Écrire à la rédaction
Radio Pacific 101.5 fm
Culture

Kreyòl, Fransè, Anglè, Espayòl : pwopozisyon sou estati pedagojik lang yo an Ayiti

Kreyòl, Fransè, Anglè, Espayòl : pwopozisyon sou estati pedagojik lang yo an Ayiti

Écouter l'article

Estati Pedagojik yon lang nan yon sistèm edikasyon se wòl lang nan jwe nan ansèyman nan sal klas yo objektivman nan tout lekòl ki nan sistèm edikasyon an, tandike pedagoji lang se disiplin ki konsène teyori ak teknik sou ansèyman lang. Li klè pou nou tout, kesyon lang nan peyi Ayiti se yon fenomèn ki frape tout sektè nan sosyete a. Se yon fenomèn tou ki atire atansyon anpil save nan divès domèn. Se pa yon fenomèn ki senp ni yon fenomèn ki ka chape anba atansyon anpil moun ki angaje nan refleksyon sou bonjan edikasyon pou jèn yo epi ki enterese pou peyi a antre nan yon dinamik devlopman. An reyalite, kesyon lang se yon kesyon ki enpòtan pou tout sosyete. Yon moun k ap viv nan yon sosyete ki gen yon sèl lang[1] ka pa sezi enpòtans lang. Men, se pa menm sitiyasyon an pou yon moun ki oblije viv nan mitan moun k ap pale plizyè lang diferan – sitou lè wòl ak estati chak lang yo diferan nan sosyete a. Yon moun nan yon sosyete konsa ka pafwa oblije ap panse sou sa lang an jeneral ye epi tou sou sa chak lang yo pale nan sosyete a reprezante pou lavi li kòm moun.

Pa gen pase nan chemen dekoupe, refleksyon sou sistèm edikasyon an nan peyi Ayiti sipoze pran sitiyasyon lang nan an konsiderasyon nan sosyete a an jeneral. Desizyon Ministè Edikasyon pran 14 jen 2023 pou elèv yo gen chwa nan ki lang yo vle pran egzamen Nevyèm Ane Fondamantal yo[2], desizyon li te pran konsènan itilizasyon lang kreyòl la nan Liv Inik la[3], epi menm desizyon Ministè a te gentan pran an 2015 pou li siyen yon pwotokòl akò avèk Akademi Kreyòl Ayisyen[4] konsènan lang kreyòl, tout montre enpòtans kesyon lang nan nan desizyon etatik nan sektè edikasyon an. Nou pa dwe bliye tou kantite travay yon bon valè entèlektyèl ayisyen ap fè sou kreyòl oswa an kreyòl. Abòde kesyon lang nan vin anfen tounen yon obligasyon istorik pou kèk nan nou nan jenerasyon sa a. Pandan travay sa yo ap fèt, li nesesè tou pou nou oryante refleksyon an yon jan, sou yon plan pragmatik, pou nou antann nou klèman sou estati pedagojik lang yo, sa vle di, kreyòl, fransè, anglè, avèk espayòl nan sistèm edikasyon nou an.

 

Konsènan lang kreyòl la

Konfigirasyon kominote lengistik reyèl Ayiti a pèmèt nou konsidere de (2) kategori pèfòmans nan lang : pèfòmans nan lang kreyòl la kòm L1 epi pèfòmans nan lòt lang, kèlkeswa nivo a. Anfèt, nan ka sa a, nou evite diskisyon konpetans vèsis pèfòmans lan pou nou ka fokalize nou plis sou nivo konesans yon moun ka konnen nan yon lang ki ka fasilite edikasyon li pi byen nan lang nan.

Men, jan nou elabore sou pwen sa a nan lòt travay, nou ka konsidere nosyon konpetans lan parapò ak lang kreyòl la pou Ayisyen ki fèt epi grandi nan peyi Ayiti, epi kite nosyon pèfòmans lan pou konesans yo vin ranmase nan lòt lang tankou fransè, anglè, ak lang panyòl. Nan kad menm chapant teyorik nou devlope sou lang an Ayiti tou, nou ka pale de akizisyon pou lang kreyòl la epi aprantisaj pou lòt lang yo. Konsèp akizisyon an pèmèt nou fè referans avèk lang moun nan pa fè efò konsyan pou li konnen an tandike nosyon aprantisaj la pèmèt nou fè referans ak lòt lang, sa vle di fransè, anglè, espayòl nan ka Ayiti ; an jeneral lang aprenan an pral plis jwenn nan sal klas avèk nan liv.

Nou konprann tou sa k fè diferans pou lang kreyòl la se paske Ayisyen deja gen kapasite nan lang nan ki pa konparab ak kapasite yo genyen nan pyès lòt lang akoz yo fèt ladan l. Nan sans sa a, lang kreyòl la reprezante yon fòtin pou elèv ayisyen an. Nan sal klas la y ap gen pou yo al aprann ekri lang nan epi pou yo esprime panse yo ladan l, men pwosesis sa a p ap fèt menm jan an tankou nan ka lang fransè a. Pou lang kreyòl la, youn nan pi gwo tach sistèm edikasyon an se asire l elèv ayisyen metrize lang sa a kòm premye lang yo. Yo dwe ka fè avèk lang Kreyòl la sa yon ti Alman fè avèk lang Alman an, sa yon ti moun Fransè fè avèk lang Fransè a, sa yon ti Ameriken fè ak lang Anglè a. Timoun sa yo kontinye aprann lang yo nan develòpman akademik yo nan pi fò klas y ap pran.

Kontèks nou site yo la a konnen gen yon nivo konesans timoun lakay pa yo dwe genyen soti nan preskolè rive nan nivo inivèsitè e yo konnen tou se nan lang yo fèt ladan l lan e yo pale nan anviwònman yo pandan tout anfans yo a yo kapab fè sa. Dayè, mond lan tèlman pran sektè edikasyon an oserye, UNESCO kreye Enstiti Estatistik UNESCO ki se yon ajans espesyal ki travay sou klasifikasyon edikasyon nan mond lan. Ajans sa a pibliye yon seri dokiman sou labèl Estanda Entènasyonal Klasifikasyon Edikasyon[5] konsènan estatistik sou edikasyon nan mond lan. Pwogram sa a montre genyen yon nivo konesans minimòm yon elèv dwe genyen lè li konplete edikasyon premye sik li, dezyèm sik li, twazyèm sik li, epi katriyèm sik li selon echèl entènasyonal sou estanda edikasyon yo. Garanti pou li gen konesans minimòm ki transferab sa a, se plis nan Premye Lang li a li ka atenn li. Yon chèchè ki vle montre lekontrè kapab kolekte done ki nesesè pou li fè sa, men se yon gwo defi l ap gen devan l.

 

Konsènan lang fransè, lang anglè, ak lang panyòl

Li enpòtan pou nou rekonèt lang fransè, lang anglè, ak lang espayòl gen yon prezans nan kominote lengistik ayisyen an, yon jan oswa yon lòt. Ki nivo pèfòmans elèv yo bezwen atenn nan lang sa yo e nan ki bi, se yon kesyon dirijan yo nan sistèm nan, chèchè yo, epi lòt moun sa enterese bezwen pwofonde. Pou lang Fransè a an patikilye, lidè nan domèn edikasyon yo bezwen deside nan ki nivo pèfòmans sistèm nan vle elèv yo rive nan lang sa a, nan fen chak sik eskolè, sa vle di nan fen Premye Sik Lekòl Fondamantal, fen Dezyèm Sik Lekòl Fondamantal, nan fen Twazyèm Sik Lekòl Fondamantal epi nan fen Lekòl Segondè. Nou pa ka itilize menm endikatè mezirab pou lang kreyòl la ak lang Fransè nan ka elèv Ayisyen – sa se yon pwen pou nou ensiste sou li anpil. Nenpòt kantite ane yon Fransè, yon Ameriken, yon Alman, yon Espayòl fè ap aprann yon lòt lang, sa vle di yon lòt lang ki pa lang prensipal lakay yo a, donk ki pa Lang Manman oswa L1, yo pa janm pretann konfonn lang sa a avèk lang natif natal yo a. Elèv ayisyen gen pou yo aprann fransè oubyen nenpòt lòt lang men lang kreyòl la rete Lang Prensipal, Lang Manman, lang natif natal oswa L1, e li rete sitou “Lang ki soude tout Ayisyen ansanm”, jan Konstitisyon 1987 amande a di l la.

Se menm pwen an tou pou lang Anglè ak Panyòl. Elèv ayisyen an ka aprann lang sa yo epi rive nan nenpòt nivo pèfòmans ladan yo, men lang sa yo pa reprezante sa lang kreyòl la reprezante pou elèv ayisyen yo. Si nou pa bay lang yo plas yo dwe genyen nan sistèm edikayon an, l ap difisil pou nou defini ki bò nou vle elèv yo rive nan pèfòmans yo dwe genyen nan lang yo. Ki nivo elèv yo ka rive genyen nan lang yo ki pou pèmèt yo akonpli yon seri tach presi selon yon apwòch ki rekonèt ni estati reyèl lang yo nan sosyete a ni estati reyèl yo nan sal klas yo, san nou pa bliye wòl lang yo sou plan jewopolitik? Kesyon sa a se yon kesyon ki parèt esansyèl nan refleksyon sou lang yo nan peyi Ayiti. Estati pedagojik nou bay lang yo ap detèmine nivo pèfòmans elèv yo nan lang yo epi nivo pèfòmans sa yo ap detèmine sa elèv yo ka fè nan lang yo. Nan pèspektiv sa a, n ap fè yon kout je sou kèk endikatè mezirab konsènan nivo pèfòmans nan lang yo.

Travay mwen fè sou kesyon lang nan an Ayiti deja egzije yon demach fòmèl pou estati pedagojik lang yo nan peyi a selon yon vizyon pou yon sosyete ki ka vin yon sosyete plirileng. Selon chapant teyorik nou pwopoze a, pou nou rezoud kesyon lang nan nan sistèm edikasyon an epi pou nou pèmèt sosyete kreyolofòn Ayiti a pi byen benefisye sitiyasyon lengistik li a, li nesesè pou:

  1. Sistèm edikatif la itilize lang kreyòl la kòm Lang Prensipal, sa vle di Premye Lang oubyen L1.
  2. Sistèm edikatif la itilize lang fransè a kòm Lang Eritaj avèk yon pedagoji adapte ak sosyete Ayiti a[6].
  3. Sistèm edikatif la itilize lang anglè a ak lang Panyòl la kòm Lang Etranjè men nan objektif pou li ede elèv yo ak etidyan yo develope pèfòmans mezirab nan lang sa yo ki kapab ede yo ni an Ayiti ni lòt kote.

Twa (3) pwen sa yo antre nan kad devlòpman yon plirilengiz nan sosyete ayisyen an ki baze sou lang kreyòl la kòm poto mitan plirilengiz la. Lè nou poze prensip plirilengiz la, nou oblije reflechi sou ki nivo pèfòmans elèv yo ka rive genyen nan lang yo pratikman. Anfèt, se pwoblèm pèfòmans nan lang yo menm ki fè nou oblije wè ki wòl yo ka genyen nan edikasyon elèv yo. Se kesyon pèfòmans nan lang yo menm ki fè nou reflechi sou difikilte lang fransè a poze pou l sèvi kòm Premye Lang oubyen kòm Dezyèm[7] Lang nan edikasyon nan peyi a. Nou dwe raple jan edikasyon deja se yon pwosesis ki difisil e ki mande anpil konsantrasyon mantal. Lè elèv la gen pou l ap fè efò pou l aprann matyè a epi an menm tan pou l aprann lang ki pou fè l konn matyè a se yon maswife sistèm nan fè l ap monte. Pou plis detay, pati anba a prezante agimantè pou nivo pèfòmans yo.

 

Revi Detèminasyon Nivo nan Pèfòmans nan Lang

Lè n ap reflechi sou pèfòmans nan lang, youn nan kesyon nou ka jwenn se ki lè nou ka di yon moun konn yon lang vrèman. An reyalite kesyon ‘konnen’ yon lang se yon zafè konplike. Kapab gen anpil diskisyon sou kesyon ‘konnen’ yon lang. Yon save tankou Noam Chomsky (1959, p. 33)[8] di nou depi yon moun fèt nan yon lang epi li pa gen pyès domaj byolojik oubyen sikolojik ki entèfere avèk devlòpman l, li gen konpetans pafè nan lang nan. Nosyon pèfeksyon nan lang gen relasyon avèk jan yon moun ki pale menm lang ak yon lòt moun ka fè youn konprann lide lòt san difikilte – sa vle di seri difikilte yon lòt moun ka genyen si li pa t ap naje nan lang nan depi l piti oubyen depi pandan laj kritik la[9].

Sou menm kesyon konn lang nan tou, gen moun ki ka di yon moun pa janm fin konn yon lang sitou paske lang nan kontinye devlope. Men puiske nou enterese nan wòl lang yo nan edikasyon, n ap abòde diskisyon an sou plan pedagojik. Menm sou plan pedagojik la nou dwe siyale tou, rive konnen sa yon moun konnen nan yon lang se pa yon egzèsis ki toujou fasil ni ki toujou fyab nonplis. Se menm jan sa ye pou tout branch konesans. Nou pa janm ka rive byen konnen vre sa yon moun konnen vrèman. Nou fè egzamen pou nou evalye sa elèv oubyen etidyan konnen pou nou ba yo nòt men egzamen pa toujou vrèman endike sa yon moun konnen vre. Men kòm fòk nou pran desizyon ki ka mennen nou bay yon moun yon diplòm apre li pase yon kantite kou, nou oblije ‘mezire’ sa moun nan konnen epi ba li yon nòt.

Lè nou di ki lè yon moun rive konnen yon lang, nou plis ap gade aspè pèfòmans moun nan bay nan nivo pale, ekri, tande, li, epi entèraksyon. Nou konnen byen moun nan ka konnen plis pase sa li eksprime nan pale, ekri, tande, li, epi entèraksyon. Men nou gade yo kòm eleman pèfòmans nan yon tèl lang ki pèmèt nou konpare nivo tèl moun rive pèfòme nan lang nan parapò ak tèl ou tèl tach li ka akonpli avèk yon maksimòm efikasite. Nou rele sa endikatè mezirab nan tèl ou tèl lang, an gwo, sa moun nan ka rive reyèlman akonpli nan lang nan. Yon lòt fwa, e n ap ensiste pou nou di, pwen sa a pa konsènen L1 an, sa vle di Lang Manman, oswa Premye Lang. Darline Côthière[10] fè yon travay nan menm liy lide sa a, men otè a pa di nan ki nivo nan sistèm edikasyon an yo dwe aplike referans lan. An plis, nou jwenn twa eleman pwoblematik nan travay Côthière yo: 1) li pwopoze pou lang fransè sèvi kòm dezyèm lang[11], 2) li pwopoze menm nivo pèfomans yo pou fransè ak kreyòl, 3) ta sanble li konsidere lang kreyol la kòm yon lang etranje nan idantifikasyon konpetans yo puiske, malgre otè a sanse rekonèt Kreyòl kòm L1, li di referans li a “oryante sou kreyòl lang etranje”[12].

Kòm nan seri travay mwen angaje m yo se yon seri travay kote mwen abòde aspè reyèl devlòpman sosyete a epi wòl lang kòm kapital[13] ka jwe ladan l, nou oblije fè yon konsiderasyon ki trè pragmatik parapò avèk plas reyèl posib lang yo. N ap gade sa ACTFL[14], ki se yon enstitisyon Ameriken ki travay sou kesyon lang, devlope kòm endikatè mezirab sou varyete pèfòmans moun ka atenn nan yon lang. Lè nou gade endikatè mezirab li yo n ap gade tou jan yo konpare avèk endikatè mezirab twa lòt enstitisyon : 

1) endikatè mezirab ILR[15] ki se yon enstitisyon ameriken tou; 2) Kad Ewopeyen Kòmen pou Referans Lang[16] ki se yon zouti referans pou endikatè mezirab nan lang Seksyon Politik Lang nan òganizasyon Kominote Ewopeyen (Konsèy Ewop)  mete sou pye; 3) endikatè mezirab Tès Evalyasyon Fransè (TEF)[17] ki se yon pwodui Chanm Komès ak Endistri nan zòn Pari an Frans. N ap gade jan ACTFL detèmine diferan kategori yo epi n ap konpare nivo sa yo ak nivo ILR, Kad Ewopeyen an, epi TEF.[18] Li enpòtan pou nou raple, refleksyon sou nivo pèfòmans sa yo pa konsène lang kreyòl la. Nou dwe evalye konesans elèv oswa etidyan ayisyen nan lang kreyòl jan tout peyi evalye konesans lang natif natal moun ki fèt e grandi nan peyi pa yo.

ACTFL detaye nivo pèfòmans yon moun kapab rive nan yon lang kòm nivo Distenge, Siperyè, Avanse, Entèmedyè, epi Novis. N ap gade ki sa chak nivo pèfòmans sa yo vle di nan sans pale, ekri, tande, epi li.

Selon jan ACTFL[19] detaye nivo pèfòmans li yo, yon moun ki gen Nivo Distenge dwe pale lang nan kòrèkteman avèk presizyon e egzaktitid. Li dwe ka itilize lang nan pou l pale sou yon pwen san ezitasyon, san twò fòse – natirèlman. Fòk moun nan ekri tout gwo dokiman nan lang nan. Fòk li ka tande epi konprann gwo koze nan lang nan ak plizyè fòm diskou. Anfen, fòk moun nan ka gen yon nivo lekti nan lang nan ki fè l ka li tèks ki gen karaktè abstrè tankou sou plan pwofesyonèl, teknik, akademik ak literè.

Dezyèm nivo a se Nivo siperyè. Dapre echèl ACTFL la, moun ki gen Nivo siperyè dwe kapab pale klè ak presizyon epi patisipe nan konvèsasyon sou yon sijè kèlkonk. Li ka gen ti pwoblèm aksan men sa pa dwe anpeche l eksprime l klè, ak presizyon epi fasilite sou yon seri domèn tankou domèn sosyal, domèn politik, ak domèn devlòpman an general. Moun sa a pa dwe gen pwoblèm nan estrikti baz lang nan epi li pa dwe gen pwoblèm pou li diskite alèz alèz sijè fòmèl kou sijè enfòmèl. Li ka itilize agiman ki nesesè pou li defann enterè l lè l anfas yon sitiyasyon ki egzije l fè sa. Moun sa a dwe ka ekri ni dokiman fòmèl ni dokiman enfòmèl, epi li dwe ka ekri devwa rechèch sou plizyè domèn. Moun sa a ka soti nan lide konkrè pou li ale nan lide abstrè san twòp pwoblèm. Li dwe ka tande epi konprann pawòl nan plizyè kontèks. Li ka tande byen epi suiv kou ki fèt nan lang nan san twòp difikilte. Anfen moun nan sipoze kapab li tèks sou plizyè sijè.

Yon moun ki gen Nivo avanse kapab patisipe aklè nan konvèsasyon sou sa ki enterese l nan kominote l epi nan nivo nasyonal ak entènasyonal. Li ka rakonte epi fè deskripsyon nan kategori majè tan yo ki se pase, prezan ak fiti. Li dwe ka fè bon paragraf oralman sou yon sijè ki vin sou li bridsoukou san tranble, avèk konfyans epi avèk bon pèfòmans. Si l rate yon pwen, li pa gen pwoblèm pou l ratrape l tousuit. Li dwe ka tande epi konprann lide jeneral ak lòt pati nan yon tèks ak nouvèl nan medya. Moun nan ka ekri tèks ki fòmèl ak enfòmèl, li ka fè narasyon ak deskripsyon. Li dwe ka gen yon nivo lekti nan lang nan ki fè l ka li tèks pwofesyonèl, teknik, akademik ak literè.

Nan Nivo entèmedyè, moun nan kapab enpwovize nan lang nan lè l ap pale sou kichòy ki konsène fanmi ak lavi an jeneral. Moun nan kapab itilize sa l te aprann nan lang nan pou l eksprime sa l santi. Li ka poze kesyon ki pa konplike epi li ka jere san pwoblèm yon sitiyasyon ijans. Li ka fè plizyè kalte fraz sitou nan tan prezan. Moun nan ka ekri yon seri dokiman ki pa konplike epi kominike kèk mesaj ki pa twò konplike. Li ka tande kèk kichòy lòt moun ap di nan lang nan. Moun nan ka li epi li ka konprann kèk enfòmasyon nan yon tèks men se sitou sou kontèks tèks la l ap apiye pou l konprann.

Nan Nivo Novis, moun ki nan nivo sa a ka sèlman kominike avèk mesaj kout boutbout. Men, menm la ankò se sitou konsènan sijè ki konsène l yo dirèkteman yo - se pa lòt koze. Yo plis itilize yon seri mo pasipala yo te memorize oubyen yo sonje konsa konsa. Lokitè sa yo ka li, ka plizoumwen konprann mo kle nan yon tèks, epi yo ka chache konprann kichòy akoz kontèks tèks la. Yo ka tande epi yo ka plizoumwen konprann mo kle nan sa yo tande a epi yo ka chache konprann kichòy akoz kontèks la. Nan zafè ekri, yo plis kapab fè kèk lis epi yo ka pran kèk ti nòt men se sitou sou grenn mo ak fraz izole y ap apiye.

Chak nivo sa yo, sa vle di Distenge, Siperyè, Avanse, Entèmedyè, epi Novis koresponn ak yon nivo presi nan ILR, yon nivo presi nan Kad Ewopeyen an, epi yon nivo presi nan TEF. Pa egzanp lè yon moun nan nivo Distenge pou ACTFL moun nan nan nivo 4 oubyen 4+ pou ILR, nivo 6 pou TEF, epi nivo C2 pou Kad Ewopeyen an. Tablo anba a montre endikatè mezirab yo pou kat (4) enstitisyon yo.

 

Tablo Endikatè Mezirab Pèfòmans nan Lang selon ACTFL, ILR, KERL, epi TEF

ACTFL

ILR

KERL

TEF

Distenge

4; 4+

C2

6 (834-900)

Siperyè

3; 3+

C1

5 (699-833)

Avanse / Avanse +

2; 2+

B2

4 (541-698)

Entèmedyè Elve

1+

B1

3 (361-540)

Entèmedyè Mwayen, Entèmdyè Ba

1

A2

2 (204-360)

Novis Elve, Ba

0+

A1

1 (69-203)

Novis Ba

0

 

0+ (0-68)

 

Nan ka Ayiti, nou pwopoze pou sistèm nan detèmine nivo presi li vle elèv yo rive nan lang fransè a, nan lang anglè a, avèk nan lang espayòl nan fen chak sik etid. Tablo pi ba a montre nivo pèfòmans nou pwopoze yo. Li montre previzyon pou nivo pèfòmans nan fen chak sik epi itilizasyon lang kreyòl la kòm Premye Lang nan tout nivo.

 

Tablo Estati Pedagojik lang yo ak Pwojeksyon Nivo Pèfòmans yo

Nivo Etid

Lang Kreyòl

Lang Fransè

Lang Anglè

Lang Panyòl

Fen Dezyèm Sik EF[20]

Premye Lang

Nivo Entèmedyè Mwayen

Nivo Novis

Nivo Novis

Fen Twazyèm Sik EF

Premye Lang

Nivo Entèmedyè Elve

Nivo Entèmdyè Ba

Nivo Entèmdyè Ba

Fen klas Tèminal

Premye Lang

Nivo Avanse

Nivo entèmedyè avanse

Nivo entèmedyè avanse

 

 

Pwofil yon Elèv ki fin Lekòl Segondè an Ayiti

Kòm peyi an Ewòp yo avèk kèk lòt peyi nan Kontinan Ameriken an itilize nivo pèfòmans enstitisyon sa yo, nou ka di nivo sa yo sèvi kòm referans. Yo gen repitasyon entènasyonal. Pandan n ap avanse nan rezoud pwoblèm zafè lang poze nan ansèyman an, Ayiti ap gen pou l detèmine pwòp endikatè pa l nan konesans lang ki gen enpòtans jewopolitik ak siyifikasyon istorik pou peyi a (Fransè, Anglè, Panyòl). Rechèch nan sal klas yo, rechèch kalitatif avèk rechèch kantitatif pral nesesè pou nou jwenn bon done ki pou enfòme desizyon lidè yo nan domèn edikasyon sou endikatè mezirab yo. Annatandan, nou ka itilize travay enstitisyon nou mansyone yo pou nou chapante kourikouloum nan yon jan pou nou detèmine nivo pèfòmans nou vle elèv yo atenn nan lang yo apre chak sik edikasyon.

An n gade sa elèv yo ap ka akonpli.

  1. Nivo Segondè. Dapre chapant nou pwopoze a, yon elèv ki byen konplete lekòl segondè li an Ayiti ap kapab gen pèfòmans mezirab nan lang yo ki ap pèmèt li angaje nan yon seri tach ki itil vi akademik li, vi pwofesyonèl li, epi vi pèsonèl li. An patikilye, nan fen klas segondè li:
  2. elèv la ap konnen lang kreyòl la byen kòm lang prensipal peyi a epi l ap kapab itilize l pou l angaje l nan devlopman divès kalte konesans ki koresponn ak pèfòmans elèv nan nenpòt peyi lè yo konplete lekòl segondè nan lang natif natal yo. Nan nivo entènasyonal, nivo lekòl segondè a koresponn avèk nivo 3 nan echèl 1 rive 8 Estanda Entènasyonal pou Klasifikasyon Edikasyon UNESCO a nou mansyone pi wo a. 
  3. elèv la ap gen nivo pèfòmans Avanse pou pi piti nan lang fransè a, selon echèl ACTFL la. Nivo sa a konparab ak nivo L2 nan ILR, nivo 4 selon echèl TEF, epi nivo B1+ selon echèl Kad Ewopeyen an.
  4. elèv la ap gen nivo pèfòmans Entèmedyè Avanse, selon echèl ACTFL la, nan de (2) lang etranjè yo ki se anglè ak panyòl. Nivo entèmeyè avanse a konparab avèk nivo L1+ nan ILR, nivo 3 selon echèl TEF, epi nivo B1 selon echèl Kad Ewopeyen an.
  5. Nivo Fondamantal – twazyèm sik. Yon elèv ki byen konplete twazyèm sik Lekòl Fondamantal (AF 1-9) an Ayiti ap:
  6. konnen lang kreyòl la byen kòm lang prensipal peyi a epi itilize l pou li angaje l nan devlopman divès kalte Kansans ki koresponn ak pèfòmans elèv nan nenpòt peyi lè yo konplete 9 premye ane eskolè yo nan lang natif natal yo. Nan nivo entènasyonal, nivo twazyèm sik la koresponn avèk nivo 2 nan echèl 1 rive 8 Estanda Entènasyonal pou Klasifikasyon Edikasyon an;
  7. gen nivo pèfòmans Entèmedyè Elve pou pi piti nan lang Fransè a kòm lang eritaj selon echèl ACTFL ki konparab ak nivo 1+ nan ILR, nivo 2 selon echèl TEF, epi nivo A2 selon echèl Kad Ewopeyen an;
  8.  gen konpetans entèmedyè Ba nan lang anglè ak panyòl selon echèl ACTFL ki konparab ak nivo 1 nan ILR, nivo 3 selon echèl TEF, epi nivo B1 selon echèl Kad Ewopeyen an.
  9. Nivo Fondamantal – Dezyèm Sik. Yon elèv ki byen konplete Dezyèm Sik Lekòl Fondamantal an Ayiti ap:
  10. konnen lang kreyòl la byen kòm lang prensipal peyi a epi l ap kapab itilize l pou li angaje l nan devlopman tout kalte konesans ki koresponn avèk pèfòmans elèv nan nenpòt peyi lè yo konplete lekòl primè nan lang natif natal yo. Nan nivo entènasyonal, nivo Dezyèm Sik la koresponn avèk nivo 1 nan echèl 1 rive 8 Estanda Entènasyonal pou Klasifikasyon Edikasyon an;
  11. gen nivo konpetans Entèmedyè Mwayen, selon echèl ACTFL la, pou pi piti nan lang Fransè a. Nivo sa a konparab ak nivo 1 nan ILR, nivo 2 selon echèl TEF, epi nivo A2[21] selon echèl Kad Ewopeyen an;
  12. gen nivo pèfòmans Novis nan anglè ak panyòl selon echèl ACTFL la ki konparab ak nivo 0+ nan ILR, nivo 1 (69-203) selon echèl TEF, epi nivo A1 selon echèl Kad Ewopeyen an.[22]

Avèk chapant sa a, n ap kapab jete fondman pou yon sosyete plirileng ki baze sou lang kreyòl la kòm poto mitan plirilengiz la san nou pa neglije lòt lang yo. Youn nan pi gwo rezilta yo nan avni an, se tranfòmasyon nou antisipe ki ka fèt nan sosyete a ki dwe soti nan mitifikasyon ak mistifikasyon lengistik la ki fè lang kreyòl la sanble yon ti lang dèyè manman epi ki bay lang fransè a yon valè sipènatirèl – e ki vin fè moun yo nan yon alyenasyon lengistik[23]. Itilizasyon lang kreyòl la pou anseyan yo angaje elèv yo nan devlòpman konesans ap enfliyanse pèsepsyon yo tout pozitivman parapò ak lang nan tou.

         Nou bezwen raple nou anpil etid montre lè devlopman konyitif ak devlòpman akademik elèv la fèt nan premye lang li (lang manman an), sa gen yon gwo efè pozitif e ki ekstrèmman enpòtan pou li aprann lòt lang epi pou li develope lòt konesans[24]. Pou nou egzekite plan sa a, kòm nou ka wè l, premye prensip fondamantal la se etabli pou nou etabli lang kreyòl la kòm premye lang nan tout nivo edikasyon. Men lè nou antre nan demach sa a nou dwe rekonèt defi nou gen anfas nou. Nan efò pou n fè fas ak defi sa a, li esansyèl pou nou sonje pwen sa yo: 

  • Lang kreyòl la se pa yon zouti pou n fè pasaj pou elèv al nan lang fransè - Se pa yon pon pou yo janbe ale nan fransè;
  • Lang kreyòl la se yon pon pou tout kalte konesans, se yon zouti pou devlopman tout kalte konesans e, lang Fransè a se youn nan konesans sa yo, menm jan avèk Anglè avèk Espayòl e byento Pòtigè petèt.

Pou nou byen atake sitiyasyon kò pwofesoral la ki sanse se mèt jwèt la nan sistèm edikasyon ki pral mennen nou rezoud pwoblèm lang nan epi pou n amelyore sistèm edikasyon an an jeneral, li nesesè pou nou chanje imaj yon anseyan pou li vin yon ajan devlòpman enpòtan nan konstriksyon nouvo Nasyon an. Fòk anseyan an jwenn resous akademik, sipò sosyal, sipò moral, ak sipò ekonomik ki fè l eksperimante plèzi pou li pratike karyè anseyan an olye l fòse fè l jis pou l fè fas ak yon seri bezwen pèsonèl.

Anseyan an se anseyan Nasyon an li ye, se pa jis yon anseyan klas li a sèlman. Se yon vrè direktè panse, yon moun k ap kontribye nan jan moun yo panse ni endividyèlman ni kolektivman. Se yon ajan devlòpman e se yon ajan ideyolojik ki atache nan demach pou fòmasyon ideyolojik Nasyon an. Yon anseyan Ayisyen oblije yon anseyan plirileng, yon anseyan plirikiltirèl. Li dwe kapab gen chans pou l vwayaje tou pou l wè ki jan rès mond lan fonksyone epi vizite lòt kontèks edikatif. Nan ka lang yo patikilyèman, nou endike anba a la a kèk nan paramèt ki sipoze an plas pou kesyon ansèyman an. Gen ladan yo ki espesifik pou lang kreyòl la. Men, kòm nou pa kapab separe kesyon lang nan totalman avèk aspè global edikasyon an, nou oblije konsidere yon seri mezi k ap konsène ni lang Kreyòl la ni sistèm edikasyon an an jeneral.

 

Dis Pwopozisyon pou nou Atake pwoblèm Fòmasyon Anseyan yo ak Karyè yo

 

Konsènan lang kreyòl espesifkman:

  1. pou anseyan ki deja nan sistèm nan, fè yon fòmasyon entansif sou lang Kreyòl la pou twa (3) mwa epi antreprann yon seri fòmasyon kontinyèl pou de (2) ane pou yo;
  2. bay anseyan ki byen reyisi fòmasyon entansif la yon sètifika inisyal pou twa (3) ane;
  3. bay anseyan ki byen konplete fòmasyon kontinyèl yo yon sètifika pou senk (5) ane;
  4. mete yon pwosesis resètifikasyon sou pye pou anseyan yo chak 5 ane;
  5. re-oryante fòmasyon nouvo anseyan yo: chapante kourikouloum fòmasyon yo avèk yon apwòch sou pedagoji plirileng ki akse sou kreyòl kòm L1. Entegre Kreyòl nan fòmasyon yo kòm yon seri modil etidyan yo dwe reyisi pou yo resevwa diplòm.

 

Konsènan pwofesyon anseyan an an jeneral:

  1. fè pwofesyon ansèyman an tounen yon vrè karyè ni pou anseyan ki nan lekòl piblik ni pou anseyan ki nan lekòl prive;
  2. konsevwa yon salè minimòm inivèsèl pou tout anseyan nan peyi a. Leta dwe prevwa nan bidjè a yon baz salè pou tout anseyan ni nan enstitisyon piblik ni nan enstitisyon prive;
  3. Leta dwe ajiste salè anseyan nan lekòl prive yo rive nan nivo salè baz anseyan yo – pa egzanp Leta ta peye yon pousantaj, petèt 30-50%, pou salè anseyan lekòl prive yo rive nan salè minimòm inivèsèl anseyan yo. Demach sa ap tou ede atake pwoblèm ‘lekòl ak plizyè vistès la’ Ayisyen konn ap mansyone a pou yo endike jan sistèm edikasyon Ayiti a kontribye nan repwodiksyon inegalite sosyal la;
  4. etabli yon asirans medikal inivèsèl ak retrèt pou tout anseyan kit piblik kit prive.
  5. rekonèt anseyan ki pi byen reyisi karyè yo epi ba yo yon prim pou yo patisipe nan kreyasyon nouvo materyèl eskolè dapre ekspètiz espesifik yo. Yo dwe ka fè sa nan chak lang yo selon nivo yo nan lang yo epi selon nivo klas yo te konn anseye.

Mwen pa gen dout sou defi mezi sa yo ap poze pou peyi a an jeneral. Men lè n gade rezilta medyòk nou genyen yo, nou anfas yon pi gwo defi toujou si nou pa pran mezi ki nesesè pou nou abòde pwoblèm yo epi asepte sakrifis ki apwopriye pou nou rezoud yo. Jan kèk entèlektyèl di l, nou ka plenyen pou pri edikasyon nou ka twouve ki twò chè, men si n gade byen n ap wè pri inyorans pa gen parèy[25].

 

Marky Jean Pierre

 

Nòt

[1] Nou rekonèt toutfwa li difisil pou nou jwenn yon sosyete kote gen yon sèl lang oubyen yon sèl varyete lang. Men nou p ap rete sou deba sa a kounye a.

2 Révision des coefficients des matières obligatoires aux examens de 9 A.F. (officiel). 2023. https://www.haitilibre.com/article-39777-haiti-flash-revision-des-coefficients-des-matieres-obligatoires-aux-examens-de-9-af-officiel.html. Disponib: 23 jen 2023

3 Ministè Edikasyon Nasyonal. 2023. Distribisyon yon milyon ‘’Liv inik an kreyòl’’, ogmantasyon matyè ak kowefisyan yo pou 9yèm ane fondamantal. https://menfp.gouv.ht/#/home/blog/PFdAilaVhTY3oSw. Disponib: 23 jen 2023

4 Pwotokòl Akòl ant Ministè Edikasyon Nasyonal ak Akademi Kreyòl Ayisyen. 2015. Biwo Sekretarya Akademi Kreyòl Ayisyen. Pòtoprens, Ayiti.

5 Non pwogram nan an anglè se ISCED ki vle di “International Standard Classification of Education”

6Mwen esplore nosyon ‘lang eritaj’ la nan lòt travay avèk prezantasyon mwen fè, men mwen gen yon chapit sou nosyon sa a nan liv mwen an ki an preparasyon.

7 Nan liv mwen an ki pral soti sou kesyon lang an Ayiti, mwen poze pwoblematik lang fransè a parapò avèk estati pedagojik Dezyèm Lang.

8 Chomsky, Noam. Verbal behavior by BF Skinner. Bobbs-Merrill, 1959.

9 Patkowski, Mark. "The critical age hypothesis and interlanguage phonology." First and second language phonology (1994): 205-221.

10 Côthière, Darline. Référentiel Haitien De Compétences Linguistiques - (Français – Créole).

 Document de travail, 2018.

11 Cothière, Darline. "Pour une pédagogie convergente dans un nouvel aménagement des pratiques didactiques dans." L’aménagemennt linguistique en Haïti: Enjeux, défis et propositions (2010).

12Paj 65 nan Referans Cothière (2028) pwopoze a. Enfòmasyon sou tèks sa a nan Nòt anba Paj # 10

13 Mwen itilize nosyon lang kòm ‘kapital’ menm jan travay Pierre Bourdieu a. Pou plis enfòmasyon ale wè: Bourdieu, Pierre. (1982). Langage et Pouvoir Symbolique. Éditions Fayard, France.

14 Pou plis enfòmasyon sou enstitisyon sa a vizite sitwèb yo a adrès sa a: https://www.actfl.org/

15 Interagency Language Roundtable: https://www.govtilr.org/

16 Cadre européen commun de référence pour les langues (CECRL). Pou plis enfòmasyon sou enstitisyon sa a visite sitwèb yo a nan adrès: https://www.coe.int/fr/web/common-european-framework-reference-languages

17Sou sitwèb yo a, yo ekri “Créé en 1998 par la CCI Paris Ile-de-France, le Test d’évaluation de français (TEF) est un examen de référence internationale qui mesure votre niveau de connaissances et de compétences en français.” Pou plis enfòmasyon ale sou sitwèb yo a ki se: https://www.lefrancaisdesaffaires.fr/tests-diplomes/test-evaluation-francais-tef/

18 Nan liv mwen pral soti sou kesyon lang yo m ap detaye yo plis, men kounye a se yon rezime mwen bay.

19 Echèl sa yo fèt an eskalye yon jan ki ka pèmèt nou wè fason pou idantitifye plizyè nivo.

20Nou ka divize echèl sa yo pou adapte yo ak kontèks Ayiti a tou.

21Liv m ap pibliye sou sijè sa a ap gen plis elaborasyon. Sa mande anpil koze nou pa ka mete nan atik sa a.

22Mwen esplike fenomèn sa nan lòt travay. Lektè a ka al li:  Jean-Pierre, Marky. Language and learning in a post-colonial context: A critical ethnographic study in schools in Haiti. Routledge, 2015.

23Pou pli senfòmasyon, lektè a ka esplore travay otè sa yo: Bialystok & Hakuta, 1994; Collier & Thomas, 1989, 1995; Garcia, 1994)

24 Pou plis enfòmasyon sou lide sa a al wè https://quoteinvestigator.com/2016/05/03/expense/


[1] Nou rekonèt toutfwa li difisil pou nou jwenn yon sosyete kote gen yon sèl lang oubyen yon sèl varyete lang. Men nou p ap rete sou deba sa a kounye a.

[2] Révision des coefficients des matières obligatoires aux examens de 9 A.F. (officiel). 2023. https://www.haitilibre.com/article-39777-haiti-flash-revision-des-coefficients-des-matieres-obligatoires-aux-examens-de-9-af-officiel.html. Disponib: 23 jen 2023

[3] Ministè Edikasyon Nasyonal. 2023. Distribisyon yon milyon ‘’Liv inik an kreyòl’’, ogmantasyon matyè ak kowefisyan yo pou 9yèm ane fondamantal. https://menfp.gouv.ht/#/home/blog/PFdAilaVhTY3oSw. Disponib: 23 jen 2023

[4] Pwotokòl Akòl ant Ministè Edikasyon Nasyonal ak Akademi Kreyòl Ayisyen. 2015. Biwo Sekretarya Akademi Kreyòl Ayisyen. Pòtoprens, Ayiti.

[5] Non pwogram nan an anglè se ISCED ki vle di “International Standard Classification of Education”

[6] Mwen esplore nosyon ‘lang eritaj’ la nan lòt travay avèk prezantasyon mwen fè, men mwen gen yon chapit sou nosyon sa a nan liv mwen an ki an preparasyon.

[7] Nan liv mwen an ki pral soti sou kesyon lang an Ayiti, mwen poze pwoblematik lang fransè a parapò avèk estati pedagojik Dezyèm Lang.

[8] Chomsky, Noam. Verbal behavior by BF Skinner. Bobbs-Merrill, 1959.

[9] Patkowski, Mark. "The critical age hypothesis and interlanguage phonology." First and second language phonology (1994): 205-221.

[10] Côthière, Darline. Référentiel Haitien De Compétences Linguistiques - (Français – Créole).

 Document de travail, 2018.

[11] Cothière, Darline. "Pour une pédagogie convergente dans un nouvel aménagement des pratiques didactiques dans." L’aménagemennt linguistique en Haïti: Enjeux, défis et propositions (2010).

[12] Paj 65 nan Referans Cothière (2028) pwopoze a. Enfòmasyon sou tèks sa a nan Nòt anba Paj # 10

[13] Mwen itilize nosyon lang kòm ‘kapital’ menm jan travay Pierre Bourdieu a. Pou plis enfòmasyon ale wè: Bourdieu, Pierre. (1982). Langage et Pouvoir Symbolique. Éditions Fayard, France.

[14] Pou plis enfòmasyon sou enstitisyon sa a vizite sitwèb yo a adrès sa a: https://www.actfl.org/

[15] Interagency Language Roundtable: https://www.govtilr.org/

[16] Cadre européen commun de référence pour les langues (CECRL). Pou plis enfòmasyon sou enstitisyon sa a visite sitwèb yo a nan adrès: https://www.coe.int/fr/web/common-european-framework-reference-languages

[17] Sou sitwèb yo a, yo ekri “Créé en 1998 par la CCI Paris Ile-de-France, le Test d’évaluation de français (TEF) est un examen de référence internationale qui mesure votre niveau de connaissances et de compétences en français.” Pou plis enfòmasyon ale sou sitwèb yo a ki se: https://www.lefrancaisdesaffaires.fr/tests-diplomes/test-evaluation-francais-tef/

[18] Nan liv mwen pral soti sou kesyon lang yo m ap detaye yo plis, men kounye a se yon rezime mwen bay.

[19] Echèl sa yo fèt an eskalye yon jan ki ka pèmèt nou wè fason pou idantitifye plizyè nivo.

[20] EF: Ekòl Fondamantal

[21] Nou ka divize echèl sa yo pou adapte yo ak kontèks Ayiti a tou.

[22] Liv m ap pibliye sou sijè sa a ap gen plis elaborasyon. Sa mande anpil koze nou pa ka mete nan atik sa a.

[23] Mwen esplike fenomèn sa nan lòt travay. Lektè a ka al li:  Jean-Pierre, Marky. Language and learning in a post-colonial context: A critical ethnographic study in schools in Haiti. Routledge, 2015.

[24] Pou pli senfòmasyon, lektè a ka esplore travay otè sa yo: Bialystok & Hakuta, 1994; Collier & Thomas, 1989, 1995; Garcia, 1994)

[25] Pou plis enfòmasyon sou lide sa a al wè https://quoteinvestigator.com/2016/05/03/expense/

0 commentaire

Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.

Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.

Se connecter Créer un compte

Aucun commentaire pour l'instant. Soyez la première personne à réagir.

À lire également

Toute la rubrique Culture

Alertes du National

Recevez une notification sur votre téléphone ou votre ordinateur dès qu'un article paraît dans les rubriques de votre choix. Gratuit, sans inscription.

Rubriques à suivre