Écrire à la rédaction
Radio Pacific 101.5 fm
Culture

Akademi Kreyòl Ayisyen an ( AKA) mete chapo l byen ba pou l salye memwa Pierre Michel Chéry

Akademi Kreyòl Ayisyen an ( AKA) mete chapo l byen ba pou l salye memwa  Pierre Michel Chéry

Écouter l'article

Se avèk anpil dlo nan je Akademi Kreyòl Ayisyen an ( AKA) anonse lanmò akademisyen Pierre Michel Chéry. Nan yon nòt kondoleyans AKA mete chapo li byen ba pou salye travay Pierre Michel Chéry te fè pandan li te avèk nou sou tè a.

Pou kolèg akademisyen l yo nan AKA disparisyon Pierre Michel Chéry se yon gwo pèt pou peyi a. AKA envite tout sosyete a ede li ranmase bèl eritaj literè vanyan gason sila a kite."Samdi 25 me 2024, se yon dat tris, yon dat malouk ki plonje Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA) nan lapenn, yon dat ki pral rete tankou yon pwasenkant sou do Akademi Kreyòl Ayisyen. Nouvèl lanmò Akademisyen Pierre Michel CHÉRY, ki t ap goumen depi kèk tan ak yon maladi, lage tout Akademi an nan chagren ak dezolasyon. Akademisyen Pierre Michel CHÉRY janbe, li fè gran vwayaj la. Se yon gwo kou. Kou a fè nou mal. Yon kou pou non sèlman Akademi Kreyòl Ayisyen men tou, pou tout sosyete a, anjeneral, lè nou sonje nivo enplikasyon pèsonaj la nan lavi pèp ayisyen an, kit se kòm Akademsyen, ekriven, anseyan oubyen militan politik.

Disparisyon Akademisyen Pierre Michel CHÉRY se yon gwo pèt pou Ayiti. Kontribisyon Akademisyen an nan anrichisman memwa literè ayisyen an fondamantal. Zèv li yo, sitou divès woman ak atik li jeneralman ekri an kreyòl, montre kijan Akademisyen an te rete kole ak kilti, tradisyon, idantite ak filozofi pèp ayisyen an. Tout zèv li yo se yon kèt, yon afimasyon, yon ranmase, yon vwayaj nan fenfon istwa peyi a. Akademisyen CHÉRY itilize materyo li detere nan abitid pèp la pou li gani tab literè ayisyen an ak anpil bèl chedèv tankou Eritye Vilokan, Bèbè Gòlgota, Senfoni Nago, Dogid Atisou, Peleren… Se yon pitit otantik peyi a pèdi, malgre zèv Akademisyen an pral rete vivan.

Alafwa Lengwis, Womansye, Enfòmatisyen, Jesyonè, Akademisyen Pierre Michel CHÉRY te sitou yon gwo defansè lang kreyòl ayisyen an, li te pran abitid defann ak anpil detèminasyon. Li  fèt 18 mas 1956 nan komin Miragwàn (Ayiti). Se yonn nan ra ekriven ayisyen ki te chwazi ekri sèlman nan lang kreyòl la epi ki mennen gwo batay pou fè respekte dwa lenguistik tout Ayisyen. 

Akademi Kreyòl Ayisyen te byen kontan konte Akademisyen Pierre Michel CHÉRY pami manm li yo. Tout gwo konba li te mennen, toupatou nan peyi a, ap rete kòm sous enspiration pou manm ki la kounye a yo ak pou jenerasyon k ap vini yo.

Akademi Kreyòl Ayisyen ap pwofite moman difisil sa a pou li prezante senpati li bay pitit Akademisyen CHÉRY yo, fanmi, zanmi, etidyan ak tout lòt moun lanmò sa a lage nan tristès. AKA envite tout sosyete a ede li ranmase bèl eritaj literè vanyan gason sila a kite, pandan li pwomèt li pral travay pou non Pierre Michel CHÉRY rete byen vivan nan mitan nou. 28 oktòb 2023, AKA te remèt yon plak Onè ak Merit bay Akademisyen Pierre Michel CHÉRY pou latriye liv li ekri ak konba li mennen pou fè respekte lang kreyòl ayisyen an. PIMICH, w ap toujou prezan nan AKA !" Fòk nou di tou Pierre Michel Chéry fèt Sen Michèl (nan depatman Sid Ayiti). Pierre Michel Chéry etidye estatistik ak enfòmatik nan CEFORSI (Centre de Formation de Statisticiens et d’Informaticiens) an 1980’; an 1983 li pran yon diplòm nan jesyon biznis nan INAGHEI’; li etidye lengwistik nan Fakilte Lengwistik Aplike an 1994’; an 2002, Pierre Michel Chéry fè yon metriz nan Teknoloji Enfòmasyon.

Se sitou nan aktivite enfòmatik moun pi fasil rankontre Pierre Michel Chéry an Ayiti, epoutan akote aktivite pwofesyonèl li, Pierre Michel Chéry se yon moun ki pa machande kolaborasyon li nan anpil aktivite k’ap fèt pou defans ak pwomosyon lang kreyòl yo ak kilti kreyòl yo. Moun plis konnen non li aletranje akoz atik l’ap pibliye an kreyòl sou divès kalite sijè sou entènèt pou òganizasyon k’ap fè pwomosyon lang kreyòl yo. Konsa Pierre Michel Chéry ap potekole nan REKA (Rezo Kreyolis Ayisyen) ansanm ak lòt militan kòz lang kreyòl la, nou jwenn li tou nan IOCP (International Organization of Creole People).

Pierre Michel Chéry deja pibliye Eritye Vilokan an 2001.

 

Schultz Laurent Junior

0 commentaire

Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.

Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.

Se connecter Créer un compte

Aucun commentaire pour l'instant. Soyez la première personne à réagir.

À lire également

Toute la rubrique Culture

Alertes du National

Recevez une notification sur votre téléphone ou votre ordinateur dès qu'un article paraît dans les rubriques de votre choix. Gratuit, sans inscription.

Rubriques à suivre