè yon diskou, devan yon foul moun ki te vinn koute l nan lokalite Dajábon, kote li di, m’ap rapòte daprè Castor (1981 [1988]) : 36) : «“Mwen aprann Ayisyen yo se manje ak bèt fèmye yo y ap vòlè. Dominiken k ap plenyen pou zak sa yo Ayisyen k ap viv pami nou yo ap fè, m ap di nou : N ap regle zafè sa a. Dayè, nou gentan kòmanse. Nou gentan touye anviwon 300 Ayisyen nan Banica. Epi, n ap kontinye rezoud pwoblèm sa a.” »

Se konsa, jandam dominiken yo t ap pral tanmen masak Perejil la, piske pouvwa militè ak politik nan Repiblik dominiken an te santralize ; yon santralizasyon ki vle di tou mwayen kontrent yo konsantre nan men Trujillo (Pierre Étienne, 2011). Kidonk, jandam dominiken yo te tounen enstriman pou Leta dominiken an (Trujillo) egzèse monopòl vyolans fizik li. Ki fè, pandan tout mwa oktòb 1937 la, Perejil ak Cotorrito, se te de mo ki te pèmèt jandam dominiken yo fè diferans ant Dominiken ak Ayisyen. Depi moun nan pa ka pwononse 2 mo sa yo byen, li te deja kondane pou l mouri (Castor, 1988). Bridget Wooding ak Richard Moseley-Williams (2009) fè konnen gouvènman dominiken an te mete baboukèt nan dyòl laprès. Men, koze a te pran deyò pou li kanmenm. Otè yo avanse tou, masak Perejil la rantre nan kad pwojè Trujillo pou l dominikanize fwontyè ant Ayiti ak Repiblik dominiken. Dominikanize fwontyè a daprè pwopagand Trujillo a se te diminye kantite Ayisyen ki genyen nan Repiblik dominiken, espesifikman sou fwontyè de peyi yo, san braceros yo pa ladann. Dominikanize fwontyè a se te tou vann yon lide ki di Dominiken plis moun pase Ayisyen. Konsa, Trujillo te fè konstui wout, lekòl, legliz ak lopital sou fwontyè a, yon fason pou vilaj ayisyen yo ka parèt pi aryere pase vilaj dominiken yo. Derby ak Turits (2021) fè konnen Trujillo te chita pwopagand li a sou yon lojik ki enstore yon binarite ki opoze Blan kont Nwa, Espanyòl kont Afriken, payen kont katolik, ras sovaj kont ras sivilize. Konsa, nou konn tande Dominiken yo ap di : Haitiano es diablo. Bò kote lòt konsiderasyon ki ka fèt, nou panse se pou make yon opozisyon ant Dominiken an ak Ayisyen an. Kòmkwa, si Ayisyen an se dyab, Dominiken an se Bondye. Menmsi dosye a ta parèt piti, men binarite sa, ki enstore nan kad rapò Dominiken ak Ayisyen, t ap pral sèvi pou jistifye karaktè kzenofòb elit nasyonalis ki te dèyè do pouvwa dominiken an, ki te vle rejte tout sa ki pa koresponn ak yon diskou ki defini sijè dominiken an daprè kèk karakteristik ki santral epi ki inik (Silié, 2000). Se konsa, yon ideyoloji antiayisyanis t ap pral konstitiye nan Repiblik dominiken.

Nou sonje diskou ki di Dominiken pa vle wè Ayisyen an ? Ebyen, se pa ni fòt Ayisyen ni fòt Dominiken si Dominiken pa vle wè Ayisyen. Men, se yon elit politik ak ekonomik ki gen yon diskou nasyonalis/ Ekstrèm dwat dominiken an, ki vini ak yon ideyoloji antiayisyen epi ki menm rive entwodui ideyoloji sa a nan istoryografi dominiken an. Sa vle di tou, diskou antiayisyen an rive entegre nan enstans sosyalizasyon Repiblik dominiken yo (lafanmi, lekòl, legliz, laprès), epi li repwodui tèt li sou plizyè fòm nan kad rapò Dominiken ak Ayisyen, epi nan fason yo kontwole lavi moun epi jije aksyon moun nan Repiblik dominiken. Nan yon dimansyon politik, ideyoloji sa menm sèvi elit nasyonalis dominiken an pou manipile inyorans pèp dominiken an, lè gen eleksyon nan Repiblik dominiken. Dayè, yo gen enterè ekonomik nan kesyon Ayisyen k ap migre pou al koupe kann nan batey yo. Se menm jan ak politisyen ayisyen ki, depi y ap fè kanpay, toujou pretann y ap rezoud pwoblèm grangou/lamizè. Kidonk, li difisil pou nou admèt elit nasyonalis dominiken an gen pwojè pimpe Domínico-haïtianos ak migran ayisyen yo tounen nan peyi yo, malgre kantite moun yo pimpe tounen yo. Kriz migran an nan Repiblik dominiken se pito yon pretèks pou reprezantan ekstrèm dwat dominiken yo jere enterè politik ak ekonomik yo, sou do inyorans pèp dominiken an ki tonbe dakò ak diskou popilis politisyen sa yo ki ankouraje kèk sipremasis repwodui vyolans sou Domínico-haïtianos ak migran ayisyen yo. Fòk nou di tou, ideyoloji antiayisyanis la sèvi kouwè yon piki pou anpeche pèp dominiken an louvri je l sou trètman sijè ayisyen an ap sibi nan Repiblik dominiken, epi pou Domínico-haïtianos ak migran ayisyen yo rive aksepte tèt yo/kondisyon yo kòm sijè yo dwe meprize a/manipile a nan kad yon rapò miwo miba. N ap di tou, ideyoloji antiayisyanis la, pou l siviv, rive repwodui tèt li sou fòm yon diskriminasyon rasyal estriktirèl. Pou nou konprann dimansyon sa a, n ap gade résurgence antiayisyanis la nan dwa dominiken an, espesifikman nan kad Arè TC 0168-13 Tribinal Konstitisyonèl dominiken an te adopte jou ki te 23 septanm 2013 la.

 

  1. Arè TC 0168-13 Tribinal Konstitisyonèl domiken an soti nan matris establishment politik dominiken an, ki gen monopòl ekonomik la epi ki antretni mekanis pou rann ideyoji antiayisyanis la repwodui tèt li

Arè TC 0168-13 la se yon dokiman 147 paj, ki gen 4 sekans. Nan premye sekans la, yo ekspoze dosye Juliana Dequis Pierre la. Nan dezyèm sekans la, yo tante jistifye arè a avèk kèk refleksyon jiridik sou dwa an Ayiti ak dwa República dominicana a. Nan twazyèm sekans la, nou jwenn desizyon jiridik ; sa vle di, ekspresyon arè a kòm dispozitif jiridik. Nan dispozitif sa a, nou jwenn 10 atik 11 sou 13 jij Tribinal Konstitisyonèl dominiken yo te adopte.  Epi nan katryèm sekans la, nou jwenn pozisyon 2 jij ki pa t tonbe dakò ak arè a. Men, nan kad travay nou an, sa ki enterese nou se analize dispozitif jiridik Arè TC 0168-13 la.

Men anvan sa, li enpòtan pou nou di Tribinal Konstitisyonèl dominiken an konpetan pou l okipe l de pwoteksyon jiridiksyonèl dwa fondamantal yo/dwa moun yo epi kesyon konstitisyonèl yo.  Se Kou konstitisyonèl Repiblik dominike an. Li gen 13 jij inamovib Konsèy Nasyonal Majistrati dominiken an deziye pou yon manda 9 an. Konsèy Nasyonal Majistrati a li menm gen 8 manm : Prezidan repiblik la, Prezidan Sena a, yon Senatè, Prezidan Chanm Depite yo, yon Depite, Prezidan Kou Siprèm Jistis la, yon jij Kou Siprèm Jistis  la ak Pwokirè Jeneral repiblik la.

Nan premye atik la, nou wè Tribinal Konstitisyonèl dominiken an renye jus soli a. Ekspresyon malgre l fèt nan peyi a konfime sa nou avanse a. Poutan, se sou Konstitisyon 1966 la Juliana Dequis Pierre fèt. Epi, Konstitisyon sa a rekonèt depi yon moun fèt sou tè Repiblik dominiken an, li se yon Dominiken. Nan katryèm atik la, nou jwenn yo bay Juliana Dequis Pierre yon delè 10 jou. Aprè sa, yo pa p rekonèt li kòm yon moun ki legal nan peyi a. Alòske twazyèm atik la te deja prevwa pou yo aji menm jan an ak tout ka ki sanble ak ka Juliana Dequis Pierre la. Sa vle di, tout sanksyon yo pran kont Juliana Dequis Pierre yo ap tou kenbe pou tout pitit etranje ki fèt nan peyi a. Sa montre nou Arè TC 0168-13 la jeneralizan, paske l sòti nan yon patikilarite/nan yon ka pou li abouti ak yon jeneralite.

Senkyèm atik la li menm evoke lanne 1929 ; yon endikatè tanporèl ki revele non sèlman karaktè retroaktif Arè TC 0168-13 la, men tou se ta nan lide pou rezoub jouk nan rasin li, pwoblèm ekstrèm dwat dominiken ta genyen ak prezans Ayisyen nan Repiblik dominiken, san nou pa konsidere diplomat ayisyen yo ak braceros yo.

Nan senkyèm atik la tou, nou rive konprann gen yon strateji ki table pou pimpe etranje ki fèt Repiblik dominiken yo men ki pa ka reponn ak egzijans Plan Nasyonal Regilarizasyon yo tounen nan peyi yo. Wooding (2009) defini plan sa a kòm yon inisyativ ki vle rezoud pwoblèm migran k ap viv nan iregilarite yo. Nan menm moman an, Plan Nasyonal Regilarizasyon an restrenn, yon fason ki nòmatif, posiblite pou pitit etranje ki fèt República dominicana yo genyen nasyonalite peyi a. Poutan, sèl kategori moun ki pa rive ranpli egzijans plan sa a se Domínico-haïtianos yo ak migran ayisyen yo.

Batistè, kat idantite ak paspò, se dokiman sa yo gouvènman te ekzije nan kad Plan Nasyonal Regilarizasyon an. Men, Domínico-haïtianos yo ak migran ayisyen yo se sèl kategori pami pitit etranje ak etranje k ap viv Repiblik dominiken ki pa t janmen genyen papye sa yo. La, nou ka pale de yon separasyon/segragasyon sijè ayisyen sibi. Se konsa, Domínico-haïtianos yo ak migran vin jwenn yon trètman ki diferan pa rapò ak lòt pitit etranje ak etranje yo. Nou kapab di tou, Arè TC 0168-13 la ak Plan Nasyonal Regilarizasyon an pwovoke lide pou ta genyen yon kategori moun dit depure souche”. Lide sa se kèk sipremasis dominiken ki te konn ap vann li. Se yon lokisyon adjektival ki fè konprann yon lòt souch pa bon Dominiken an. Li enspire l de yon diferansyasyon ant Dominiken ak Ayisyen nan dimansyon pwopagand k ap fèt nan kad ideyoloji dominant la, sa vle di antiayisyanis la.

Kidonk, nou di jèm diferansyasyon sa a ki revele tèt li nan Arè TC 0168-13 la ak nan pwosedi Plan Nasyonal Regilarizasyon an se fwi repwodiksyon jèm antiayisyanis la sou fòm yon diskriminasyon rasyal estriktirèl ki systematize nan dwa dominiken an. Paske li konstitiye Domínico-haïtianos yo ak migran ayisyen yo kòm yon gwoup afekte ki gen karakteristik an komen, yon minorite vilnerab, majinalize, ki pa nan batay. Paske diferansyasyon sa chita sou baz koulè po, orijin ak mès, kilti epi tradisyon moun yo ki sòti an Afrik.

La, nou kapab konkli Arè TC 0168-13 la se pa sèlman yon dispozitif jiridik ki tabli kont dwa pou moun gen nasyonalite. Se pa nonplis yon desizyon politik establishment politik an mete soup pye nan lide pou rezoud pwoblèm migrasyon ayisyen an ak prezans Domínico-haïtianos yo nan Repiblik dominiken. Men se pito, deni Ayisyen an nan Repiblik dominiken, sa vle di ideyoloji antiayisyanis la ekstrèm dwat dominiken an ap antretni nan lide pou konstitiye  sijè ayisyen an kòm yon kategori apa, ki redui nan dimansyon yon sijè manipilasyon k ap travay pou yon boudamonnen ; yon kategori sijè dwa dominiken an diminye/konsidere kòm bagay yo ka ekspwate, nan lide pou sèvi enterè pèsonèl gwoup moun ki gen monopòl politik ak ekonomik la nan Repiblik dominiken. Konsa, nou ka pale de résurgence antiayisyanis la nan dwa dominiken an, espesifikman nan kad Arè TC 0168-13 Tribinal Konstitisyonèl dominiken an.

( Reflekyon ajoute + Tradiksyon kèk ekstrè nan memwa lisans mwen te soutni 10 mas 2023 nan Faculté des Sciences Humaines – FASCH. Sijè nou te kenbe nan kad memwa a se te : Les rapports au monde et les enjeux de l’Arrêt TC 0168-13 du Tribunal Constitutionnel dominicain.)

 

Références bibliographiques

Alexandre, G. (2013). Pour Haïti. Pour la République dominicaine. Interventions, positions et

propositions pour un gestion responsable des relations bilatérales. Port-au-Prince : C3 éditions

Castor, S. (1981 [1988]). Migrations et relations internationales. Le cas haïtianodominicain (2ᵉ éd.). Port-au-Prince : Imprimerie Le Natal

Castor, S. (1988). L’occupation américaine d’Haïti. Port-au-Prince : Société Haïtienne d’Histoire

Cincir, A. (2017). Arrêt TC 0168-13: des organismes de droits humains se souviennent. Le

nouvelliste.https://lenouvelliste.com/article/177024/arret-168-13-des-organismes-des-

droitshumains-se-souviennent

Denis, W. (2020). L’arrêt TC: 0168/13 de la Cour constitutionnelle de la République dominicaine : dispositif juridique ou decision politique?. Dans Watson D. (Dir.), La négation du droit à la nationalité en République dominicaine. La situation d’apatridie des Dominicains et Dominicaines d’ascendance haïtienne (pp. 197-242). Port-au-Prince : Éditions de l’Université d’État d’Haïti

Derby, L. et Turits, R. (2021). Terreurs de frontière. Le massacre des Haïtiens en République

dominicaine en 1937. Port-au-Prince : Centre Challenges

Lalime, T. (2021). Des haïtiens rejetés ici et ailleurs. Le nouvelliste.

https://lenouvelliste.com/article/231845/des-haitiens-rejetes-ici-et-ailleurs

Pierre Étienne, S. (2011). Haïti, le République dominicaine et Cuba. État, économie et société

(1492-2009). Paris : L’Harmattan

Silié, R. (2000). Aspects socio-historiques de l’immigration haïtienne. Dans Silié, R., Inoa O., Antonin A., La République dominicaine et Haiti face à l’avenir. Montréal : Les Éditions CIDIHCA

Théodat, J. M. (2009). État et territoire: la question de la naissance de la République dominicaine. Dans Michel H. & Laënnec H. (Dirs), Genèse de l’État haïtien. (1804-1859) (pp. 297-309). Paris

: Éditions de la Maison des sciences de l’homme

Wooding, B. et Moseley-Williams, R. (2009). Nécessaires, mais indésirables. Les immigrants haïtiens et leurs descendants en République dominicaine. Port-au-Prince : Éditions de l’Université

d’État d’Haïti

 

 

Williamson ORNÉUS

Licencié en Communication sociale

williamsonorneus@gmail.com

3 commentaires

Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.

Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.

Se connecter Créer un compte

Guerdy Nanoune

Bon travay, Patnè m. Kenbe la.

Guerdy Nanoune

Bon travay, Patnè m. Kenbe la.

Guerdy Nanoune

Bon travay, Patnè m. Kenbe la.

À lire également

Toute la rubrique Tribune

Alertes du National

Recevez une notification sur votre téléphone ou votre ordinateur dès qu'un article paraît dans les rubriques de votre choix. Gratuit, sans inscription.

Rubriques à suivre