Anba menm syèl kreyòl la: yon ayisyen nan Gwadloup
Écouter l'article
Yon vòl inèd tan sèlman sifi pou w sòti Ayiti cheri epi ateri nan yon lòt zile ki sanble tèt koupe ak li, menm solèy la, menm lanmè ble a, menm machann yo rele menm jan… sèl bagay wout yo pa gen twou, famasi yo genyen klimatizè, biwo leta yo louvri a lè, tout bagay fèt nan lòd.
Se konsa mwen ateri Gwadloup, youn nan ti gwoup zile franse yo. Gwadloup se youn nan depatman « d’outremer » Lafrans depi lane 1946, se ero ki lajan yo, e se prezidan Lafrans la yo vote tou. Timoun yo aprann e resite youn dèyè lòt « Zansèt golwa nou yo » ansanm ak « Timoun Gwadloup yo ». Ti zile sa a ap vire lòlòj ou de fwa. Premye fwa a paske li bèl tout bon vre. Dezyèm fwa a paske li sanble tèt koupe ak lakay nou Ayiti-tankou de marasa ki separe kou yo fin fèt akòz listwa yo pral trase : youn pran endepandans li pandan lòt la li menm tounen depatman pa lòt bò lanmè yon lòt peyi.
Kòm doktè ayisyen ki ap viv nan peyi Etazini, apre mwen fin pase yon semèn Gwadloup ap gade tout bagay, fè ti tripotay, dekouvri anpil bèl bagay, fè sezisman, genyen anpil kesyon ki rete nan lespri m. Poukisa moun yo, jès yo, gou de zile yo sanble konsa, pandan youn pa kanmarad lòt nan koze enstitisyon, ibanizasyon, ak vizyon yo genyen pou demen? E tou kisa vwazen nou zile Gwadloup ka aprann nou san sa pa ba nou nou kè anfle ?
Nou se kouzen kreyòl, men nou pa marasa
Premye jou a, nan maten, m te leve sou bon pye m, mwen bay yon sèvez yon bèl « Bonjou madanm, kijan ou ye? ». Li repon mwen yon bagay… zorèy ayisyen mwen an rekonèt pawòl yo, men pou mizik la li bwè pwa. Gwadloup « nou ka palé kréyol », pawòl la sòti tankou yon chante, men se yon lòt gramè ak lòt mòd espresyon ki t ap fè ayisyen ki pa negosye ti « sak pase l » grate tèt li. Chak « ou ka fè sa », te fè m santi se tankou y ap ofri m kafe. « An enmé’w » la li menm, ki jis vle di mwen apresye w sonnen tankou se ti bwa ti fanm nan ap kase nan zorèy mwen.
Ti diferans sa yo rasanble nou plis o lye yo separe nou. Yo fè nou sonje kreyòl la se yon lang ki pale divès fason. E ak yon ti pasyans ayisyen an ap toujou konprann li kèlke lanswa jan l sonnen, men fòk li koute plis ke l pale.
Gou kreyòl, sonje lakay
Pou w konprann yon pèp fòw pase nan kizin li. Bon jan tripòt ke mwen ye, mwen t al fè kèk ti pase nan kizin vwazen nou yo. Premye mèvèy la se yon kolonbo vyann poul ki prepare ak kumen, kukuma, bwa end. Dèyè pla sila ki se youn nan anblèm Gwadloup, mwen dekouvri eritaj, « Zendyen yo ». Zendyen yo, se endyen ki vini nan amerik la pou travay, apre lesklavaj fin aboli nan lane 1848. Pla sa a makonnen ak Gwadloup e tounen yon istwa vivan yo konn sèvi w sou fèy bannann.
Nan vil Sainte-Anne, te genye on koze dombrés ak ouassous-boulèt farin ak sòs krevèt-ki te vire lòlòj mwen. Nan demen maten m tonbe sou towo a, pen ak bè tranpe nan chokola cho (yon tradisyon ki soti Matinik). Poutan ADN ayisyen m nan li menm te swaf griyo, bannann peze, pikliz.
Manje peyi Gwadloup, genyen plizyè orijin. E lè y ap sèvi w se chay ou yo fè. Chak pla se yon istwa, menm si m sonje diri kole ak pwa wouj la anpil, mwen te rive fè lapè ak sa nan yon bon asyèt flan kokoye .
Idantite kreyòl : yon glas ki ba ou dibès kalte reflè
Nan peyi Gwadloup tout bagay fè m sonje lakayanm : moun yo, jan yo ri, jès yo fè. Men idantite yo konstwi yon lòt jan. Kreyòl la pa sèlman lang yo, li se yon drapo envizib yo pote ak anpil fyète. Kilti lokal la se yon melanj tanbou ka, zouk lòv, slogan militan, bèl inifòm lekòl… mwen poko janm wè yon nasyon renmen bon pen konsa.
|
|
Lakay nou nou menm, idantite nou sòti nan gwo katchouboumbe - se ak grenn nan bouda nou rache endepandans nou. Gwadloupeyen yo yo menm se antiyè ki mare nan rasin afriken ki toujou anba zepon Lafrans, e se sa ki fè kilti Gwadloup la rich konsa. Men jis kounya m genyen yon kesyon kap ting ting mwen : « kiyès nou ye tout bon vre? » Se yon kesyon tout ayisyen ki vwayaje toujou ap poze tèt yo.
Kouman mwen menm mwen wè Gwadloup
Sa mwen ekri la yo se sa mwen menm mwen wè, ki te fè m kontan, ki te fè m pantan tou. Men tou gen moun ki wè sa m wè a on lòt jan : gwadloupeyen se viktim anba pat Lafrans. Eske nou kapab oze mande listwa pou l pe djòl li, si menm istwa sa a nou pa janm fè on ti pase men nan tèt li. Sa m ap di nou la yo, se pa yon tèz, se pa yon akizasyon, men se sa mwen menm mwen wè, se sa mwen viv pandan ti tan mwen pase lòt bò a.
Lafrans nan Gwadloup : on bon manman oswa on vye bèlmè chòche
Nan Gwadloup, genyen nan bwat ki resevwa lèt yo ki pentire tou jòn, yo tankou pye flanbwayan arebò yon wout ki byen trase. Nou pap bliye tou, jandam yo ki la pou raple w Leta peyi Lafrans pa nan rans ak vagabon menm nan karayib la. Mo depatman an toujou vini sou tab la depi genyen ti pale k ap fèt. Pou kèk moun savle di sekirite, lekòl, sèvis piblik. Pou kèk lòt sa vle di depandans, yon gou dous pandan l amè. E anpil Gwadloupeyen janm fin dijere koze sa a.
Nan Pointe-à-Pitre ibanizasyon an pale pou tèt li : twotwa yo byen trase, ron pwen yo chaje flè, limyè pou sikilasyon yo an bon eta, kay yo byen pentire e an bon eta tou…tout bagay nan lòd. Sa ki pa kanmarad sa k ap fèt Pòtoprens. Kay yo wa ta di bagay ki fèt ak bonbon lanmidon, riyèl yo sal, pousyè menm prèske toufe w, se gwo priyè pou w fè avan w resi jwenn yon ajan Leta.
Anpil Gwadloupeyen santi yo tankou tanbou 2 bouda : yo fransè men yo pa fin fransè nèt, « Nou pa toutafè fwansé », tankou jan youn te di mwen pandan l tap kage on ti punch : « Nou franse devan lalwa men pan nan kè nou ». Pou yon ayisyen an, afè pisans konlyonal sa se yon yon lòt monn-yon wout nou te sèmante nou pap pran sa genyen plis pase de syèk.
Ayisyen ak Gwadloupeyen, pataje menm eritaj yo : kòd nwa a, sik, chèn nan pye, kreyòl, lang franse a yo te fòse nou pale a, apre nou vin adopte a. Men nou separe nan wout, Ayiti kase chèn yo nan san ak dife nan lane 1804 epi pran libète l. Men tou yo yo izole l pou yo fè l peye frekan sa. Gwadloup li menm te fè yon lòt chwa. Gwadloup chwazi rete anba pat Lafrans, sa ki fè li genyen bon lopital, lekòl gratis, bon wout, men bidjè yo pa depann de yo, zafè idantite yo a se bagay tèt chaje, sann pa bliye yon valè lòt bal yap pran o fon yo. Ayisyen an toujou sezi tande genyen bagay konsa toujou. Se 2 repons diferan pou menm istwa kolonizasyon an Youn te di non, lòt la te di wi, oubyen l te di wi men….
Yon dimanch ki pa kanmarad rès yo : ayisyen ale nan mès, doktè vin sove yo
Se nan pawas vilaj Bon Samaritain nan Pointe-à-Pitre, mwen et fè esperyans ki te charye plis emosyon pandan vwayaj mwen an. 12 konfrè nan Asosiyasyon doktè ayisyen ki ap viv lòt bò dlo (Association des Médical des Haitiens à l’Étranger) te òganize yon fwa medikal pou 200 konpatriyòt. Te vin genyen 4 doktè ayisyen ki ap travay Gwadloup ki te vin jwenn nou tou. Nan pwogram nan te genyen : prevansyon, depistaj, konsèy, men plis toujou, te genyen anpil lanmou. Nan Gwadloup menm jan ak anpil lòt kote, laswenyay se youn nan pi bon okazyon pou fè rankont…..
So Carbet : foujè, gomye… ak grangou
Se bò pye La Soufrière la, gwo papa vòlkan sa k ap veye sou il Basse-Terre la mwen te ale pou m te kapab al wè So carbet a. Nou te pase nan yon wout tè ki chaje pye bwa, plant tout kalte, foujè, bèl anthuriums. Te genyen gomye ki tap layite sant rezin moustik yo pa vle wè a, men ki te santi bon nan nanm mwen. Chak map gad towo pafen sa yo m sonje provèb ayisyen sa ki di : « Sa mwen wè pou wou, Antoine nan gomye pas wèl.».
Nan apremidi nou te genyen pou nou ale wè izin kote yo fè alkòl ak kasav la, epi sous dlo cho yo, men o lye de sa nou pase yon jounen ap tann. Manje midi a yo te do ba nou a 2 zè, se a 6 zè yo bay sa. Chans pou nou te genyen yo ti ponch ki te fè nou wè bagay yo pa pi mal pase sa. Apre 3 vè ti ponch, menm on ayisyen ki toujou an reta fini pa konprann reta li yo pa anyen devan pa Gwadloupeyen yo.
Bouk Prise d’Eau : kay abandone, jèn yo jete yo
Sou wout Lamentin ak Petit-Bourg, mwen dekouvri on ti bijou, on vilaj ki rele : Prise d’Eau, wa ta di se yon tablo kèk gwo atis pent. Vlaj sa a chaje pye mango ki genyen plis pase 100 lane, ak anpil jaden flè. Men nan zòn sa a plis pase 40 pousan nan kay yo se kay abandone yo ye. Se kay ki la depi epòk kolon yo. Poukisa kay sa yo abandone ? Bagay rans nou tande chak jou: divizyon fanmi, lajan ki sezi, kay ki nan sa yo rele endivizyon rezilta : yon patrimwan abandone.
|
|
Men dèyè kay abandone sa yo genyen lòt reyalite sosyal. Gwadloup genyen 450 000 abitan, 150 000 ap viv nan metwopol la, lavi a chè anpil. Pou w kapab viv nòmalman fòk w ap touche o mwen 3000 ewo pa mwa. Poutan majorite gwadloupeyen se 1000 a 1500 ero yo rive fè pa mwa nan trimèse nan 2 djòb an menm tan. Pri yon senp chanm kay nan Gwadloup konn rive 900 ero. To chomaj la se 18,7 % dapre INSEE, se sak fè anpil fwa gwadloupeyen yo oblije jete yo. Anpil ti jèn ale Lafrans ak rèv yo nan valiz yo…
2 zè tan nan tuk-tuk : bri, kout volan, revelasyon
Yo te pwomèt nou yon ti vizit orijinal nan Pointe-à-Pitre, mwen menm m te ranje kòm an pansan m tap jwenn gid ak drapo, kepi, k ap resite leson sou vil la tankou son moun dòmi nan je l. Nan plas sa mwen jwenn yon chofè tuk-tuk ak kepi, gwo kout klakson, radi pase l pa genyen. Tuk-Tuk la se yon sòt moto twa wou, se fwing fwing chofè a fè l pase nan mitan machin yo. Lè m dou w sa se vole moto sa vole nan wout yo pandan plis pase 2 zè tan. Chofè a pat sispann pale pandan wout la tou, li montre nou plas istorik yo, gwo mi grafiti yo, li te menm kanpe devan on vye batiman pou l te di m « tankou batiman sa la, se yon patrimoine k ap dòmi !». Men sa m plis sonje se jan m rele Sen-Mak, Sen Rafayèl ak tout lòt yo, ansanm ak enjenyè fren an nan kèm apre chak kout volan chofè a fè. Lè m desann moto a ak kè kontan swe kou pitit Bouki : m kapab di se premye fwa yon ayisyen vizite Pointe-à-Pitre jan m vizite l la, prèske atè plat, jan moun yo viv la, ak bri motè moto a ki t ap touse tuk-tuk, tuk-tuk…
Laswenyay nan zile yo : lapè ak dezòd
Mwen pat gen tan ale vizite nouvo lopital inivèsite Pointe-à-Pitre la janm te vle a. Yon flann ki te twò long pran tout tan an ki lakoz sa pa rive fèt. Men kòm nou pa janm konn kote dlo sòti l antre nan kokoye : yon zanmi m ki doktè, k ap travay na pwojè a te vin wèm e kase ti moso pawòl ban mwen sou kouman sa ye sou chantye lopital la. Se yon batiman modèn, ki kapab resevwa 600 a 700 kabann. Li di m yo genyen materyèl tankou, IRM numérique, robot chirurgical, radiologie à capteur plan, caisson hyperbare de dernière génération, caméra gamma ak yon accélérateur de particule. Tout materyèl ou jwenn nan gwo lopital modèn nan monn nan. Lopital la ap genyen tout gwo sèvis yo, epi pou li rete fidèl ak sa li ye a, yon lopital inivèsite, lopital ap genyen yon pati pou rechèch ak fòmasyon. L ap louvri pòt li 25 septanm 2025 k ap vini la.
Jan sa fèt anpil fwa, yon lòt lopital pase nan lespri m, lopital Inivèsite Leta Dayiti. Nan tan lontan se te pilye konesans medikal ayisyen an. Jounen jodiya menm mouch pa vole ladan, se bandi k ap taye banda nan sa. De lopital nan karayib la, de zile, de souverènte diferan. Lopital k ap konstwi nan Pointe-à-Pitre la ap bati anba zèl yon Leta ki stab. Sa Pòtoprens la li menm se briganday nèg a zam ap fè ladan. Poutan doktè ayisyen yo ki nan de bò lanmè a kontinye ap kenbe sèman yo te fè a. Pafwa yo pa gen blouz, pafwa yo pa menm genyen bistouri, men, sa yo rele kouraj la yo pa janm manke sa.
De zile, de chimen, yon sèl solèy
Apre mwen fin pase yon semèn nan Gwadloup, mwen retounen lakay mwen ak anpil imaj nan lespri m men tou ak konviksyon sa a : Karayib la se yon kaleyidoskop li ye. de zile kapab pataje menm solèy, moun yo pote menm non, machann yo rele menm jan, poutan yo chak ap fè wout pa yo.
Gwadloup se yon Ayiti men ki genyen bon wout, fatra yo ranmase a tan, lopital yo ap fonksyone, lekòl yo layik ak gratis ti cheri…. Men tou se yon zile kote sèvis piblik yo ap fonksyone, moun yo respekte lalwa, Leta rezoud pwoblèm moun yo. Men, anpil Gwadloupeyen pa konnen si pou yo chwazi idantite kreyòl la oswa si pou entregre yo nan kilti fransè a.
Ayiti li menm se yon pèp souveren, men Leta pap fè travay li, vil yo, zòn andeyò sou bouda, chak koukouj klere pou je pa yo. Men, nan mitan de modèl sa yo, genyen yon lòt espas nou kapab kreye, nou kapab trase yon lòt ekilib, nou genyen yon rèv ki se modènite twopikal pou nou reyalize :
Pou sa rive fèt Ayiti dwe fè bon jan chanjman andedan gouvènans li. Se pa nik kopye sa lòt peyi fè, men se yon chanjman ki adapte a bezwen li yo nou dwe fè. Desantralizasyon nou toujou ap pale de li a pap janm fèt vre si nou si nou pa bay zòn n ap desantralize yo pouvwa, lajan ak responsabilite. Desantralizasyon mande bon jan òganizasyon, kote Leta santral la ap di kisa li genyen kòm politik piblik. Men se kolektivite lokal ak ajan dekonsantre ki ap genyen otonomi ak mwayen pou reyalize politik piblik sa yo. Ajan dekonsantre sa yo ki akonpaye desantralizasyon an se yo menm ki pral veye si kolektivite yo respekte lalwa, ak si tout bagay ap mache byen.
Modèl Lafrans sa Gwadloup ap swiv la, kapab klere yon chimen ki adapte ak reyalite Ayiti. Li ap chita sou menm prensip ak pa yo a : tout moun konn wòl yo, woulman, disiplin, Leta pi pre sitwayen li yo. Yon sistèm konsa mande pou genyen yon konstitisyon ki byen ekri, ki klè, kore ak lwa solid, bon jan angajman politik, pou nou rebati yon Leta ki kapab koute, aji epi kenbe pawòl li.
Ou pa janm konnen yon jou yon tèt kole nan mitan achipèl la va fèt, kote chak zile kreyòl ap pataje fòs, doulè ak sa yo genyen nan djakout yo. Pandan n ap tann jou sa mwen voye yon gwo kout chapo bay bèl zile sa, ak tout tèt chaje li yo, ki raple m ke kè kreyòl la bat fò anpil, menm anba pye kokoye ki anba pat mouche Pari.
« Lalin pa janm klere pou yonn sèl lakou.»
Mèsi a tout moun mwen kontre sou wout mwen - malad yo, konfrè, chofè, kizinyè, pawasye, gad, pye gomye ki pa gen bouch yo - mèsi pou ti pawòl sa yo.
Doktè Aldy Castor
Gwadloup, jiyè 2025
0 commentaire
Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.
Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.
Se connecter Créer un compte
Aucun commentaire pour l'instant. Soyez la première personne à réagir.