Écrire à la rédaction
Radio Pacific 101.5 fm
Culture

JOUNAL BON NOUVEL : 57 rekòt kafe, yon eksperyans ak yon batay k ap kontinye….

JOUNAL BON NOUVEL : 57 rekòt kafe, yon eksperyans  ak yon batay k ap kontinye….

Écouter l'article

Nou pa kapab ap pale de pwoblematik lekti, liv ak bibliyotèk nan peyi nou Ayiti, san nou pa pale de jounal Bon Nouvèl. Nan yon kontèks kote te genyen yon enpozisyon lang franse nan pratik aanseyman ak nan laprès la an jeneral, prepare epitou distribye yon jounal nan lang kreyòl te reprezante yon demach moun pa ta ka  menm imajine. E poutan, nan lane 1967, yon pè katolik ki te rele Joris Ceuppens, nan kongregasyon Eskeutt yo, avèk api Monseyè Emmanuel Constant nan vil Ench, te lanse premye nimewo yon jounal ki rele Bon Nouvèl, avèk deviz : Jounal pou moun ki renmen lang manman yo. Dapre pwofesè Michel Soukar, Pè Joris Ceuppens te rive an Ayiti nan komansman lane 1960 yo. Youn nan premye bagay li te fè, lè li te rive nan peyi a, se te  pran tan li, se te pran san li, pou li te aprann lang popilasyon an, lang pèp la,  lang kreyòl la. Nou dwe raple isit la ke nan lane 1964, te genyen yon jounal ki te rele Boukan e ki pibliye pa yon ekip solid nan kominote legliz pwotestan an.

Jounal Bon Nouvèl raple nou yon seri evènman nan lavi pa nou, plizyè dizèn lane anvan jounen jodi a, nan Ti Rivyè Latibonit kote nou soti. Konsa, nan lane 1975 ki te yon lane Jibile pou Lapè nan legliz Katolik, te genyen yon pè franse ki te rele pè Jean-Mary Leroy ki te an chaj pawas Ti Rivyè Latibonit la. Yon dimanch, pandan lamès, nan pati anons yo, pè Leroy te anonse tout kominote fidèl yo ke lè lamès la fini, y ap twouve yon jounal achte ki rele Bon Nouvèl devan legliz la. Pri a sete 20 kòb, 20 santim. Nou raple nou sa tankou jounen jodi a. Te genyen mèt Thomas Jumelle avèk mèt Bertrand Celestin[1] ki te genyen nan men yo anpil nimewo jounal Bon Nouvèl pou vann. Tout moun ki te la yo te ap achte jounal la san pran souf. Nan yon bat je, tout kantite jounal Bon Nouvèl ki te disponib la te gen tan fini. Te genyen anpil moun ki te rete ak 20 santim yo nan men yo e ki pa te gen tan jwenn jounal la achte. Yo te ba yo lasirans tout moun ap ka twouve jounal Bon Nouvèl lòt mwa ki ap vini an. Epi, se konsa, yon koken chenn abitid te vini tabli ant fidèl legliz Sen Jewòm nan Ti Rivyè latibonit ak jounal Bon Nouvèl. Chak mwa, tout moun te gen tan prepare 20 santim yo pou yo ka jwenn  nimewo jounal Bon Nouvèl yo san pèdi tan. Se te tankou yon abonman moun yo te pran pou yo te jwenn jounal la regilyèman, chak mwa. Bon Nouvèl te vini tankou yon zanmi, yon referans nan yon kontèks kote pate genyen okenn lòt piblikasyon ki tap sikile nan Ti Rivyè latibonit. Se te yon randevou tout moun tap tann chak mwa. Lekti  jounal la  te  konn fèt nan fanmi yo, nan gwoup Lejyonè Mari, nan Kiwo Dayiti ak nan gwoup Misyon Patriyotik Dayiti Mèt Delinois Donatien te ap dirije. Ansyen nimewo yo te konn sikile nan prete yon lòt moun ki pa te gen tan achte li. Konsa, nan mitan lane 1970 yo  ak nan kòmansman lane 1980 yo, jounal Bon Nouvèl te rive sikile nan preske tout seksyon riral Ti Rivyè Latibonit, nan milye jèn yo, nan milye peyizan ki te fèk alfabetize yo. Nan lane 1982, Leta ayisyen ta pral adopte dispozisyon sou òtograf ofisyèl lang kreyòl la. Jounal Bon Nouvèl pral adopte epitou itilize nouvèl òtograf la.

Jounal Bon Nouvèl toujou akòde anpil enpòtans ak keksyon sosyal, kiltirèl ak ekonomik yo nan lavi chak jou popilasyon an. Se konsa te genyen atik sou pratik lagrikilti ak elvaj avèk patisipasyon Chavannes Jean-Baptiste ki te nan Sant Emayis-Papay e ki ta pral fonde Mouvman Peyizan Papay (MPP), yon òganizasyon peyizan kap feraye jouk jounen jodi a. Te genyen atik sou listwa peyi a, sou yon seri sit ak konstriksyon istorik  nan peyi a. Se konsa tout moun Ti Rivyè te kontan anpil li atik ki te ekri sou Fò Lakrètapyewo ak batay ki te fèt nan Fò sila pou liberasyon Ayiti, sou Palè 365 Pòt Wa Henri Christophe te konstri. Te gen atik sou kilti peyi a,  sou gran atis mizisyen Onikèl Augustin ak sou tablo atis pent Salnave Auguste nan Senmak. Jounal Bon Nouvèl te pibliye, nan de nimewo espesyal, yon prezantasyon sou relijyon vodou a an Ayiti. N ap raple atik sila yo sou vodou a te ekri san okenn prejije ak patipri. Se jounal Bon Nouvèl ki te pibliye nan tout peyi Dayiti premye atik repòtaj sou move kondisyon travay Ayisyen braseros yo, nan Batey yo,  ki te ale koupe kann nan Repiblik dominikèn. Anpil lòt atik repotaj ta pral fèt apre sou sijè sila nan lòt nimewo jounal la, e ki pral sansibilize opinyon nasyonal la sou gwo pwoblèm sosyal sila. Te genyen atik sou move kondisyon travay ouvriye fanm yo nan faktori nan zòn ayewopò ak nan Pak endistriyèl la. Nan jounal Bon Nouvèl, te genyen yon paj blag, jwèt labirent, pwezi, devinèt, kont ak mo kwaze tout lektè yo te renmen anpil. Te konn genyen yon lèt direktè a, Pè Joris Ceuppens. Te genyen lèt pou Direksyon jounal la lektè yo te konn  ekri. Te genyen resèt kwizin sou preparasyon yon seri  bon manje kreyòl. Te genyen prezantasyon ak kòmantè yon moso Labib. Jounal Bon Nouvèl se premye epitou sèl jounal an Ayiti ki te tradui epitou pibliye an kreyòl rezolisyon Konferans Pwebla, ki te fèt nan lane 1979, nan payi Meksik, sou tit Pwebla pou Pèp la pandan peryòd diktati Duvalier a menm. N ap raple isit la lide ki te ap bwase nan konferans Pwebla te chita sou responsabilite sosyal Legliz la nan Kontinan Amerik latin nan, e rezolisyon kopnferans sila ta pral bay Teyoloji Liberasyon an plis jarèt. Jounal Bon Nouvèl te jwe yon gwo wòl nan batay demokratik la e fòk nou pa bliye sa. Nan jounal Bon Nouvèl, nan kòmansman lane 1980 yo, te genyen yon seri atik djanm pè Eddy Julien te konn  pibliye sou kondisyon lavi peyizan ayisyen yo nan Depatman Grandans. Te genyen tou yon lòt pè ki te ap etidye nan Inivèsite Ebrayik Jerizalèm nan peyi Izraèl e ki te konn pibliye atik tou nan jounal la nan menm peryòd sila : se te pè Jean-Bertrand Aristide. Nan sa ki konsène literati nasyonal peyi a, jounal Bon Nouvèl se premye jounal ki te reyalize yon tradiksyon kreyòl woman Gouverneurs de la rosée Jacques Roumain te ekri sou tit Mèt lawouze. Travay sila te parèt  nan plizyè nimewo sou fom bann desine avèk desen yon desinatè ki te pote non jwèt Fanfan. Nan finisman lane 1979 yo, Bon Nouvèl te pibliye rezilta premye konkou woman kreyòl li te oganize e se pwofesè Paul Antoine ki te pral pran pri a ak yon woman ki te rele Nan savann dezole. Nap raple, nan menm lane sa a, ekriven Franketienne te pral pibliye premye woman kreyòl an Ayiti ak nan tout Karayib la sou tit Dezafi. Toujou  nan oganize konkou woman nan lang kreyòl, nap raple gwo siksè woman ekrivèn Baudelaine Pierre te genyen nan ranpòte premye pri Bon Nouvèl la nan lane 2002 ak woman ki te pote non Testaman. Yon bèl listwa nou envite tout moun al li.

Eksperyans Bon Nouvèl la monte, li desann, li remonte. Pè Joris Ceuppens pa la ankò denpi lane 1982. Nou ka konprann sa. Anpil moun an Ayiti ap toujou sonje pè Joris Ceuppens. Y ap toujou sonje yon lèt pè ki rele Hugo Triest e ki te dirije Radyo Solèy pandan peryòd diktati a.  Men se sa lavi a, se sa yon batay. Plizyè lòt direktè vini apre pou kontinye travay la nan jounal Bon Nouvèl. Pratik kominikasyon yo vini chanje anpil tou ak evolisyon teknoloji a. Jèn yo, moun yo pa li menm jan. Jounal pa vann menm jan nan peyi a. Ensekirite tribò babò. Bal ap tire tribò babò. Moun paka sikile. Pwodisksyon ak distribisyon yon jounal jounen  jodi a, an Ayiti, se gwo tèt chaje. Men Bon Nouvèl chanje tou pandan l ap kenbe menm liy travay li : akonpaye sa ki pi fèb yo pandan l ap ankouraje nou  pou nou  pare kou ak baton ki nan men nou.  Jounal Bon Nouvèl  toujou la e lap kenbe djanm, tenn fas. Jounal la modènize nan pajinasyon li, nan prezantatsyon li, epitou li sou entènet, sou fesbouk nan adrès sila : https://web.facebook.com/JounalBonNouvel/posts/.

Nan okazyon trantyèm anivèsè li, sou Radio Haiti Inter, katriyèm Direktè li, Pè Jean Hoot, te rankontre jounalis Jean Dominique, nan jou  ki te 23 avril 1997. Dapre pè Jean Hoot,  « Jounal Bon Nouvèl la rive tire a 17.000 chak mwa. Ak opsyon pou sa ki pi pòv yo, sa ki pi mal yo. Yon pèp ki pale kreyòl fòk li gen oksazyon pou li sevi ak lang li pale pou li regle pwòp  zafè pa li, nan jaden li, nan komès li nan lajistis. Se yon bagay ki esansyèl. Jounal la bay yon ouvèti sou sa ki reyini tout kretyen ki kwè nan Jezikri »[2]. Nan lokazon trantsenkyèm anivèsè jounal la, piblikasyon an liy AlterPresse, nan dat 29 avril 2002, te bay rezilta konkou kont ayisyen sou anviwonman jounal Bon Nouvèl te oganize. Li te pwofite pale ak direktè jounal, pè Jan Out, sou keksyon sitiyasyon jounal la ak lang kreyol la nan sosyete ayisyen an. Dapre pè Jan Out ki tap pale ak AlterPresse, « Depi ane 2000, gen yon ogmantasyon abònman grenn moun ak nan lavant an detay nan zòn Pòtoprens. Se sa k esplike yo kenbe 18 mil nimewo chak mwa, ki sanble menm pa ase, devan demann k ap vin jwenn jounal la nan dènye tan sa yo. Si lontan te gen gwo abònman, kounye a gen enstitisyon ki pran 100, 200 sou 18 mil nimewo yo soti chak mwa jodi a. Gen menm yon pawas katolik nan Plato Santral ki pran mil 100 nimewo chak mwa »[3]. Men genyen pwoblèm tou sou zafè avansman lang kreyòl la. Dapre AlterPresse, « Pi gwo pwoblèm Pè Jan Out di li jwenn depi 6 an li nan tèt jounal la, se estim li  kwè Kreyòl la poko genyen jiska prezan nan peyi a, jan lang sa a merite l. Yon majorite moun toujou gen prejije sou Kreyòl la, yo twouve se tan pèdi, se pa yon lang tankou tout lang, kreyòl la pa dwe antre nan lekòl»[4]. Dapre pè Jan Out, « Se sèlman yon piblik byen defini ki toujou ap fè jefò pou lang kreyòl la. Apa peyizan ak sila ki gen entelijans, ou jwenn divès kategori moun nan sosyete a ki kontinye ap kore kòz batay anfavè lang Kreyòl la. Kòm nou di l, baton k nan men w, se ak li pou w pare kou. Kreyòl la se lang manman w, se ak li ou dwe regle tout afè w »[5]. Jou  ki te 5 oktòb 2018 la, Jounal Bon Nouvèl te resevwa yon Plak Onè ak Merit nan men Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA). Se yon bon bagay.

Pou pwofesè sosyoloji Luc Smarth nan Fakilte Syans Moun nan Inivèsite Leta Ayisyen, jounal Bon Nouvèl « te jwe e ap kontinye ap jwe yon gwo wòl nan akonpaye popilasyon  an. Li ekri nan yon langaj ki senp e sijè ki trete yo makonnen ak lavi chak jou pèp ayisyen an ». Pou nou menm, nou kapab konstate genyen bon jan avanse ki rive fèt nan batay pou bay lang kreyòl la plas li ak valè li nan sosyete ayisyen an. Nan lekòl, nan laprès, nan legliz, lang kreyòl la pran plas li. Nan Inivèsite, gen kou ki fèt an kreyòl e gen memwa tou ki ekri et soutni nan lang kreyòl tankou nan Fakilte Syans Moun kote tou genyen egzamen kominikasyon kreyòl ki obligatwa nan konkou admisyon an. Men anpil travay rete pou fèt, sitou nan administrasyon piblik la ak nan lajistis kote tout dokiman enpòtan ki konsène lavi popilasyon an toujou ekri nan lang franse sèlman. Nan tribinal yo pledwari yo kontinye ap fèt an franse, vèdik yo toujou ap bay an franse kote moun ki  konsène yo ak asistans la pa konprann anyen. Anpil travay rete pou fèt. Se pou tèt sa, n ap di ekip Bon Nouvèl  la kenbe djanm, malgre tout difikilte. Bon nouvel : se plis pase yon jounal, se yon lide, yon eksperyans ak yon batay k ap kontinye. Konsa, baton ki nan men ou, se ak li ou pare kou.

 

Jérôme Paul Eddy Lacoste,    

Sektanm 2024

babuzi2001@yahoo.fr    

 

NÒT

[1] Dokimantalis, Responsab akademik Fakilte Syans Moun, Inivèsite Leta Ayisyen.

2Mèt Bertrand Célestin te kite nou nan lane 2001. Se te yon sitwayen, yon patriyòt angaje nan lavi sosyal Ti Rivyè Latibonit. Li te pwofesè lekòl, dirijan gwoup Kiwo Dayiti, majstra kominal. Mèt Bertrand Célestin te fòme anpil jenarasyon. Nou salye travay ak memwa li.  Mèt Thomas Jumelle toujou ap sèvi kominote a. Se lokazyon  jodi a pou nou remèsye  piblikman Mèt Thomas Jumelle pou tout sa li fè e kontinye  ap fè nan Ti Rivyè Latibonit.  

3 Nou kapab tande tout entèvyou sila sou entènet nan adrès : http :Face à l'Opinion: Pè Jean Hoot, jounal Bon Nouvèl (1) / Radio Haiti Archive / Duke Digital Repository.

4 « Bon Nouvèl 35 an nan kore  batay  anfavè lang kreyòl la ».  www. AlterPresse | Bon Nouvèl : 35 an nan kore batay anfavè lang kreyòl la

5 Menmm kote a.

6 Menmm kote a.

[1] Mèt Bertrand Célestin te kite nou nan lane 2001. Se te yon sitwayen, yon patriyòt angaje nan lavi sosyal Ti Rivyè Latibonit. Li te pwofesè lekòl, dirijan gwoup Kiwo Dayiti, majstra kominal. Mèt Bertrand Célestin te fòme anpil jenarasyon. Nou salye travay ak memwa li.  Mèt Thomas Jumelle toujou ap sèvi kominote a. Se lokazyon  jodi a pou nou remèsye  piblikman Mèt Thomas Jumelle pou tout sa li fè e kontinye  ap fè nan Ti Rivyè Latibonit.  

[2] Nou kapab tande tout entèvyou sila sou entènet nan adrès : http :Face à l'Opinion: Pè Jean Hoot, jounal Bon Nouvèl (1) / Radio Haiti Archive / Duke Digital Repository.  

[3] « Bon Nouvèl 35 an nan kore  batay  anfavè lang kreyòl la ».  www. AlterPresse | Bon Nouvèl : 35 an nan kore batay anfavè lang kreyòl la

[4] Menmm kote a.

[5] Menmm kote a.

1 commentaire

Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.

Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.

Se connecter Créer un compte

Gabriella

Bonjou! Ki kote adres nou ye Svp?

À lire également

Toute la rubrique Culture

Alertes du National

Recevez une notification sur votre téléphone ou votre ordinateur dès qu'un article paraît dans les rubriques de votre choix. Gratuit, sans inscription.

Rubriques à suivre