radiotelepacific@gmail.com
Radio Pacific 101.5 fm
Culture

Premye edisyon “Waka ak liv", yon siksè total

Premye edisyon “Waka ak liv", yon siksè total

Pòmago voye siyal la. Se yon komin ki chwazi marye ak liv. Apre twazyèm edisyon Salon du Livre et des Arts du Grand Nord 23 janvye 2026 nan Campus de l'église wesleyenne nan komin Pòmago, lafyèv li la gaye kò li nan Site Padre JEAN, gen yon gwoup ki di pa gen kanpe. N ap raple, pandan yon mwa, soti 23 desanm 2025 rive 23 janvye 2026, Salon an te òganize plizyè aktivite inovant nan komin nan: Pòmago ap li bò lanmè, Pòmago ap li sou plas, Pòmago ap li nan radyo, pou site sa yo sèlman.

Se nan menm kontèks sa, pou kenbe flanbo liv la tou limen nan komin nan, samdi 7 fevriye 2026, plizyè jenn fanm ak jenn gason nan komin Pòmago, te rapousuiv yon rèv limyè: "Waka ak liv". Yo t al li nan, akote, arebò Basen Waka.

Ak aksyon sa ki alafwa senbolik, reprezantatif epi detèminan, jèn Pòmago yo sèmante fòk yo pran liv an otaj. Yo  mande peyi a mete liv nan de men yo pou demen yo ka pi bèl.

Imaj sa yo temwanye yon jenès ki swaf konesans. Yon jenès ki vle viv nan libète, verite ak lespwa.

Non sèlman inisyativ sa ankouraje moun li, men tou, li pèmèt sosyete a mete limyè sou yon patrimwàn natirèl wòdpòt: Basen Waka. Yon espas ki reprezante anpil pou komin Pòmago. Basen Waka atire touris, atire atansyon sou komin nan, men tou, gen yon dividal diskou sou lye sila.

Responsab kominikasyon Salon an, powèt Luscarson RAPHAËL, majòjon inisyativ sa, voye yon gwo siyal bay tout jèn nan komin nan ak nan peyi a pou di yo, mete liv nan lavi yo.

Nou espere lòt komin nan peyi a suiv chimen sa paske, pa gen anyen serye yon peyi ka regle si li pa mete liv devan.

Iléus PAPILLON

0 commentaire

Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.

Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.

Se connecter Créer un compte

Aucun commentaire pour l'instant. Soyez la première personne à réagir.

À lire également

Toute la rubrique Culture

Alertes du National

Recevez une notification sur votre téléphone ou votre ordinateur dès qu'un article paraît dans les rubriques de votre choix. Gratuit, sans inscription.

Rubriques à suivre