Écrire à la rédaction
Radio Pacific 101.5 fm
Culture

Godson Moulite : Yon solèy lespwa nan syèl lekriti

Godson Moulite : Yon solèy lespwa nan syèl lekriti

Écouter l'article

Godson Moulite se youn nan figi ki pi enpòtan nan jenerasyon pa li a. Miche se yon solèy k ap trase kata, bay kalinda nan tout kwenzerakwen syèl peyi Dayiti. Li gen plis pase 10 lanne ak yon plimpan kenbe fèm nan men l. Yon plim ki mete bonnanj lektè sou graj la kontantman, ki ranmase jefò otè isit ak otè laba, ki benyen nan jèvrin ayisyanite nou tètopye. Godson Moulite pouse premye kri l nan komin Yogann, yon komin ki desinen bèlteyis sou vizaj limanite epi pote nan kòsè l yon latriye jounalis kiltirèl, powèt, ekriven... Godson Moulite se youn pami djougan sila yo. Depi Godson ti katkat pa t menm ko ka di << rat rat rat menm voye yon bèl dan ba ou pou w voye vye vye dan ban mwen >> nanm li abite nan monn imajinè kote vèb, vokabilè, mo ap fè lakobat chak jou. Li grandi epi swiv terasman lakonesans jouk li rive madre lespri l jouk nan nannan pou sèvi lasosye.

Godson Moulite se yon Jounalis ki pote kè l nan men pou l separe lanmou an gwo ak an detay bay chak grenn moun li kwaze sou chimen lakilti. Se yon moun ki merite lonè ak respè pandan l vivan ni lè l travèse fontyè peyi san chapo. Li kolabore ak yon latriye medya, ak yon latriye edisyon tankou ; Le National, Sibelle Ayiti, Hpost5, Loops Haiti, Éditions Verella, les éditions précédentes...

Miche pa ret ap gade mo yo nan je, tòtòt yo, koute souf yo sèlman li foure men l tout longè nan pat literati kreyòl kote li ede mete sou pye yon kaye literè nan Le National  ki batize " POWÈM NASYONAL ". Yon Kaye kote pwezi machekontre bay payèt pou chavire lòlòj moun ki renmen li tout bon. Yon kaye ki soti chak ak yon latriye tèks powèt majòjon nan literati kreyòl la ki plòtonnen anndan kaye sila a. N ap jwenn yon powèt tankou Inema Jeudi, Malaba Pitit Plim, Ricardo Auguste, Ansky Hilaire, Smeev Jerry ... ak yon bann lòt ankò, lis la anpil men losyè m site yo ap fè nou wè aklè se pa yon mensafè.

 

yon losyè tèks powetik Godson Moulite

Souf mwen mouri anba zèl mango mi

Lè lapli tonbe sou tèt

Kò m fè pidetwal tanmen lasisin

 

Nan je ou

Mwen wè limyè zetwal klere kè m

chak lannuit an janmdebwa

 Pa kite m sèl

sou zile lanmou

pou van fewòs pa machande m

 

Fè yon barik

kote kè m va repoze anpè

pami flè k ap danse pou myèl

nan sezon siwo

 

Ann suiv mak pye anmou

pou flè pale pou nou

epi

rèv reyalize

 chak  kè nou  bat on sèl bò

Kaye literè POWÈM NASYONAL ( juin 2024)

 

Yon powèt se yon moun ki mete lajounen, lanjelis ak lannuit nan menm panyen pou pwezi kannale sou terasman tan an adwat agoch jouk rive jwenn jèvrin letènite. Powèt yo, toujou akonpi sou twotwa imajinasyon pou ranmase imaj lè mo fè kolizyon. Imaj ki pa rete ak imaj. Imaj chèlbèdèk. Imaj siwolin.

Aprè nou fin fourejegade tèks  Godson Moulite a. Nou kapab di li bon van sou chimen literati menm lè wout la long kontinye karese mo yo jouk ou rive sou boulva letènite.

Nan fason Godson Moulite angaje l anndan sosyete a montre aklè li se yon modèl sou bon chimen an, l ap ki tras li, gout lank li, pou tchovi k ap vin dèyè yo. Kenbe fèm pa moli.

 

Malaba Pitit Plim

1 commentaire

Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.

Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.

Se connecter Créer un compte

Denshell Denejour

Se yon genie u ye partner mwen admire u anpil bro🇭🇹

À lire également

Toute la rubrique Culture

Alertes du National

Recevez une notification sur votre téléphone ou votre ordinateur dès qu'un article paraît dans les rubriques de votre choix. Gratuit, sans inscription.

Rubriques à suivre