Atelye kreyasyon literè Jacques Stephen Alexis
Écouter l'article
Atelye kreyasyon literè Jacques Stephen Alexis pran fòm yon founo, kote mo evapore an vapè tanbouye, mele ak powem ekri an kreyòl ki soti potoprens, vin fann fwontyè lang ak lespri pou enskri nan kolòn Le National. Se la nanchon an, je kreyòl byen louvri, va dekouvri pwòp reyalite l nan ekriti vivan.
Godson MOULITE
Ribrik sila se yon zouti pou devlopman lang ak Literati nou an, ribrik sa pibliye pou jayi lanmou ak byennèt toupatou sou teritwa nasyonal la ak lòt bò dlo.
AK Atelye kreyasyon literè Jacques Stephen Alexis kise yon inisyativ jounalis-powèt Godson Moulite,
POWÈM POU LIBERE AYITI
Vinn dim leta
Kote lanmou pa konte
Vinn twoke manti nan lestik nou
Fè n bliye dlo je n anba pay
Kote lanp tounen twalet devan palè
M voye 3 orevwa anba lavil
Pil fatra tounen toupi
Mwen kouri san pran souf
Dikte zetwal yo nan lari kote lanmò se rèl
Tanzantan se biw biw
Vinn kote m , lanmou
vinn kote m , tristès
Vinn dim kote w rete
Pwofite danse nan Souf mo m yo
Vinn dim tout soufrans ki genyen nan latrinn Kay vwazin
Pran m an janm de bwa
Vinn kotem
/ Rakonte m / istwa lanmò
Vinn dim ki koulè potoprens
Normil Jean-Pierre
Pòtoprens / Ayiti
2-
Tikal pa Tikal vil la tounen fènwa
Kote tout twal san / tounen rat
Kote figi lari a tounen san
Vinn kotem poum diw kote m kase dan Powèm Mwen an
fè m woule atè
kote souf Mwen se rigòl dlo poud
Vinn kotem kote syèl la mawonen ak zandolit
riyèl yo ap fèm grimas
vinn dim soufrans ou
Vinn karese m leta anba lavil
Vinn jwe nan jwet Mwen
Rèv Mwen yo konn reve tou
Leta pran 3 kout wòch anba dra
Vinn dim Souf Mwen yo
Kote prizon mawonen ak sann dife
Patrick Giovanni
Pòtoprens/ AYITI
3-
Tanzantan Map soufle dwèt mwen poum niche rèl potoprens
Machwèl chavire tanmen lawouze
Lavil chè
Tankou kwa bousal
kote tout koulè tounen lespas
Kotem kouche pou m neye nan fatra
Vizite labou kay tout konken sou bwat chèn
Kote lavi m san avni
Pi bon Jou se lè Biden
Ekri nan tout mi bouklinn
Kalonen ri m yo anba mache salomon
Keyi peyi m tèt anba
Vire tounen se san potoprens
Vire tounen se rèl
Kote espwa tounen mantò
Gustave Michel
Kwadèboukè / Ayiti
4-
Chouk li Jou map voye kòm
Chante o leta kokobe
Chire mizè nan lespwa m
Pataje souf mwen/ nan simityè potoprens
Je fèmen map bourike lavni m
Triye bonèm nan padon Desalinn
Tonè krazem
Map di leta lap kwaze ak bondye
Libere m souple poum pa fou
Foli m tounen pidetwal
Kote soufrans Mwen pran blayi mizè
Nou mele
Peyi a fini
Gason potoprens
Nou mele
Ebyen sa te fini trè mal
Leta banm pwazon
Dominique Jean
Pòtoprens / Ayiti
5-
EKRITI MAKOUT
Potoprens
Ou se Yon bel fatra kap bat poul sove nan men chinwa yo
Kote etikèt yo pa reyèl
Kote lanmò pa lò
Vil natal palè 12 janvye a
Men defiw
Mwen pote pou ou mizèm ak Literati nan pòch
Mwen priye/ priye/ jouk mayi mi
Fè masak ak dlo je m
Batman souf mwen se pwazon
Map wonfle poukont mwen
Pentire m nan do
Ak souf Mwen
Drapo m pete rèl
Lapolis vizye nan kè
Yon lo manti lote sou non w / potoprens
Leta kontan
Leta pipi lajan
Leta se yon fatra
E sim danse toutouni
Kolem ak krache
Deschamps Paul ( Polo)
Pòtoprens / Ayiti
POWÈM SANTIMANTAL
1-
Mwen renmen w cheri tankou dòmi m
Tankou yon plat soufrans ki pat sou kafou
Tankou lanmò krèk koko
Mwen renmen cheri tankou dlo je m
Tankou tout filozofim sou papye
Ou danse tankou tout minwi lèm avèw anba dra
Ou pete rel tankou zansèt nou yo
Mwen anviw aswè a
Doum gaz paladann
Nap kache nan syèl
Nap dous pawòl nou nan kè
Inonde soufrans nou ak richès
Nap danse san remò
Nap tire fistibal
Nap demwazel lanmou nou
Cheri vinn kotem
Vinn danse avèm
Vinn wanamèt mwen
Normil Jean-Pierre
Pòtoprens / Ayiti
2-
Syèl la toutouni
Lap danse nan kanaval
tire fistibal nan kèw
vinn kache dèyèm
Vinn antrave m ak pawòl dlo dous
solèy laviw klere sou Mwen/ de pyem chavire
Timoun kaka je pa linèt
Pa berem banm jouman poum diw Mamou
Vinn antrave m ak laloz
Kitem pran elan
Tout lidem dim kèw se myèl
Toupiti Map danse poum tete
jouk li Jou/ map danse
Vinn dim Manou
Kitem vini
Kitem tranble
Patrick Giovanni
Pòtoprens / Ayiti
3-
VIRE TOUNEN
Kitem pran manm
Pa madichonen m
Kitem vinn souse w
Louvri jew sou Mwen dim vinn goute
fetay kay ou a ki yon ti lezanj kap danse
lè kò w tounen ekla
Vire sou de pye m
Vire m tounen m se lalinn map tann
Dlo dous
Kote sous kòw koule ?
Vire cheri
Banm akasanw
glise m desann nan jup ou
Gustave Michel
Kwadèboukè / AYITI
4-
TOUT LIDEM DIM
Nan fon kèm ou se limyè
Klere jou m jouke m nan dans
Ou se rèl potoprens
Ou se bel melodi m
Monte bwa pou m keyiw sanw poko mi
Kite tristès ale
Makonen m ak pidetwal
Gadem tanpri
Kitem repozem sou souf ou
Gadem kap vini ak zetwal yo pou ou
Dominique Jean
Pòtoprens / Ayiti
5-
SAN OU
Jou sa a se wòb ou poum lave
Konte mizèm pa degouden
Separe m ak twa . Youn pou youn/ Youn pou kèw
Kòw se lò
Botew se pidetwal
Kote soufrans nou se rèl
Nan fènwa se nou de a
Nan souf nou zetwal yo kache
Deschamps Paul ( polo)
Pòtoprens / Ayiti
Prezantansyon
Godson MOULITE
Madi 11 mas 2025
KOREKSYON TÈKS
Marcellus Jean
Dieudonné Riché
INISYATIV
Deschamps Paul
Godson MOULITE
POWÈT PIBLIYE
Manb atelye kreyasyon literè Jacques Stephen Alexis
0 commentaire
Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.
Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.
Se connecter Créer un compte
Aucun commentaire pour l'instant. Soyez la première personne à réagir.