radiotelepacific@gmail.com
Radio Pacific 101.5 fm
Tribune

NÒT SOLIDARITE EVÈK KATOLIK PEYI AYITI YO KONT ASASINA DYAK SYLNER LAFAILLE

NÒT SOLIDARITE EVÈK KATOLIK PEYI AYITI YO KONT ASASINA DYAK SYLNER LAFAILLE

«Fè kè nou kontan ak moun ki nan kè kontan. Kriye ak moun kap kriye» (Women 12, vèsè 15).

1. Se avèk anpil lapenn ak tristès nan kè nou, nou aprann kijan tren lanmò pote ale Mesye Sylner Lafaille, Dyak Premye Legliz Batis nan Pòtoprens pandan li tapral bay Bondye adorasyon li. Sa rive devan pwòp legliz li jou dimanch 26 sektanm 2021 an. Nan menm okazyon an bandi yo kidnape madanm li, Marie Marthe Laurent Lafaille, ki te jwenn libète li jou ki te vandredi premye oktòb la. Nou deplore epi kondane zak sa yo ki kontinye simen dèy ak dezolasyon nan mitan fanmi Peyi a.

2. Nou voye senpati ak kondoleyans nou bay Premye Legliz Batis nan Pòtoprens ansanm ak Fanmi Lafaille ki andèy. Nap mande Bondye pou l konsole nou nan gran moman eprèv sa a epi pataje lavi Pitit li Jezi Kri ak sèvitè li, Dyak Sylner Lafaille. Nou solidè avèk nou.

3. Sa fè kèk tan depi bandi yo pa sispann opere kòmsi pa gen okenn limit ni krentif. Yo touye, maspinen epi kidnape anpil frè ak sè nou yo. Nan tout konfli sa yo, nou wè lavi ak libète moun pase anba pye. Se chak gwoup kap defann pwòp enterè pa l pandan l ap detwi sa k pi fèb la. Lè a rive pou Otorite Peyi a mete lòd nan kokenn chenn dezòd sa a. Twòp san koule, twòp moun pèdi lavi yo. Klòch la sonnen pou limyè fèt epi frennen machin ensekirite a. Lè a rive pou nou aprann pwoteje youn lòt epi viv tankou frè ak sè, pitit menm Nasyon. Jodiya, okenn enstitisyon nan peyi a pa epanye. Ata Legliz, kote kretyen vivan rasanble pou lapriyè Bondye, Mèt lavi a, pa respekte. Ki kote nou vle menmen Peyi a ? Ki mòd sosyete nou vle kite pou jenerasyon kap vini aprè nou yo ? Tankou nou te di l deja nan nòt 13 avril 2021 an, «nan kafou nou rive la a, nou dwe travay pou nou chanje kè nou ak mantalite nou. Nou dwe mete tèt ansanm nan lapriyè, nan fè jefò pou nou rive gen yon lòt peyi ki sanble ak peyi Bondye vle pou nou an ».

4. Nou mande, nan sans sa a, tout Otorite ak tout moun ki gen yon reskonsablite nan lavi peyi a pou travay men nan men pou garanti pwoteksyon lavi moun epi sekirize byen chak moun ak byen tout moun. Lavi se yon byen sakre. Pèsonn pa dwe atake ni menase lavi lòt moun. Yon lòt bò, nou mande tout moun k ap fè zak kidnapin sa yo, oubyen k ap alimante ensekirite nan peyi a, sispann ! Li lè pou Ayiti reprann mach nòmal li. Sonje ! « Nou tout, n ap gen pou nou parèt aklè devan tribinal Kris la, pou chak moun resevwa dapre sa li te fè, lè l t ap viv nan kò a, kit se byen, kit se mal » (2 Korentyen 5, vèsè 10). Evite solidarize w nan sa ki mal !

5. Pèp Ayisyen, kouray! Lafwa nou ak Lesperans nou nan Bondye lavi a pa dwe mouri devan zak sa yo. Se pou nou solidè nan fè sa ki byen. Jan pwovèb kreyòl la di sa : « Nen pran kou, je kouri dlo ». Chakfwa yon moun viktim vyolans ak ensekirite, se tout nasyon an ki febli. Se poutètsa Sen Pòl envite nou «fè kè nou kontan ak moun ki nan kè kontan. Kriye ak moun kap kriye» (Women 12:15). An nou kontinye chèche ansanm nan dyalòg ak respè wout ki mennen nan lavi miyò a pou tout pitit Peyi a. Ayiti se pa nou, ann sove l !

Se Pou Manman Mari, Notredam Pèpetyèl Sekou, kontinye kouvri Peyi a anba manto pwoteksyon li. Se pou Jezi Kri Gran frè nou ban nou fòs pou fè lavi boujounen nan fanmi yo. Se pou Lespri Sen klere nanm ak konsyans tout Ayisyen nan aksyon y ap poze. Se pou Papa Bondye, Granmèt la, beni nou e beni Ayiti !

Nòt sa a soti nan Lilavwa, nan Kay kote Evèk Katolik peyi Ayiti yo abitye reyini, jou ki 2 oktòb 2021, Fèt Zanj Gadyen yo ki sen.

Monseyè Launay SATURNE, Achevèk Okap Ayisyen Prezidan CEH
Monseyè Max Leroy MESIDOR , Achevèk Pòtoprens Visprezidan CEH
Monseyè Désinord JEAN, Evèk Ench Ekonòm CEH

0 commentaire

Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.

Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.

Se connecter Créer un compte

Aucun commentaire pour l'instant. Soyez la première personne à réagir.

À lire également

Toute la rubrique Tribune

Alertes du National

Recevez une notification sur votre téléphone ou votre ordinateur dès qu'un article paraît dans les rubriques de votre choix. Gratuit, sans inscription.

Rubriques à suivre