Écrire à la rédaction
Radio Pacific 101.5 fm
Culture

Batay pou lang Ayisyen an pote non pèp li ki se Ayisyen

Kontèks

Jounen 28 oktòb sa a ki se fèt lang Ayisyen an, mwen kòm sitwayen deside pataje yon kritik mwen te fè sou pwomosyon pou devlope lang manman nou an, ansyen minis ledikasyon Nesmy Manigat te fè ane pase. Nan peryòd fèt entènasyonal lang manman, minis ledikasyon an anonse yon gwo pwojè ki rele « Soutyen pou Kreyolofoni Syantifik » (Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl : Sikilè C-11 : 312 ; 21 Fevriye 2024) pou ankouraje itilizasyon Kreyòl Ayisyen nan peyi a ak devlopman lang kreyòl nan lemond. Li pwopoze finanse pwojè sila a avèk lajan FNE (Fond National pour l’Education). Mwen dakò ak prensip pou fè pwomosyon lang matènèl Ayisyen an, men pa nan yon mouvman « Kreyolofoni » ki sanble toupi ak frankofoni. Si se ta menm lide ranfòsman lang franse a nan mitan pou rale tout pèp ki pale franse yo, mouvman an ta dwe rele « Ayisyanofoni ». Konsa, lang pèp Ayisyen an pa t ap rele kreyòl Ayisyen ankò, men li t ap pote non pèp la ki se Ayisyen; epi lòt pèp ki pale yon kreyòl ki sanble ak lang Ayisyen an ka vin pale Ayisyen pito. Nan sans sa a, mwen panse finansman pwojè sila te ka pi itil nan Fakilte Lengwistik Aplike ak Akademi Kreyòl Ayisyen pou devlopman lang la pi byen toujou e ankouraje desizyon politik pou ba l pote non Ayisyen, non sèl pèp ki pale l la.

Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous GRATUITEMENT pour lire la suite de cet article.

Connectez-vous

Pas encore de compte ? Inscrivez-vous

13 commentaires

Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.

Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.

Se connecter Créer un compte

WillyJ.

Non yon lang pa ka anpeche okenn pèp sou latè beni fè pwogrè. Lang kreyòl la se premye fòm rezistans zansèt nou te ofri, te bay kolon franse yo( bouwo yo). Sa ki dwe enpòtan se : amenajman lengwistik ( bay FLA mwayen pou li fè sa) epi aplike yon bon politik lengwistik ( Leta a ki dwe fè sa) Kounye a, nou va degaje nou pwodui nan lang nan, fè envansyon nan lang nan. Se bagay sa yo k ap pèmèt ayisyen an fè pwogrè. Gen yon pakèt pèp sou latè ki pale yon lang e ki pa kole ak non peyi a. Men sa pa anpeche yo fè pwogrè sosyal, kiltirèl, ekonomik… Eg: Kiba, Kanada, Bèlgik, Irigwe…

1 réponse

Poincy

Monchè ou pike deyò nèt… nan lis sa a mwen etone ou pa mansyone etazini… sa w di a montre a klè ou rate tout dimansyon koze a… peyi sa w pale la yo se yon lang yo erite ki te deja egziste… men lang pa nou an se yon lang nou kreye ki pa nou e ki fè pakou yon nouvo lang fè… m ap mande m si w pran san w pou w te li tèks la…

Willy Joseph

Fo batay ! Ide sa yo pa kanpe sou anyen. Kisa chanje non lang lan ap chanje nan mès nou, nou koutin nou, nan tradisyon nou ? Èske se chanjman sa ap pèmèt nou pwodui nan nan lang nan? Anseye li lekòl? Fè refleksyon syantifik ladan li ? Antouka, Pwofesè IV Dejan te gen tan regle koze sa a pou nou deja. Epi tou, se yon bèl patikilarite kiltirèl nou ta dwe eksplwate. Menm jan lide kreye akademi lang kreyòl la pa chanje anyen an paske se yon lide ki pase mòd. Se konsa chanje non lang nan p ap chanje ayisyen non plis.

1 réponse

Poincy

Bon si se nan pèspektiv sa a ou wè bagay la, ou ka toujou di tèt ou pouki sa n te batay pou n bay lang tout fòm sa a li genyen la jounen jodiya… pwofesè Dejan fin fè kokenn chen travay li te fè yo kòm yon pyone, ou panse tout bagay te dwe rete la an paske l te fin di nou tout sa ki te dwe di sou lang la… mwen respekte pozisyon w… sa montre genyen yon chaj emosyonèl ou degaje ki ka rann ou difisil pou w gade lòt dimansyon koze a… se dwa w…

Fritz Cajuste

Haysyen ta renmen sa.mwen sonje senatè Patrice Dumont te Lage yon vídeo Sou sa k te fè anpil moun te kontan Bay opinyon yo soy sa e l te fè menm moun ki nan akademi kreyòl Haysyen te reyaji.genyen k te kont SA.

1 réponse

Poincy

Se batay la nou dwe mennen jouk li bout, paske li politik…

À lire également

Toute la rubrique Culture

Alertes du National

Recevez une notification sur votre téléphone ou votre ordinateur dès qu'un article paraît dans les rubriques de votre choix. Gratuit, avec votre compte lecteur.

Rubriques à suivre