Jacques Dalaicham Ganthier ofri nou pwezi pou « Kafou »
Écouter l'article
« Kafou » vini nan yon moman espesyal nan lavi m, men tou nan listwa peyi a. Yon moman meli melo, yon moman brikabrak. Rèl, latwoublay, deblozay. Pwezi pa yon jwèt kach kach men yon lespas pou rekonekte ak tèt ou. Sa fè m te kontan resevwa liv la. Anverite pwezi se yon « Kafou » kote nou tout ka kwaze. Tonniskribòt se yon pretèks pou n li lavi nou nan pla men n. Liv la kwaze desten m, mwen antre nan li san gad dèyè. San di lonè.
Anpil fwa, nou mete powèt la avan liv la men m panse zèv la pote otè a. « Kafou » se yon rekèy powèm ki pa benyen kache lonbrik. Ou pa bezwen kontre powèt la pou w konn kiyès li ye. Zèv la déjà trayi mèt li. Sa l panse, sa l ye kouche nan tout paj yo. Powèt la fè yon travay nou ka apresye sou lang kreyòl la ak plizyè tèm tankou : Timoun, lanmò, lanmou, sosyete. Se yon rale mennen vini tou sou reyalite n ap viv Ayiti nan yon latriye tit : Rèv chen, farin ginen, travèse, chikriti, elatriye…
« Kafou » soti nan Edisyon Freda nan lane 2021. Estil pwezi a koud ak yon latriye fraz kout. Ou pa bezwen souf long pou w li l, men chak vè se yon kout rèl ki soti. Yon trèdinyon ki mare powèt la ak lektè a. Se yon estil nou twouve kay powèt Felix Morisseau Leroy tou. Dalaicham tranpe pwezi l nan sa m ta ka rele yon absidite :
« Kite bouch ou gade m
Kite l di jan l renmen m
Kite l di m fè agoch
Nan konsa m a konte dènye grenn chaplè
Bouch ou ofri m….
…Kite je w pale avè m
Kite l di m tout sa l santi »
Powèm sila batize « Pèmisyon », li charye tout yon sansibilite.
« Lanmou se sak sik
Kè nou se rezon moun fou »…Yon lòt vè ki montre tout maji ki kache nan ekriti Dalaicham nan menm estil absidite a.
Pa gen pwezi san imaj. Powèt yo di sa k travèse yo nan lang Bondye. Pa gen pi bèl deklarasyon si m ta di :
« Moso lannwit kole nan gòj latè
Chakfwa n ap bo
Chakfwa n ap danse sou Pòtay Leyogàn »… Men kiyès ki ka di aklè kisa lanmou ye? Lanmou se petèt yon jwèt aza, osinon yon foli. « Nou renmen pou mezi kòb nou te mize, foli renmen nou depase syèl »
« M wè vil k ap senyen tèt yo », yon vè ki tradui malkò peyi a. Powèt la temwen, konsyan de soufrans tout yon pèp. Li angaje l nan santiman l. Ekri se deja pran pozisyon. Li di kote l kanpe san kache lonbrik.
Dalaïcham se yon powèt pye poudre, ki ta vle di li temwen anpil pasi pala.
« M wè
Deblozay kraze brize
Vant pase
Tafyatè layik
Bèl tete sou granri….
Nòs tèt aran
Vant balonnen
Kòs kadav gate
Grandou depeyize
Malè pandje
Madigra mal maske
Barikad pèp
Kafou lòk
Chat mawon …… »
Gen powèm ki sifi pou tèt yo. Ki pa mande melanje ak lòt. Boutofen, ki gwòs. Se yon fason pou m di gen powèm ki pa bravo lakontantman nan liv la. Men sa pa anpeche nou jete rega nou sou zèv Jacques Dalaïcham Ganthier ki fèt 25 me nan lane 1994 nan Petyonvil. Li diplome nan dwa, li gen fòmasyon nan lengwistik ak lang siy. Dalaïcham, se yon ekriven ki pwomèt.
Djedly François Joseph
0 commentaire
Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.
Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.
Se connecter Créer un compte
Aucun commentaire pour l'instant. Soyez la première personne à réagir.