Écrire à la rédaction
Radio Pacific 101.5 fm
Culture

Batay fanm ayisyèn yo pou yo kapab avòte, se yon batay y ap fè depi nan epòk esklavaj

Batay fanm ayisyèn yo pou yo kapab avòte, se yon batay y ap fè depi nan epòk esklavaj

Écouter l'article

Pandan epòk esklavaj nan koloni fransè yo, si fanm blanch yo t ap plenyen akoz yo pa t gen menm tretman ak gason blan yo ebyen pou fanm nwa yo se te yon lòt bagay. Yo te trete yo (mal) menm jan ak gason nwa yo. Dayè kòd nwa nan atik 44 lan l te di konsa "Esklav lan [fanm oswa gason] se yon bagay. Li pa gen dwa pou l ni se posedè ni pou l vann yon byen paske li menm li pa posede anyen »

Fanm nwa a te nan yon lòt mo, yon machandiz kwadèbosal, kote blan yo te kapab achte epi likide yo soti depi 1501 rive jouk 1803. Gen kèk istoryen ki ta va menm kwè fason yo te konn trete fanm yo ta pi mal ke menm gason ki esklavize yo piske fanm lan te twouve l patou ap bourike. Yo te konn ba yo travay ki pi di yo epi fatigan yo tankou koupe kann oswa koupe zèb ki nan jaden kann yo.

Pandansetan, yon lòt bò, yo dwe al okipe timoun yo epi fè travay nan kay. Mete sou sa, al sèvi blan yo tankou kizinye, gad pitit, elatriye.

Fanm nwa yo ta premye moun sou zile an ki te derefize gason (sitou blan) trete yo tankou « bagay ». Nou dwe raple batay pou lendepandans lan, ki koumanse  ak seremoni « bwa Kay Iman » an se yon fanm, Cécile Fatiman » ki inisye l. E se seremoni sa kèk lanne pita ki ta pral akouche pi gwo revolisyon sosyal ak imanitè 1803 a nan lemonn-antye.

Men esklavajis yo te sovaj anpil anpil ak fanm ki rebèl sa yo. Chatiman yo pa t pi dous paske se te fanm yo ye. Se rezon sila ki fè, batay fanm nwa sa yo ta pral pran plizyè fòm estratejik pandan tout syèk kraze zo an.

 

Avòtman ak « enfantisid » se te yon fòm  rezistans fanm nwa yo te konn itilize

Koloni fransè yo se te non sèlman yo gwo tonton « faktori » kote y ap eksplwate men d èv gason nwa ak fanm gratis epi ak kout baton pandan plizyè syèk, yo te tou yon gwo « sant elevaj » kote yo gade bèt epi itilize fanm nwa yo tankou bèt tou pou ponn timoun pou yo pou yo ka kontinye alimante sistèm nan.

Se sa k fè anpil fanm te konn sove oswa pwazonnen eksplwatè sa yo… gen yon lòt bagay ki atire atansyon anpil demograf ak espesyalis sou koze esklavaj nan rezistans fanm yo. Se kouman avòtman ak « enfantisid » rive pwovoke anpil echèk nan politik repwodiksyon ak eksplwatasyon moun nwa yo koloni an. Kòm konsekans, sa bay anpil pwoblèm ak eksplwatè yo epi metwopòl lan ki t ap anrichi sou fòs kouraj esklavize yo.

Potitik repwodiksyon sa a, se yon politik menm blan anglè yo te renmen. Jefferson ale jiska pou l di : « Yon fanm ki gen yon timoun chak de lanne pi rantab ke pi bon travayè gason nan chan yo, paske pitit manzè fè an se yon valè ajoute ak kapital lan. Piske, tout jefò travay fanm sa a, ap sèlman pase nan konsomasyon"

Nan liv li “traite et politique demographique esclavagiste, P. 1066” Arlette Gauthier, konfime politik popilasyonis ak reprodiksyon esklavajis yo te mete sou pye nan lèzantiy yo pa t gen okenn rezilta, akoz, prensipalman, rezistans fanm nwa ki nan esklavaj yo.

An 1778, nan liv memwa minis lamarin, Lecomte de la Luzerne, istoryen yo dekouvri ; youn nan lòt rezon ki te lakoz plis avòtman volontè nan mitan medam esklavize yo se ta chatiman yo te konn resevwa akoz yo avòte ankò.

 

Chatiman yo te konn resevwa lè yo avòte oswa komèt "enfantisid"

Sanksyon fanm rebèl yo te konn resevwa te varye an fonksyon de esklavis lan, rezon an epi koloni an. Nan peyi Etazini pa egzanp, kolon yo pa t vrèman gen twòp pwoblèm ak medam ki nan kondisyon esklavaj yo sou koze repwodiksyon akoz yo te gen anpil metòd ki te reyisi frennen avòtman tankou krisyanizasyon fòse ak lòt tip vyolans sikolojik.

Sa pa vle di pa t gen krisyanizasyon fòse nan koloni sendomeng lan (Ayiti jodi an) men li pa t reyisi akoz esklavize yo te rive senkretize sen legliz katolik yo ak lwa ki nan panteyon vodou an. Fas ak echèk sa, kolon fransè yo te konn itilize metòd ki pi vyolan ankò tankou kout baton, boule yo ak fè cho, koupe zòrèy yo, bay chen devore pitit yo devan yo, pèn-de-mò (etoufman, nwayad, koupe tèt yo oswa devyannen yo tou vivan), elatriye.

Gen yon kolon ki te rele Foache, li te pase yon bouro l - yon gason nwa ki te nan esklavaj - lòd pou l anchennen kou tout fanm ki pa avèti l yo ansent oswa ki avòte. Anpil fwa, genyen se pèdisyon yo genyen akoz yo te te konn twò maspinnen epi tòtire. Sa ki lakoz genyen pa rive kapab kenbe timoun nan vant yo. Gen lòt, se enfeksyon tetanòs ki souvan fwa, fè yo pa ka fè pitit oswa ap plede avòte kont volonte yo an reyalite.

« Pafwa yo boule nou pandan anpil tan, yo fè n limen tankou yon flach, yo fè n eksploze tankou yon chodyè. Se sèl pitye n ka mande yo. Bagay sa yo pa p chanje si n pa fè anyen pou sa. » Se pawòl Rosalie « L'infâme », pèsonaj yon roman Evelyne Trouillot, ki enpire gras ak fanm doubout ki t ap goumen pou dwa sou lavi ak kò fanm nan epòk sa tankou Samedi, yon fanm-saj, ki nan lanne 1750, fasilite lanmò 70 ti bebe nwa pou yo pa vinn soufri nan esklavaj tankou yo.

Te gen anpil lòt fanm vanyan toujou tankou Zabeth, ki, nan lanne 1772, li menm apre yo te finn anchennen l pou yo al tòtire l, li met dwèt li nan yon moulen epi pèmèt paydefè yo anpwazen l olye l al soufri anba lapat esklavajis blan yo.

 

Boutofen

Istwa doulè sa yo, chèn sa yo, rezistans sa yo ak sakrifis fanm nwa sa yo poutan rete nan tiwa listwa jouk jodi an akoz syans listwa enfekte ak istoryen rasis, machis, seksis e menm mizojin.

Fanm nwa sa yo pa t pè lanmò, yo pa t pè pou yo tòtire yo poutèt yo t ap kontrekare ideyoloji seksis, rasis epi machis ki akouche politik « machinizasyon » fanm nan lide pou yo kale pitit pou te kontinye nouri sistèm peze souse an. Fanm sa yo te fè sa pèsòn pa t imajine pou yo se te metrès kò yo epi evite timoun yo vinn nan lanfè sistemik sa epi global sa.

Batay fanm ayisyèn yo pou yo kapab deside kilè pou yo kreye lavi nan peyi an se pa yon batay ki nèf. Se yon batay y ap fè depi nan epòk lakoloni, kote gason blan yo te kwè fanm se te byen prive yo epi te wè yo tankou poulèt kreyòl k ap ponn ze pou nouri sistèm eksplwatasyon moun ki soti lafrik yo. Jodi an, batay pou fanm yo chè-mèt, chè-metrès kò yo pa diferan, se yon batay kont yon neyolakoloni kote anpil gason nwa/ayisyen kontinye jwe wòl bouwo sistèm nan pou fè fanm ayisyèn ki soti lapwovens, nan katye popilè yo kontinye kale pitit pou sistèm eksplwatasyon menndèv, paramilitè ak seksyèl lan kontinye banbile gras ak apovrisman yo tchovi sa yo.

 

Jackson Jean

Aktivis

0 commentaire

Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.

Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.

Se connecter Créer un compte

Aucun commentaire pour l'instant. Soyez la première personne à réagir.

À lire également

Toute la rubrique Culture

Alertes du National

Recevez une notification sur votre téléphone ou votre ordinateur dès qu'un article paraît dans les rubriques de votre choix. Gratuit, sans inscription.

Rubriques à suivre