Sèt kout souf pou salye «Bout Souf»
Écouter l'article
Sèt powèt majè, majòjon, sèt pi bèl vwa jèn jenerasyon an, mete talan yo ansanm pou salye premye rekèy pwezi Kreyòl Bout Souf, yon kreyasyon powèt Philippeson Juste, ke yo rele Mapou LibeLibè pote pou nou. Rekèy sa a se pa sèlman yon liv; li se yon vwayaj powetik ki fè nou antre nan yon linivè kote refleksyon filozofik, imaj fòlklorik, ak enèji lavi melanje tankou yon dans.
Bout Souf se yon bèl pyès nan patrimwàn literè Ayisyen an. Li charye mesaj lavi, lanati, ak esperans, li sèvi kòm yon pon ant modènite ak rasin kiltirèl nou yo. Powèt yo, ak fòs mo yo, ofri yon omaj espesyal nan fòm sèt kout souf powetik ki rann onè rekèy sa:
Pwezi a bout nan souf powèt yo
Souf nou kreye vi sou papye blan
Imaj yon powèm boyemyen / jitan
Grenn pwomennen / pye blanch
Bout souf se rèl tout souf kout
Tout je k bande ak bandi
Grenn lay k soulaje jansiv dan di
Avan souf nou bout
Bout souf nou vivan nan de bout
Yon espwa anplis nan wonn lakontantman
Imajri powetik modèn mèveye
Wilkens Scott Fifi – Knoxville, Tennessee, USA
Yon dividal lanmou
Makònnen ak souf vi
Powèm nan plen men
Layite tout kò l nan de bò lakontantman
Katedral pa katedral
Sou tèt li l kanpe / Pou l danse
Tchovi yo swaf
Yon festival kat chimen
Bout souf pote vi ak ekla ri
Nan tout dimansyon linivè
Bout souf marande kè ak kè
Kò ak kò
Powèm lan debake ak tout mounite l
Stephanie Boursiquot – Pòtopren, Ayiti
Pa kite timoun yo jwe
nan vwa bondje mezanmi
pa kite yo trase marèl ak pikan kwenna
sou vizaj tan an tanpri
Gen souf ki pa fin souf isi a
Gen souf k ap trennen nan pye
Tyovi ki poko ka defini lavi ak je
Gen yon souf ki sevre tèt li
Menm avan je n kase lezo
Jis pou m pa kontrarye inosans powèm lan
M p ap respire anndan l
Souf mwen trivyal
Souf mwen mabyal
Bout an bout
Souf nou ap kalewès
Nan rès jounen grizonnen
Sekrè lannuit s on bann souf depatcha
K ap vwayaje nan je lanmè
Pa gen vag ki pa konn doulè
Yon kò ki pa ka kenbe pwòp tèt li
Nan filozofi lèzòm
Tout souf rabi sou pye
Se sou klou gagit bout ki rete yo ap mache
Styven Mangurat – Okap, Ayiti
Vire voye
Vannen triye
Bò isit nou s on bann pay
Van an sere pou pita
Lè MAPOU pèdi branch
Lavi etènèl se foli tout vèditè
San chante kantamwa fòmil sa se koze sa n pa wè ak powèm yo
Venteyen mèch k ap gagari lwil maskreti
nan chodyè twa pye
Zo
An n pa travèse lizyè pou n pa deranje lòd linivè
Sèl sa k pa n s on ti BOUT SOUF
An n pwofite l anvan syèl konn gou swe latè...
Gregphile Gregphile – Kafou, Ayiti
Yon lodè kafe san melanj
Ap layite kò l nan jipon kat eleman
Kite m pran souf
Kite m plonje nan nawè w tout longè
Manvi wè nanm mwen k ap navige
Lavi kap rele koukouwouj
Chalbari dèyè solèy kap leve
Bout jouk nan ginen
Nan yon vwayaj lwenten
San pran souf
Bout souf pote kwa l
Li taye zèb atè
Pou wè si la boutonfen
Nan lonbraj pè letènèl
Bout souf
Se sèl kri vèditè konnen
Ki fè yo bliye lamizè
Kap fè yo trennen kou vètè
Bout souf se chay sou tèt
Kè lejè
Valancia Bolivard – Okay, Ayiti
Valè powèm lan bese
Vil la pran nan mal makak
Jou yo pote koulè sann
Silwèt pousyè ak lodè kadav
Souf nou kout
Nap kouri lontan
San poze
San respire
Nou pè syèl
Latè n twò piti pou yo
Kechna Septama – Delmas, Ayiti
Paske limyè mare fache avè m
Mwen tonbe nan kòde tenèb
Chak koukouy klere m nan fènwè
Yon lonbray frape m gran jounen
M aprann langaj solèy la
Pou pawòl mwen briye lannwit
Mèsi mèt douvanjou
Mèsi mèt savann
Mèsi mèt letan
Mèsi mèt lawouze
Mèsi mèt Bout Souf
Depi lè van an pran kase zèl
Cheni ravin pè vin papiyon
Douvanjou tonbe tankou loray
Zobop pete kòken ak mèt kafou
Y ap tann pèlen men pa gen tèt
Lari a rete pou pèchò ak zagoudi
Ti Nèg – Philadelphia, Pennsylvania, USA
Se avèk gwo rekonesans nou salye Bout souf, yon espas kote lavi, mo, ak enspirasyon marande pou fòme yon chimen nan literati nou. Bout Souf se pa sèlman yon rekèy, li se yon rèl vi, yon souf vivan nan lespri tout moun.
Wilkens Scott Fifi
9 commentaires
Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.
Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.
Se connecter Créer un compte
bobbypaul
***** APRÈ N FIN KOLE BRI pou rèv lespwa pa pèdi souf ti bout pa ti bout sèt vwa doubout rasanble y ap rele reponn pou souf powèm lan pa bout bobbypaul 2024
BOUT SOUF
Powèm nan plen men Sou nou kout Douvanjou tonbe tankou loray Yon lodè kafe san melanje Bout souf se rèl tout souf kout Ewa !
Wilkens Scott Fifi
Ann imòtalize bout souf Jouk souf nou imòtèl WSF
Styven Mangurart
Ewa!
Stéphanie Boursiquot
Powèm yo gen vi😍😍
Malherbe JOSEPH
M ap salye nou sèt fwa nan sèt kout souf, pandan m san souf nan tann Bout Souf.
Valancia Bolivard
Lizay pou bout souf k ap pouse bourik li!!
Wilkens Scott Fifi
Ewa Long vi pou souf bout souf Yon rekèy mèveye
Ti nèg
Ewa Ewa Ewa Se Bout Souf k ap mennen.