Écrire à la rédaction
Radio Pacific 101.5 fm
Culture

Powèm

Powèm

Écouter l'article

Powèm Nasyonal Kaye No8 la deplòtonnen Souf pou pwezire vivans bèlteyis lanmounite ak perenite lang ak kilti kreyòl ayisyen an anba dra senbyoz kè ak nanm.

Yon latriye powèt desann syèl nan asyèt makonnay imaj tout kalte limanite, jouk tout pitit ak pitit pitit adopte epi pale lang matènèl la kòmsadwa.

Nan yon sèl vwa, powèt yo chante lanmou redonnen lavi nan kè tyovi kouwè grandèt.

" Jou m damou w

Bajou pran kè m alatrap

Pou trese powèm ki bay sou lavi "

(Estiverne)

"...M anvi di w anvan rega w kase lèzo

Fèmen je w pou m desinen w

Sou papye kado "

(Alfred)

Nan lanmou youn pou lòt powèt yo charye tout revandikasyon, doulè ak mizè pèp la lage nan zòrèy leta pou yon konsyans kolektif boujonnen:

" Vil la trennen yon powèm lespwa

Yon powèm ki makonnen legzistans

Yon powèm pou tyovi jwe marèl ak lavi "

(Scritchmonov)

Pa janm bliye kaye sila a, se yon zouti pou devlopman mantal. Kaye sa pibliye pou jayi lanmou ak byennèt toupatou sou teritwa nasyonal la ak lòtbò dlo. Se espas kote lapwezi lonnen rèv. Pòtay PN foukan foukan pou resevwa tout powèm, tout plim tout plimay ki charye tout koulè atizay ak yo. Ou kapab file zèv ou a nan adrès sa a : powemnasyonal@gmail.com

Powèm Nasyonal yon inisyativ powèt Wilkens Scott FIFI ak jounalis powèt Godson MOULITE, Philippeson JUSTE (powèt - dizè), Jean Grégory FLORIYO (powèt), Stéphanie BOURSIQUOT (powetès) pote pou ou ansannm ak lòt kolaboratè tankou Dawinson SAINT CHARLES aka Malab'art (Grafis), Tètpwav Solèy (Pent) ak Le National.

 

POWÈM SOSYAL
1
Santiman m fin vyeyi
nan pote prèv damou peyi a sou do m
Lè m aprann
lavi nou se yon vigil leta byen plase
pou bay fraz simityè sans

Desten nou pa kont
yon miyèt pasi
yon mòso pala

Fòs nou swe
nan angrese rèv lòt moun

Pousyè pye peyi a
mande sekou
pou tout bon jou
ki bloke nan pasay

Santiman m fin vyeyi
nan pote prèv damou peyi a sou do m
Lè m aprann
lavi nou se yon vigil leta byen plase
pou bay fraz simityè sans

Pou peyi d Ayiti
MALABA Pitit Plim
Ti Rivyè Latibonit / Ayiti


2
PLENT

Lamitye
pa boukante zetwal ou
ak zèv yo pè lonmen devan timoun
lavi isit donte pawòl moun
douvan zak
ki donnen nan ti kalbas

Lamitye
tout rèv solèy fè vwèl
kote silans chire l pa ka koud
kote yo tere kantik moun lib
tou vivan

epi ki mele grantoryan
si san n bout
jouk lavi bliye renouvle l
ki mele zagoloray
si men n manke souplès
pou sove pwomès ki an pèdisyon

mezi se plent
ki mare lonbrit ak lajistis
se powèm ou pa gen fòs ekri

Jephte Estiverne
Okap / Ayiti


3
POWEM SILA

Vil la trennen
Yon powèm Lespwa
Yon powèm ki makonnen legzistans
Yon powèm
Pou tchovi jwe marèl ak lavi
Yon solèy
K ap jofre lalin k ap souri
Yon melodi pwezi ki sonnen nan kalfou
Fanm vanyan
K ap trase kata nan gran lakou

Powem sila
se limyè ki jouke fènwa
Powem sila
Se sezon lapli
N a reklame li sou Granri

Scritchmonov Jean Baptiste
Dèlma / Ayiti

 

4
KRIK KRAK

Chak fwa rega n anwoule nan van an
Sezon foli abiye lari latètopye

m pa konn ki wout
k ap bwè san nan pye m

Jou yo vann tèt yo
kò paradi toutouni
mond pa m
vomi pase tankou lank

Si yon jou
kè m ta pran plas lanmè
se pou m di n
vwayaj powèt toujou mouye santiman

Anlè a
batman kè m tounen klòch
se pa ri m ta ri foli
demen se pi gwo risk
pou m renmen tèt mwen anreta

Kite m woule tete lavi
jouk san m tounen siwo

Jean Emile Alfred
West Palm Beach / Lèzetazini


5
LAJAN KONTAN

Timoun
Pa wont bay dlo
Dlo zye pa janm gratis
Lè baraj kè n kase
Pa mezire kriye

Pou yon rèv k ap mouri swaf
Oubyen yon vil ki fè nofraj
Pou yon politisyen k bliye wont
Isit
Toujou gen yon rezon pou n kriye

Carl Henry BURIN
Pòtoprens / Ayiti

 

 

 

 

POWÈM SANTIMANTAL

1
Cheri
pa prese ak renmen m
dòmi leve ak non m
kwochte sou kè w
koute vag lanmou m
pran pèz mo nan bouch mwen
lè w pito
chanje bò nan powèm mwen
jwe ak santiman m
w a konprann kè m pi byen pase m

Pou Kérentina Zéus-Valmé
Malaba Pitit Plim
Ti Rivyè Latibonit / Ayiti


2

PI BÈL SEZON RENMEN

jou m damou w
bajou pran kè m alatrap
pou trese powèm ki bay sou lanmè

kolonm jwenn kowòm
siyonnen lesyèl ak jèb flè
kale testaman lenfini nan parantèz

pwomès kouve
anba wòb lannuit
kè n vòltije menm nyaj
tenèb bat ba

renmen w pouse larezon
nan laj pou l vale lalwèt li
douvan solèy ki wouze 4 sezon

jou m renmen w
tout fraz koule ak ma
avan yo aprann janbe lari

Jephte Estiverne
Okap / Ayiti


3
Bouch mwen fè dlo
lè m wè bèl nègès
fòm koka
k ap taye banda sou popyè m

Kè m pran bat fò
Lè je w benyen m
Pye m pran chimen syèl
Lespri m chavire tèt anba

Lè m wè w
Tout kò w tradui m lanmou
Syèl mwen plonje desann sou tè
Vag lanmè ou anglouti kè m

Kite m trennen nan pye w
Plante m nan kè w

Kite m donnen nan mitan pye w
M a boujonnen flè sou kò w
Chak sezon

Kite dlo m djaye
Sou chak fetay kò w
Kite m fè laviwonn anba jipon w

Zafè si yo di mwen
Arivis
Ki mele mwen !?

Mwen vle w pou mwen
Pou gran jounen fè lakilbit
Devan labrenn diswa

Scritchmonov Jean Baptiste
Dèlma / Ayiti


4
Anvan m pentire bonè
m sonje reflè w kite
ap danse nan miwa kè m
chak kout je
se yon apèl manke
m pa dwa rate

karès ou fè m kwè
se ak men yo wè
je se pou keyi flè

cheri
lanmou pa gen tèt dwat
se rezon powèt fou nan powèm
ap chache tras pye w

m anvi di w
anvan rega n kase lèzo
fèmen je w pou m desinen w
sou papye kado

m anvi di w
anba je zetwal
se ke wòb ou k ap vante

Jean Emile Alfred
West Palm Beach / Lèzetazini


5
FLÈ TETE

kamelya anpenpan
anba reyon solèy
pa pwodui polèn pase
tete fanm
se pwent tete ki flè
fanm
se lè w san soutyen
m wè prentan souri

m alèji ak siwo
lè m pran touse
se sèl pwent tete w ki ka
pase bwonch mwen
pwent tete w
se yon tizàn
ki fè m renmen lafyèv

gen pwent tete jasmen
pwent flanbwayan
gen pwent tete choublak
tout pwent se flè

si myèl ka fè siwo
se paske pwent tete se flè
chak fanm se yon jaden flè

Carl Henry BURIN
Pòtoprens / Ayiti

Prezante pa: Wilkens Scott Fifi ak Godson Moulite

2 commentaires

Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.

Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.

Se connecter Créer un compte

Wilkens Scott Fifi

Alelouya pou lang ak kilti kreyòl ayisyen an.

Antoine Elysse kim

Monov🔥🔥

À lire également

Toute la rubrique Culture

Alertes du National

Recevez une notification sur votre téléphone ou votre ordinateur dès qu'un article paraît dans les rubriques de votre choix. Gratuit, sans inscription.

Rubriques à suivre