Écrire à la rédaction
Radio Pacific 101.5 fm
Culture

Recoller les ossements

Recoller les ossements

Écouter l'article

«Recoller les ossements», est une rubrique de poésie dirigée par l'écrivain et critique littéraire Feguerson Fegg THERMIDOR. Face aux actes barbares qui ravagent Haïti, cette initiative utilise la poésie comme un baume pour apaiser les plaies et résister à l'obscurité.

Le troisième  numéro met à l'honneur Sandy Larose, où chaque mot tente de réparer les fractures d'une société meurtrie.

( Propos de Feguerson Fegg Thermidor

I

Devlòpman ak modènite tounen kap papye fen

Byennèt ak libète se afriba nan legim ONG

Nan men lèzòt kap lavi monte douvan dèyè

Nasyonalis antere nan simityè madjoule

Gad fanm gran kriyè k ap paweze

Pwezi m se yon liv tou louvri

Yon manman ki leve tete gòch li anlè

K ap mande sen Nikola jistis

Ti bourik k ap pote chay san l pa konnen

Pwezi m se Ayiti fanm vanyan

Nan bèl karako kreyòl

Tyèmond pran nan demokrasi ladjablès

Yon demokrasi manje rès la

Kite po a

Pwezi se tankou yon penti k ap souri

II

Twòp entèlektyèl pakoti

Yo fou nan ekri pawòl van

Yo dirije inivèsite tankou ladwànn

Chak kout plim se yon kout kòb

Diktati se pi gwo maladi inivèsite soufri

Raketè louvri famasi pou mache nwa

Kreye laboratwa pou brase lajan

Grenn nan bouda

Gwoup 184

2004

Ayiti nan mera pi rèd

III

Kreyòl ak Bosal yo manke konprann

Zansèt Napoléon yo pa bliye kwadèbosal

Yo achte nèg lespri pou retabli lesklavaj

Dekilakyèl de dwadelòm monblan?

150 milyon pou lendepandans

Dekilakyèl kolon blan?

Lokipasyon 1915, 1994, 2004, 2024

De mil jamè

Dekilakyèl kolon blan?

Lanmou rete djougan

Lawouze kontinye taye banda

Men yon jou solèy gen pou fè fas kare

Pèp la desann lalin nan plat marasa

Nèg ginen yo reveye

Si se pa jodi se demen pou lanmou do

IV

Castera pa koupe pyès vèb

Men li sèmante sou mò defen pwezi

Koupe se vèb ki pi dous

Tout powèt konn koze

Men lè w kanpe

Tout pwoz dekonpoze

Tout enspirasyon tounen fridòdòy

Mwen pa Ernst Mirville

Ni mèt Vil

Mwen refize kwè w se valèt

Ou se sèl mèt

Mèt ak Mètrès tout vèb ki gen rapadou

Ak kann zonbi pou foumi fou

 

Sandy Larose, Extraits choisis de Kwadèbosal

Sous la direction de l'écrivain et critique littéraire

Feguerson Fegg THERMIDOR

0 commentaire

Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.

Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.

Se connecter Créer un compte

Aucun commentaire pour l'instant. Soyez la première personne à réagir.

À lire également

Toute la rubrique Culture

Alertes du National

Recevez une notification sur votre téléphone ou votre ordinateur dès qu'un article paraît dans les rubriques de votre choix. Gratuit, sans inscription.

Rubriques à suivre