Klass: « savon pa ka dire kote k pa gen cheve »
Écouter l'article
Se ak yon vè konsa chanson Pou yon moun m ap mande, ki s on konpozisyon KLASS kòmanse. Li plase an dezyèm pozisyon sou albòm My pain killer/ Dwat pou w vini, ki soti nan mwa novanm 2024 la.
Premye reflèks yon reseptè aktif, se mande ki sa koze sa a vle di? Paske s on pawòl ki pa trennen lide n konn abitye tande yo. Anplis sa n konn abitye tande yo, depaman ak konsyans enonsyatif ki abite vè a. Tankou « se lè savon w fini w ap konn enpotans pwèl» oubyen « gaspiye chanpou» pou sila ki chòv yo.
Nou twouve g on pwoblèm, piske enonsyasyon an mete n devan limit konpreyansyon n. Donk pou n rezoud sa, premye travay ki pou ta fèt, se ta rele konpozitè a ki se Mayestwo Richie Konpa pou n mande l eksplikasyon. Men la ankò, nou ta pral fè faskare ak yon lòt pwoblèm, ki se etik metye a. Paske tout pwofesyonèl k ap apresye travay atistik ak literè konnen depi peryòd modènite nan koze atizay, yon kreyatè pa eksplike travay li.
Anpi tout kritik literè oubyen atistik dwe yon kreyatè. Paske travay la mande yo pou yo gen je ak zorèy tankou pwofèt nan ansyen tan yo oubyen yon medyòm. Kidonk, yo la pou eksplike travay kreyatè yo ki senbolize dye. Tout atis se dye.
Konsa, sila k ap apresye èv atistik yo vin pa sèlman yon kreyatè men yon fouyapòt tou, yon anketè nan sans Maximilien Laroche. S on moun k ap fouye zo nan kalalou, k ap chache konprann, k ap detire venn imajinasyon li pou l twouve sans enonsyasyon yon atis. Èv yon atis se yon ekwasyon…
Anpi se konsa, mwen vin sonje Charles Sanders Peirce di: « chak pwopozisyon afime pwop verite li», kidonk se mwen ki pou chache konprann verite enonsyasyon an olye m ap tann se verite mwen konnen deja a pou l te enonse. Anpi m di tou, si enonsyasyon an te klè, mwen te ka menm pa panse analize l. Paske, mwen t ap di se pa yon kreyasyon, se jis yon repetisyon.
Men piske l pa sa, li pouse m al chache ki verite l ap degaje. Anpi mwayen ki pi objektif, se rete anndan tèks la pou m konprann narasyon an, lide k ap rakonte a. Sitou, s on demach ki mande pasyans ak ladrès.
Vwalatilpa! Mwen rive jwenn kòd entèpretatif la. Men se kisa li ye menm?
Savon pa ka dire kote k pa gen cheve
[…]
Enben se yon enonsyasyon ki trennen lide yon pwovèb. L ap veyikile yon panse moral. S on konstriksyon metaforik ki fèt pou senbolize yon sitiyasyon. Nan sans savon reprezante vwa Pipo k ap chante a anpi cheve, reprezante okipasyon l ta dwe genyen nan relasyon li genyen ak patnè li. Nan ka sa a, cheve a pa reprezante fi ki nan relasyon an ak li a, pito sa k ta dwe detèmine wòl Pipo nan relasyon an. Sa l ap chache a.
Trapde! Nou vin konprann mo cheve a, se lanmou li senbolize nan relasyon an. Kidonk, s on nonm ki nan yon fwaye kote l ap pèdi tan li. Poukisa l dwe rete yon kote l pa gen itilite l? Kote k pa gen lanmou? Sans dire a evoke lide «rete». Li pa ka rete kote yon pa bezwen l.
E se menm pawol pèdi tan sa a nou pral jwenn pi lwen nan chante a:
Se pa dat m ap plante flè
Pou m jwenn yon ti papiyon
Konyeya m wè m nan yon dèzè
Dan wòch yo ap banm depresyon
Kidonk, pou n jwenn sans premye vè ki te kòmanse chante a, non sèlman nou dwe rete nan lespri chante a, men tou nou dwe kontinye chache l nan pasaj vèbal yo. Poudayè, se sa kat vè yo ap montre. Yo vin tabli yon koyerans pou lide a kapab pi klè: Se yon moun k ap gaspiye tan li. Li pa deside rete kote yo pa bezwen l vwa pou l ta pase la: l ap tou lage pye l.
Alòs tou sa, s on fason pou konpozitè a di, yon moun pa dwe rete kote l pa gen itilite l, sinon se desepsyon ak imilyasyon l ap boboye chak jou ki jou. Li jis ap pèdi tan l. Dayè li di l repete l nan yon pasaj nan naratif la:
Doudou cheri m reziye m
Ou met kanpe cha a m ap fout lage pye m
Poukisa l ap lage pye l? Paske « yon fwaye fristrasyon san kominikasyon/ se tankou yon bonm ki pral eksploze ». Kidonk depi se refoulman sou refoulman, s on soufrans nan nanm paske krityen vivan s on espès ki fèt ak langaj. Se nan kominikasyon li rive estabilize pilsyon ak oryante aksyon l pou l viv kòmsadwa. Sitou nan yon relasyon ki chita sou lanmou. Alòs li p ap pèdi ankò! L ap lage pye l!
San bliye tit chante a tou montre demach pèdi tan an paske olye l mande konsèy pou tèt li men l pito pase sou kote pou l di se pou yon moun l ap mande… Li prefere t ap fè detou.
Orso Antonio DORÉLUS
1 commentaire
Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.
Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.
Se connecter Créer un compte
Geneus!!!
Bravo!!! Depi li twò fasil Pou konprann li pa Yon kreyasyon Li se yon repitisyon