Radio Pacific 101.5 fm

Culture 1 min de lecture

AKA patisipe nan seremoni kloti Konkou Nasyonal Tèks ak Ilistrasyon INNOVED-UNIQ la

AKA patisipe nan seremoni kloti Konkou Nasyonal Tèks ak Ilistrasyon INNOVED-UNIQ la AKA patisipe nan seremoni kloti Konkou Nasyonal Tèks ak Ilistrasyon INNOVED-UNIQ la

1 / 2

Akademi Kreyòl Ayisyen an (AKA) te patisipe, samdi 7 novanm 2026 la, nan seremoni kloti Konkou Nasyonal Tèks ak Ilistrasyon INNOVED-UNIQ te òganize nan oditoryòm CCC Inivèsite Kiskeya (UniQ).

Konkou sa a te lanse 8 avril 2026, avèk objektif pou ankouraje literati pou jèn yo nan lang kreyòl ayisyen an, pandan li t ap bay jèn yo okazyon pou devlope kapasite kreyatif ak talan literè yo. Se yon inisyativ ki kontribye nan fè lang kreyòl la pran plis plas nan domèn literè, kiltirèl ak edikatif.

Nan kad konkou a, AKA te gen de akademisyen ki te fè pati jiri a. Se te Akademisyèn Rosilia François CORNEILLE, prezidant Konsèy Akademik la (KAd), ansanm ak Akademisyen Jean Pauris JEAN-BAPTISTE, ansyen prezidan menm enstans lan.

Nan diskou li, prezidant Rosilia François CORNEILLE te salye inisyativ sa a, ki ankouraje divès kouch nan sosyete a reflechi, kreye epi pwodui nan lang kreyòl ayisyen an. Li te souliye enpòtans aktivite konsa genyen nan pwomosyon lang kreyòl la ak nan devlopman pwodiksyon entèlektyèl nan peyi a.

Publicité — faites défiler pour poursuivre la lecture

Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous GRATUITEMENT pour lire la suite de cet article.

Connectez-vous

Pas encore de compte ? Inscrivez-vous

Suivez-nous sur WhatsApp

0 commentaire

Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.

Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.

Se connecter Créer un compte

Aucun commentaire pour l'instant. Soyez la première personne à réagir.

À lire également

Toute la rubrique Culture

Alertes du National

Recevez une notification sur votre téléphone ou votre ordinateur dès qu'un article paraît dans les rubriques de votre choix. Gratuit, avec votre compte lecteur.

Rubriques à suivre