Omaj pou Franckétienne
Écouter l'article
Anpil moun ap di Franckétienne mouri nan moman peyi Dayiti tonbe nan yon katchouboumbe san parèy.
Se dilere sa pou nou di Franckétienne mouri, yon nonm ki deja imòtèl.
Franckétienne se vwa pèp kreyòl yo nan lamerik, nan karayib la, nan loseyan endyen, toupatou sou latè. Li se senbòl rezistans kont tout prejije lasosyete mete sou do kreyòl.
Li pote vwa l sou tout wout limanite, li rale kreyon l li ekri listwa, li fè mèvèy, li ban nou prestij ak valè.
Kote yon nonm konsa te ka mouri, èske yon zetwal konsa te ka etenn ?
Franckétienne se yon modèl , yon estil , yon talan, yon atizay , yon klasik , yon levanjil . yon nonm konsa pa ka mouri.
Li travèse yon lòt katye, yon lòt lantouraj, li ranje kò l an Dezafi pou l pote limyè, pou l klere chimen, pou vwa peyizan , moun ak lavil ak andeyò k pa ka pale.
Franck bibliyotèk vivan , Franck kreyatè mo, atis pent, womansye, powèt, dramatij pa ka mouri paske yon imòtèl pa ka mouri.
Pou sa li di, pou sa li fè, pou sa li ekri se dimansyon letènite. Franckétienne se yon byennèt, yon fòs, yon enèji, yon pouvwa, yon modèl konesè, yon syantifik, yon militan, yon revolisyonè.
Depi sou Dezafi, pase pran Pèlen tèt, rive nan Bobomasouri Franckétienne pat ka mouri. Fason li pran swen mo yo, ba yo fòm, ba yo souf, ba yo pouvwa, ba yo lavi, li menm li te anvi.
Gason nou, reprezantan nou , imaj nou, pwofesè nou, nonm sila a se yon mistè, yon panse wo nivo.
Nou menm pèp kreyòl yo, nou pran vwa limanite pou nou di li mèsi, pou espas, pou tan, pou enèji pozitif li kite sou latè. Pou lanmou li bay lang kreyòl la, pou peyi kreyòl la vwayaje, pou respè, pou lonè, pou merit, pou estil, pou kadans, pou chandèl, pou limyè, pou teyori tèt anba li souke, Franckétienne p ap janm absan.
Li travèse al suiv tras granmèt yo, pwofèt yo, kreyatè yo , filozòf yo, majisyen, l al fè deba, l al reflechi , l al fòme jèn yo pou yon lòt peyi, yon lòt Ayiti, yon monn pou lapè ak lavi, yon monn pou byennèt ak respè . Franck se renesans, Franck se konesans, Franck pa ka mouri, Franck p ap janm mouri. Li jis chita kot lòt imòtèl yo.
1 commentaire
Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.
Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.
Se connecter Créer un compte
Bon bagay.