10 sou 10 rekòt kafe pou KLASS

Fòmasyon mizikal KLASS ap prepare selebrasyon dis (10) lane li. Anpil aktivite ap prepare pou fè lakontantman meloman yo diran tout lane 2022 a. Yon mizik ki gen tit 10 sou 10 ap sòti pou mwa avril sa a. Se ap yon avan gou annatandan albòm nan sòti.

Se toujou konsa nan mache mizikal ayisyen an, gwoup ki domine li a toujou gen anpil atant lè pou l sòti yon pwodui. Se nan sans sa anpil fanatik ak meloman ap tann fòmasyon mizikal KLASS k ap gen pou soti yon mizik ki fè sentèz dizan karyè yo. Mizik sa a ap rele 10 sou 10.

Mizisyen gwoup la ap travay rèdchèch pou delivre yon pwodui santi bon. Yon pwodui ki reponn ak egzijans moman an, ki se fete 10 lane yo. Sa vle di, se va yon mizik fèt, selebrasyon, yon mizik pou moun danse, pran plezi yo annatandan albòm nan sòti. Jan Mayestwo Richie di li a : « Fèt la se pou tout lane a. Se pa pou yon jou, yon sware. » Sa ki fè n konprann tout moun alawonnbadè ap gen chans pou yo koupe gato dis (10) lane pa yo. Keseswa moun nan te  nan peyi Chili, Lafrans, Ayiti, Repiblik Dominikèn, Matinik, Gwadloup, tout vil nan peyi Etazini yo, Doubay elatriye.

Depi dis (10) lane gwoup sila ap fè moun danse malgre sitiyasyon soyo-politik peyi a ak sanitè monn lan. Nan diskografi yo ak twa albòm Fè l vini avan, Fè l ak tout kè w ak Ret nan liy ou, nou jwenn mizik ki trete lanmou, peyi, filozofi sou lavi, plezi, elatriye ak ki trennen plizyè kategori estetik tankou nostalji, lajwa… oubyen tou chak mizik kapab sisite yon sansasyon ak santiman ki diferan lakay chak moun k ap kontanple li.  Nou kapab site kèk  tit majè gwoup la, tankou : Fè l vini avan, Priyorite, Nou se Ayisyen, You don’t want me, Mizik sa a, Anmwe sekou, Ranje chita w, Lajan sere, Pitit deyò, Klike sou li, Blakawout, Ret nan liy ou, M ap marye, Pale pou tèt ou, pou n site sa yo sèlman.

Tou sa pou n di, KLASS te di l ap jwe mizik la. Konpa dirèk di l jwe mizik la. Bagèt nan men mayestwo Richie te bay siyal la. Nixon ak pozo te akòde, Carlo di l p ap rete limenm. Andetwa mouvman Bèl kòd te fè pas ak Soso, Klemay, Holiwood, menm jan ak Tiwès di nanpwen Konpa san Pipo. Jay-R di ba l goute nan eksperyans mizikal KLASS la. Ti Papi pa piti rive tou nèf anndan djaz bagay nèf la. J-P byen chèlbè toujou la pou l livre serenad la. Abdel di se mizik sa yo vle jwe ak plezire a. Nan do djaz la Hervé Batien kanpe opa anpi fanatik yo ak meloman yo tounen sentiwon djaz la. Anpi se konsa, dis (10) lane pase se tankou djaz la te fenk met ba.

Pandan dis (10) lane sa a, Mesye yo pa sèlman eksperimante estil mizikal Konpa dirèk la. Yo jwe Kadans Ranpa tou. Se yon demach mizikal menm Nemours ak Sicot pa t anvizaje kote nan yon konpozisyon nou kapab jwenn alafwa Konpa dirèk ak Kadans Ranpa. Mizisyen KLASS yo anba direksyon Mayestwo Richie rekonsilye rit yo pou lajwa fanatik yo. Yo jwe Konpa Manba ak Rabòday tou, san bliye Ibo. Yo entèprete tou lòt pyès mizikal ki te make epòk yo yo te kreye a anpi ki toujou gade frechè yo nan moman konyeya. Se yon demach memwa pou rann omaj ak kilti ayisyen an. Wete chapo pou sila ki pase yo ki kite bèl travay sa yo kòm eritaj.

Pou dis (10) lane sa a anpil aktive ak sipriz ap tann nou. Se va yon moman grandyoz keseswa pou festivite k ap gen pou fèt ak lòt inisyativ k ap gen pou pran. Djaz la di n, si n vle pran bon gou nou dwe tann pou n goute paske se nan goute konnen gou rete.

Orso Antonio DORELUS

LAISSEZ UN COMMENTAIRE

0 COMMENTAIRES