Écrire à la rédaction
Radio Pacific 101.5 fm
Culture

De bò goch : Se la emosyon ak angajman powèm lan chita

De bò goch : Se la emosyon ak angajman powèm lan chita

Écouter l'article

Powèt Jean-Baptiste Anivince se youn nan powèt ki pi enpòtan nan jenerasyon pa li a. Gras ak militans li, ak kalite atizay li, nonm nan rive mete tout moun bouch be ! Se yon powèt total kapital, ki kase karyann imajinasyon li, pou li jwenn bon jan materyo, pou li bati yon zèv wodpòte. Yon zèv pou tout tan gen tan ! Se yon powèt wololoy. Ou pa bezwen ni triye, ni vannen travay li. Emosyon bade tout kò powèm li yo. Nan de bò goch e kè grenn, nou pa sèlman jwenn yon trezò, men tou yon sous aksesib, yon langaj chaje ak emosyon ak yon vwayaj san bout. 

 

Jean-Baptiste Anivince merite lonè ak respè. Li pa kontante li ekri ak pibliye liv sèlman. Li enplike li nan lavi kiltirèl peyi d Ayiti kinnalaganach chak jou ak yon vitès-pasyon san limit. Li met baton pèleren li sou do li, pou li vwayaje, pou li pote ti gout literati bay tout moun ki swaf.

Li se : Kowòdonatè festival " du livre et des arts du nord-ouest d'Haiti (FlanoH), responsab direksyon kiltirèl literè Éditions Choucoune, prezidan-fondatè Tanbou-Literè epi direktè Regwoupman Ekriven Kreyòl (REK). Pami liv otè a met deyò, nou jwenn : A ma ville archipel de verres, Mo bosal, Pòtoprens, Descente Horizontale, Miroir pour habiter l'absence...

Se nan mwa dawout 2014 " De bò goch e kè grenn " wè jou. Tit liv la pote filozofi zèv la. Bri kouri, nouvèl gaye, se yon kou siprann, pyès moun pa te atann. Powèt Anivince gwòs pwòp tèt li, epi bay nesans ak youn nan powèm ki pi enpòtan li te ka ekri. Se yon defi, yon pari, yon pati domino ki byen brase, byen separe…

Powèt la leve yon bèl men mo, bèl men sòl, yon bèl men imaj, yon bèl men metafò. Powèt la fè dekabès sou tab literati.

 

Si otè a rele liv la de bò goch epi kè grenn, ta sanble gen yon rezon pwofon pou sa. Se petèt paske an jeneral bò goch la lye, mare sosis li ak emosyon ou jwenn kay yon èt imen. Ògan vital ki rele kè a sitiye sou bò goch kay yon èt imen. Dayè tout gen yon latriye ògan vital ki sanse plase sou kote goch lèzonm. Ou jwenn plizyè ògan enpòtan tankou : kè ki ap ponpe san, poumon ki pèmèt respirasyon moun fonksyone pi byen, ren pou retire dechè ak toksin. Elatriye ! Se petèt sèl eksplikasyon lojik pou nou konprann filozofi ki travèse zèv sila. Yon zèv byen ekri, byen kalkile, ki pa pote non li pou bèl twal. 

Jean-Baptiste Anivince pran pozisyon sou kèk kesyon ki pran daso lavi nan kotidyen nou menm moun. Li itilize emosyon, langaj djougan djougan pou li taye pyese pote vini yon seri tèm ak konsèp tankou : jistis sosyal, libète, egalite...

Demach otè a raple yon bann gwo zèv tankou : "Cahier d'un retour au pays natal" (Aimé Césaire), "Chants d'ombre" (Léopold Sédar Senghor), "Canto Général" (Pablo Neruda), " l'Opéra de quat'sous" (Bertolt Brecht), "La terre nous est étroite" Mahmoud Darwich" pou nou site sa yo sèlman. 

Se preske tout powèt, ekriven, ou atis angaje ki renmen enskri tèt yo nan demach pou yo lite kont opresyon, tirani, mechanste, pafwa linegalite sèksyèl. Jeneralman ekriven itilize liwoni, alegori, senbolis, repetisyon, lòt langaj figire pou yo koresponn ak sistèm yo vle kraze a. Tout mwayen bon. Men, se souvan bon jan naratif yo met kanpe pou yo rive fè sa.

Se souvan ak tèks lirik, epik, ou satirik yo fè mesay yo pase. Yo souvan jwenn rezilta final la. Otè de bò goch la jete yon gwo nas nan dlo je li, pou li ranmase doulè, blesi, peripesi, sikatris, mizèrere, ak zak sanginè sivilizasyon oksidantal la fè sou nèg, ak antilè.

Powèt la ekri :

 

Chas Depo Travèse

rèv plen sèl

nan alevini lanmè 

limanite wè nèf koulè malè

nou karibenyen depi nan doulè 

rive nan listwa

fen fon tribilasyon / grif kolonizasyon demoute mounite

sant zansèt yo rete tou ble sou dlo je lanmè

 

Powèt la boude anpil, li tire pye toupatou anndan powèm nan, pou li defann dwa moun. Denonse maltretans ki fèt sou tout fòm. Se petèt yon kwa, yon chay powèt la bay powèm yo pote. E, se yon travay ki pi fò pase òtè a. Se yon sasèdòs, yon misyon, yon sen pouse.

Pwofesi ? Divinasyon ? Obsèvasyon ? Antouka otè a te gentan pote manman li plent pou peyi a, se tankou li te gentan wè bagay yo ta pral dejenere, abim nan ta pral pi fon, fènwa ta pral pi pwès, lanmò ta pral kouche devan pòt lakay nou, lè li ekri :

 

Manman ki kote pou m lage m

lè peyi a kouri dèyè m 

raje emoraji

sa minista ap fè la a 

souverènte n ti kwa nan simityè

san mèt

Otè a kite yon ti kote nan rekèy la pou chak bagay. Yon ti kote pou li revandike, yon ti kote pou li renmen. Yon ti kote pou li fè bri, yon ti kote pou li fè silans, yon ti kote pou rèv ak foli taye banda, yon ti kote pou lespwa fleri.

Si nan de bò goch e kè grenn, nou jwenn yon tan pou revandikayon, yon tan pou renmen. Se paske òtè a rann li kont gen yon mank lanmou nan sosyete modèn yo, yon pasyon ki pa fè pye, yon osmoz ki pa fè ma, yon lyen ki pa fè lyann ak rasin, ki pa ramifye, ki pa travèse ale jwenn fanm ak gason ase, ki petèt pa menm ekziste. Epi, se petèt mank lanmou sa ki fè gen tout abi sa yo. Depi gen abi Jean-Baptiste Anivince toujou kanpe an kwa. 

 

Lanmou se yon santiman konplèks, linivèsèl ou kapab defini jan ou pito. Yon santiman ki pran nanm nan tandrès, devòsyon, lwayote, respè, konfyans, kominikasyon, pasyon, konpwomi...

Kapab toujou gen desepsyon, kapab toujou gen depresyon. Sa pral chita sou plizyè branch.

Èske nan de bò goch e kè grenn, powèt la eseye di nou pinga nou fè kè nou grenn si nou wè li damou fou ? Oswa malgre li jalou li ap toujou renmen ?

Men sa li ekri :

 

Padon si kè m tout kote 

mwen ak powèm nan pa konn pouki 

lè m mouri nan twoubote w

pou yo depoze m

 

De bò goch e kè grenn chita sou de wòch dife ki se : Revandikasyon ak lanmou. Otè a revandike sa ki lejitim, pandan li kontinye renmen. Se yon zèv ki byen travay ; nan yon lang ki charye pwezi, men tou, ki mande yon bann metriz pou naratif lan pa tounen plon gaye, epi pa pran devan powèm nan.

 

Se ekzakteman sa powèt Jean-Baptiste Anivince fè, lè li fè nou kado yon si bèl rekèy. Yon rekèy ki plen tankou yon ze, ki chaje bèl pawòl nèf, byen eskanpe. Powèt la montre nou nesesite pou nou defann dwa nou. Nesesite pou nou renmen malgre kè nou kapab grenn. Se yon lòt fason pou li di lanmou gen pouvwa pou li padone tout bagay. E, menm si tout bagay gen pou pase yon jou, lanmou ap rete byen vivan. De bò goch se yon liv tout lektè avize dwe li. 

 

 

Ricardo Auguste 

0 commentaire

Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.

Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.

Se connecter Créer un compte

Aucun commentaire pour l'instant. Soyez la première personne à réagir.

À lire également

Toute la rubrique Culture

Alertes du National

Recevez une notification sur votre téléphone ou votre ordinateur dès qu'un article paraît dans les rubriques de votre choix. Gratuit, sans inscription.

Rubriques à suivre