Écrire à la rédaction
Radio Pacific 101.5 fm
Culture

NOU TE PALE

NOU TE PALE

Écouter l'article

Pou Schultz Laurent Jr

Madi 28 oktòb, asasen san fwa ni lwa wete lavi, etenn limyè nan je jounalis kiltirèl,

ekriven, powèt, pwofesè literati, papa twa pitit Jean Schultz Laurent Jr pandan li te sou

wout pou l al travay nan vil Filadèlfi, Etazini. Nouvèl sa a te tonbe tankou yon kout loray

nan yon syèl klè san nyaj ann Ayiti tankou nan kominote Ayisyen nan dyaspora a kote

jounalis la t ap viv ak fanmi l depi kèk ane. Pandan li te Etazini li te kontinye fè

pwomosyon pou kilti Ayisyen, pibliye divès atik nan jounal Le National. Ekri se te pasyon

li. Konfrè li, powèt ak jounalis kiltirèl Jonel Juste, nouvèl lanmò a te akable, sonje dènye

konvèsasyon li te genyen ak Schultz avan trajedi sa a…

Nou te pale,

zanmi m, frè m, konfrè m,

konpatriyòt,

powèt ki t ap pote limyè nan mo

nou te pale

avan vwa w tounen silans

Nou te pale,

men m pa t konnen

se te dènye fwa n t ap pale,

dènye fwa n t ap respire menm lè,

dènye fwa pawòl ou t ap monte sou do vag lanmè avan y al kraze bò rivaj

Nouvèl lanmò w rive sou mwen

tankou yon kout kouto nan nanm,

tout solèy anndan m blese

Nou te pale,

ou te di m

peyi Etazini pa fèt pou ou

ou pa t anvi kite peyi w,

se peyi w ki al kite w

tankou yon timoun yo bliye bò lari,

k ap gade machin ki prale san li

Ou te ret pou kont ou,

ap gade peyi w ki fin ale, ki pati kite tèt li

ap gade tout jwèt mab, foutbòl ti kan,

tout kout ri, tout fanmi ak zanmi,

tout pwezi k ap fin disparèt nan eko k ap febli

Nou te pale zanmi

Ou pa t di m ou t ap pati

Ou pa t konnen w t ap pati

Bouske lavi detwi lavi

Yon maten,

anvan bajou kase nan Filadèlfi,

Pandan w t ap chache yon limyè tou nèf,

fènwa plonje sou ou kou malfini

Ou ale san rèl

san chapo,

san bretèl,

san menm yon babay

pou lari ki t ap tann ou,

ou ale kite n

ak mo kase,

ak souvni bout chandèl

Nou te pale,

ou te di m

se pa isit ou t ap vini,

peyi sa a twò lou pou ou,

ak moun ki pè moun

moun ki rayi moun jis pou bri pye sou twotwa

Se sa asasen an te di nan rapò lapolis,

li pa t vle w pase nan katye l

Tankou egzistans ou te yon menas

Tankou silans ou te fè bri

Asasen an touye w jis paske w te egziste

Tankou powèt Casseus te di

Li pa t konnen w,

li pa t pale avè w

men li wete lavi w

tankou yon fraz yo rache nan yon powèm

Petèt ou te santi sa,

Petèt nanm ou te konn sa a

Pafwa nanm nou santi bagay ki twò lou pou bouch nou

Petèt nanm ou te wè fènwa k ap vale peyi sa a,

peyi mwatye moun fou,

kote lajistis san lanvè ni landrèt

kite asasen mache libelibè

Ou t ap viv ak kè sote tou,

Ou te di m si w te gen chwa

Ou t apral Kanada

Men lavi pa t ba w chwa,

li mete pye l sou kou rèv ou,

li retire w nan limyè

Lè m aprann jan ou mouri pou anyen,

m tande vwa w ankò k ap fè eko

M tande pawòl ou yo,

M te santi angwas ou

M tande m ki t ap di w pran pasyans,

Sa va chanje

Men lavi ban m tò

Kout ponya Scott Hilton demanti m

li koupe pawòl nan bouch mwen

lang mwen ap senyen

Adje zanmi m, frè m, konfrè m,

konpatriyòt,

powèt ki t ap pote limyè

Jonel Juste (31 Oct, Miami)

 

 

 

0 commentaire

Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.

Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.

Se connecter Créer un compte

Aucun commentaire pour l'instant. Soyez la première personne à réagir.

À lire également

Toute la rubrique Culture

Alertes du National

Recevez une notification sur votre téléphone ou votre ordinateur dès qu'un article paraît dans les rubriques de votre choix. Gratuit, sans inscription.

Rubriques à suivre