GRAHN pran pozisyon sou kriz ayisyen an

0
420

Gwoup Refleksyon ak Aksyon pou yon Ayiti tou nèf (GRAHN) kondane vyolans yo ki ap ogmante an Ayiti, sitou nan zòn Pòtoprens (Port-au-Prince) epi nan depatman Latibonit (Artibonite).

Devan menas kraze-brize Leta ayisyen an, GRAHN mande tout moun ak gwoup ki konsène pou pran desizyon fè yon gwo efõ kolektif nasyonal. Nan anbyans plen danje sa a ki anpeche tout moun byen viv, genyen obligasyon pou se enterè Nasyon an ki domine sou enterè pèsonèl.

Pi gwo priyorite a se asire sekirite tout sitwayen ak byen yo posede. Kòm Leta dezòganize epi mwayen li an feblès, soutyen patnè etranje yo nesesè pou jere kriz la. An menm tan, li nesesè pou Leta reòganize avèk yon chapant pi desantralize epi ekitab. Toudabò, fò genyen yon refòm konstitisyon an pou amelyore fonksyonman ak kalite enstitisyon nou yo, epi eleksyon demokratik onèt pou tout nivo yo nan chapant Leta a, men, pa nesesèman an menm tan.

Nasyon an an danje. Sosyete ayisyen an ap deperi. Vyolans ap frape pi fò san pinisyon. Responsablite anbyans anachi sa a li separe ant moun ki kòmande oubyen ki pèmèt sitiyasyon sa a enstale. Epitou, se rezilta lese-grennen, neglijans moun ki responsab yo, kit yo andedan Ayiti, kit yo deyò, sitou lè yo fòse nou sibi move desizyon yo.

GRAHN ankouraje yon Leta baze sou lalwa kote chak responsab piblik dwe rann kont, yon Leta kote se eleksyon demokratik ki bay pouvwa lejitim. Li denonse eksplwatasyon kategori sosyal ki prekari yo nan peyi a ak transfòmasyon yo nan yon teyat trafik ilegal tout kalite. Pou remete Nasyon an kanpe dyanm, li obligatwa pou ankouraje tout fòm edikasyon, avèk edikasyon sitwayen, patriyòtism, lespri byen viv pou tout moun, epi egalite chans yo.

Pou Ayiti kapab kanpe dyanm, li obligatwa pou genyen bon gouvènans (gouvernance) epi konbat koripsyon san rete. Nouvo Ayiti a ap reyalize lè enterè kolektif ap domine enterè pèsonèl, lè lespri syantifik ap gide aksyon nou, lè aksyon onèt ap anpeche koripsyon. Se sèlman konsa Ayiti ap kapab rejwenn diyite li ak respè li pami tout lòt Nasyon yo.

Osijè GRAHN

GRAHN-Monn se yon o ganizasyon mondyal ki genyen sitwayen vijilan, toupatou sou late , ki vle kontribye, apati yon aksyon reflechi, pou yo rezoud pwoble m Ayiti. GRAHN-Monn se yon o ganizasyon ki louvri pou tout moun san eksepsyon. Li santre aksyon li sou konstriksyon yon Ayiti tou ne f. GRAHNMonn chita sou dwa moun, pataj, solidarité, ledikasyon, respe pou anviwonnman an ak devouman san limit pou byenne t tout moun.

Prise de position dans la crise haïtienne

Le Groupe de Réflexion et d’Action pour une Haïti Nouvelle (GRAHN) condamne l'escalade récente des violences en Haïti, en particulier dans l'agglomération de Port-au-Prince et le département de l'Artibonite.

Devant la menace de l'effondrement de l'État haïtien, le GRAHN en appelle à un sursaut national et à un dépassement de soi de la part de toutes les parties concernées. Dans ce climat délétère où le bien commun est trop souvent ignoré, il est impératif, plus que jamais, que les intérêts de la Nation priment sur les intérêts particuliers.

Assurer la sécurité des citoyens et de leurs biens doit être la priorité absolue. Compte tenu de la déliquescence de l'État et de ses faibles moyens, le soutien des partenaires internationaux est essentiel pour faire face à la crise. En même temps, une réorganisation de l'État vers une structure plus décentralisée et plus équitable est nécessaire. Cela passe d’abord par une réforme constitutionnelle permettant d’améliorer le fonctionnement et la qualité de nos institutions, puis par des élections démocratiques honnêtes à tous les échelons de l’État, mais pas nécessairement toutes en même temps.

La Nation est en danger. La société haïtienne est en train de s'effondrer. Les actes de violence perpétrés en toute impunité s’intensifient. L’instauration de ce climat anarchique est une responsabilité partagée entre les auteurs de ces actes et ceux qui les commanditent ou qui ont permis à cette situation de s’installer, qu’ils soient à l’intérieur ou à l’extérieur d’Haïti. Elle est aussi due à l’inaction, l’incurie et la négligence de ces acteurs, surtout en nous imposant leurs choix calamiteux à coups de diktats.

Le GRAHN promeut un État de droit où chaque détenteur de charge publique est tenu de rendre des comptes, un État où la légitimité du pouvoir découle uniquement d'élections démocratiques. Il dénonce l’instrumentalisation de catégories sociales précaires dans le pays et la transformation de celui-ci en théâtre de trafics illicites de toute sorte. Pour redresser la Nation, il est indispensable de promouvoir l’éducation sous toutes ses formes, incluant l’éducation à la citoyenneté, le civisme, le culte du bien commun et l’égalité des chances.

Pour qu'Haïti puisse se rétablir, il est essentiel d’instaurer une bonne gouvernance et de combattre sans relâche la corruption. La nouvelle Haïti émergera lorsque l'intérêt général l'emportera sur les intérêts particuliers, lorsque l’esprit scientifique guidera nos actions, lorsque l’intégrité supplantera la corruption. Seulement ainsi, Haïti pourra retrouver sa dignité et sa respectabilité dans le concert des Nations.

 

À propos du GRAHN

GRAHN-Monde est une organisation mondiale de vigie citoyenne, désireuse de contribuer par une action réfléchie a la re solution des problèmes d'Haïti. Il se veut un mouvement citoyen, non partisan, oriente vers la construction d’une Haïti nouvelle fonde e sur le droit, le partage, la solidarité , l’éducation, le respect de l’environnement et le culte du bien commun.Le GRAHN a e te fonde a Montréal le 20 janvier 2010.

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES