Bolívar, Guerrero yon listwa k ap dòmi nan tiwa: Li lè, li tan pou Amerik Latin bay Ayiti jistis
Écouter l'article
Genyen yon pakèt istwa yo pa janm anseye nou; ni nan lekòl, ni nan inivèsite. Nan lespri tout moun Benito Juárez se yon ewo, Porfirio Díaz te yon mechan e ant lane 1800 ak 1830 endepandans peyi Meksik ki vlope nan yon drapo 3 koulè soti nan syèl epi tonbe sou tè a.
Nou fin bliye vrè istwa a, sa ki nan lèt ak temwayaj yo, istwa sa a ap dòmi nan tiwa. Istwa sa a pa fin menm jan ak sa nou konnen an. E nan menm istwa sa a, genyen yon chapit ki enpòtan anpil, men, ke pèsòn pa konnen. Istwa sa pa koumanse anlè tèt mòn peyi Meksik la men, li koumanse tout bon se sou zile vòlkan pa si pa la yo ansanm ak nan zile Karayib yo. Se la a, nan mitan pye kokoye, zam, diskou revolisyonè, ke Ayiti ki t ap boujonnen an, pran endepandans li. E tou, san bri, ni rekonesans, li tounen yon bousòl, yon refij ak jarèt pou tout lòt mouvman enpandans nan emisfè a.
Wi, Ayiti pa sèlman pemye repiblik nwa mond lan, li se : bèso libète, defansè, premye kote sila yo ki te genyen rèv libète yo yo jwenn bourad. Sila yo ki fè amerik latin nan sa li ye jounen jodiya. Ayiti pat nan fè djòlè, ni fè wè. Li pat òganize somè diplomatik, ni egzije pou yo fè estati l pandan l kanpe sou chwa li. Ayiti jis fè sa pou l te fè a.
Ayiti : Repiblik ki akouche liberatè yo (sa yo sonje sa yon lè konsa yo)
Jounen jodiya pa genyen anpil moun ki konnen si Francisco de Miranda, se youn nan premye moun ki te kòmanse goumen pou endepandans Venezwela. Li se youn nan pyone panamerikanis la ( yon ideyoloji, politik, ekonomik ak kiltirèl ki t ap ankouraje tèt ansanm nan mitan peyi ki nan amerik la) ki te fè yon pase nan peyi Dayiti nan lane 1806 pou chèche èd, lè l t ap eseye fè tout sa li kapab pou li te limen dife revolisyon an nan kontinan li an. Li te vwayaje nan ewòp, etazini, ak amerik di sid, e li te pase Ayiti tou pou l te kapab konprann kouman yon pèp ki te nan chenn te rive bat blan franse yo. Miranda te sezi wè kalte mèvèy sa a.
Kèk lane apre, an 1816 Franscisco Xavier Mina, yon jenn ti ofisye espayòl ki t ap goumen kont absolitis ( ki se yon sistèm politik kote tout povwa chita nan men yon sèl moun), t al vizite Ayiti, pandan li te nan wout pou l t al met men nan batay pou endepandans peyi Meksik. Mina t ap chèche enspirasyon, konsèy epi kontak. Pou Mina Ayiti se te yon modèl nan batay pou libète a.
Nou pa kapab bliye Simón Bolívar ki te chèf mouvman endepandans sid-amerik la. Li te jwenn plis pase yon senp pwoteksyon nan peyi Dayiti. Nan lane 1815, apre li fin pèdi batay li te koumanse mennen an, yo te egzile l. Bolívar te vin chèche èd nan Pòtoprens, Alexandre Pétion, prezidan jèn repiblik Ayiti a te resevwa l. Men, mete sou sa Alexandre Petion ba li plizyè bato, zam, inifòm ak nèg pou l rekoumanse batay la. Sèl sa Petion te mande Bolivar se te pou li : libere pèp yo– men tou, libere esklav yo.
Se Jakmèl Bolívar te soti nan lane 1816 lè li t al mennen dezyèm gwo batay li, ki ta pral bay Venezwela, Kolonbi, Ekwatè, Perou ak Bolivi libète. Men, Bolívar pat kenbe tout pwomès li te fè Petion yo, paske se te jis byen ta li te aboli esklavaj nan teritwa li yo e tou sa pat fèt nan egalite.[1]
Meksik ak Ayiti : Yon kòkòday ki la pi lontan pase sa nou panse a.
Lè w fèk ap gade ou kapab panse Meksik ak Ayiti youn dekouvri lòt lè inogirasyon premye wout pou avyon Mérida-Pòtoprens lan nan dat 4 desanm 1931. E poutan listwa rapòte nou kòkòday nan mitan de peyi sa yo mare byen lontan avan sa.
1829, 8 lane sèlman apre endepandans Meksik la, prezidan Vicente Guerrero gwo ewo revolisyon peyi Meksik, te voye yon lèt ofisyèl bay prezidan ayisyen epòk la ki se te Jean-Pierre Boyer. Guerrero pa t yon prezidan ki te kanmarad lòt yo : se te yon metis, pitit yon peyizan ki soti nan peyi Lafrik. Li te goumen pandan plis pase 10 lane kòm jeneral. Nan emisfè li a, li se youn kèk grenn chèf leta ki aboli esklavaj menm sa te fèt Ayiti a.
Nan lèt li te voye bay Boyer a, Guerrero t ap esplike anvi li genyen pou de peyi kapab genyen relasyon diplomatik ofisyèl. Yon aksyon ki montre respè youn pou lòt ak solidarite ki genyen nan mitan de nasyon ki te fèk koumanse boujounen apre yo fin sòti anba joug lesklavaj la. E se sak fè li chwazi kolonèl José Ignacio Basadre kòm reprezantan peyi Meksik nan Pòtoprens.
1830, yon lane aprea, Meksik ansanm ak Ayiti pwopoze pou yo mete tèt yo ansanm pou yo travay pou yo kapab defann endepandans latino-ameriken an kont gwo monak ak presyon lòt peyi. Se te yon epòk tèt chaje. Leta peyi Meksik la pot ko fin pran kab kò l, ewòp la li menm t ap gade Ayiti on jan on jan. De peyi sa yo t ap pote menm chay, paske yo te oze pran kontwòl desten yo.
Malgre jan evenman sa yo te enpòtan, yo rive antere yo nan achiv ofisyèl. Se kòmsi m ta di w istoryen yo (oswa listwa menm an pèsòn) deside « monte chita sou yo ». Erezman, jounen jodiya nou konnen dokiman sa yo egziste, e yo konsève yo nan achiv diplomatik nasyonal Meksik :
- Dosye H/310.11 (72:729.4) “829”/1 – Lane 1829
- Dosye 4-3-5759 – Lane 1830
Akoz enstabilite politik, gouvènman ki paka fè menm 5 minit sou pouvwa, san konte lòt pwoblèm, alyans sila pa janm rive fèt e relasyon ofisyèl nan mitan de peyi yo kòmanse jis nan lane 1929, 100 lane apre. Yon reta istorik, si w t ap pase bagay sa nan betiz ou t ap di yo bay yon ti bourik nan sid la pote mesay la ale, men malerezman li pèdi nan wout.
Men si genyen yon bagay ki rete nan listwa : Ayiti ansanm ak Meksik te eseye mete tèt yo ansanm byen avan sa listwa ofisyèl la rapòte nou. Yo te genyen menm vizyon pou souverènte, dignite, ak kowoperasyon kote youn egal ak lòt. Sanble li lè, li tan pou nou re li lèt sa yo ak tout atansyon, ak tou lanmou yo merite a.
Depi nan anfiteyat UNAM nan pou rive nan achiv anbasad la: reveye yon memwa kolektif
Mwen te etidye medsin nan peyi Meksik se sa ki te te ban mwen chans pou m dekouvri relasyon nan mitan de nasyon sè sa yo. Menm si nan jewografi a de peyi yo pa pre, yo pataje menm rasin ki goumen pou libète ak jistis nan emisfè a. Se pandan ane mwen fè UNAM nan, nan mitan kou anatomi ak fizyoloji, nou swiv tou kou istwa, jewografi ak sivik peyi Meksik nan Faculté de Philosophie et Lettres. E se lè sa mwen koumanse wè koneksyon ki genyen nan de peyi yo gras ak dokiman yo sere nan Archivo General de la Nación ak achiv istorik diplomasi meksiken an.
Gras ak dokiman sa yo, jounen jodiya nou konnen ke nan dat 13 oktòb 1829, prezidan Vicente Guerrero te voye yon lèt bay prezidan Jean-Pierre Boyer pou li mande l pou de peyi yo genyen relasyon diplomatik ofisyèl. Se pa t yon senp jès koutwazi, men yon inisyativ politik ki djanm e ki mande tou anpil kouray, paske de peyi sa yo te genyen nesesite pou yo bay souverènte yo jarèt. Men yo efase bagay konsa nan listwa epi yo vin mete ke relasyon nan mitan de Meksik ak Ayiti koumanse nan lane 1929.
Nou menm Meksayisyen yo, ayisyen ki fòme nan inivèsite nan peyi Meksik e ki pran anagajman pou de nasyon nou yo, nou panse li tan pou nou rantre nan nannan relasyon lane 1829 la e pou nou soti ak istwa ke amerik latin nan rekonèt kòm vrè istwa a. Nou panse li lè li tan pou nou re gade listwa, pou nou korije e pou nou fè moun yo sonje sa ki te pase yo. Nou pap fè sa paske nous sonje dantan nou, men n ap fè sa paske la verite ak listwa genyen yon valè ki kapab sèvi pou kreye pon pou demen.
E kounye a ? Kisa pou nou fè ak istwa sa a nou re jwenn nan ?
Nou pa pral ranje kò nou pou nou re ekri liv lekòl yo sèlman, ak pou fè ansyen meday yo klere. Nou dwe transfòme doikman sa yo ki la depi dig dantan an aksyon. Nou dwe kontinye chita pale sa a ki te koumanse sa depi de syèk la.
Nou menm Meksayisyen yo, nou mande pou yo bay valè epi mete kanpe sou pye sa Meksik ak Ayiti te genyen entansyon fè a :
- Rekonèt senbolikman kilè relasyon Ayiti ak Meksik la koumanse : rekonèt ofisyèman senbolikman ke relasyon sa a koumanse ak lèt Vicente Guerrero a nan lane 1829.
- Mete sou pye yon pwogram tèt kole youn ak lòt pou devlopman: pwogram sa a ap chita sou sou èd youn pou lòt nan domèn tankou : sante, agrikilti, edikasyon, kilti ak espò.
- Kreye yon enstitisyon ayisyano-meksiken pou listwa ak kowoperasyon : yon espas kote nou pral reflechi, chèche pwojè pou youn ak lòt, pou sosyete sivil la, inivèsite ak gouvènman yo.
- Re bay Ayiti wòl li te jwe nan endepandans Meksik la tout valè li merite nan pwogram kiltirèl ak edikatif yo : entegre Ayiti kòm youn aktè ki te patisipe anpil anpil nan listwa latino-ameriken an.
Listwa viv lè nou deside aktive l. Jounen jodiya nou genyen dokiman, prèv e sak pi enpòtan an nou genyen volonte. Li lè pou nou vire gade dèyè, men, san nou pa rete chita ladan. Nou vle avanse ansanm, youn ak lòt jan Guerrero te mande sa a.
Ayiti pa nan lagè jan nou konnen sa konn fèt la : Ayiti se yon peyi y ap toupizi, toufounan depi lontan
Ayiti pa nan lagè jan nou konnen sa konn fèt la, se yon pèp kap sibi tout kalte vye fòm vyolans ki genyen, e sa genyen gwo konsekans sou peyi a chak jou. Nan lane 2024 sèlman vyolan nèg ak zam fè, l akoz plis pase 5600 moun mouri ak plis pase yon milyon moun deplase. Nèg ak zam se se sèl kòk chante nan Pòtprens, y ap siman laperèz, latwoublay, ensekirite, kote yo vle, jan yo vle lè lide yo di yo.
Se pa pwoblèm sa sèlman Ayiti genyen. Ayiti genyen gwo pwoblèm estrikti tou : chomaj, sèvis ki pi enpòtan yo pa kapab reponn ak bezwen popilasyon an, enstitisyon yo yo menm frajil tankou bonbon lanmidon. Leta preske pa genyen si yo rele pouvwa a ankò, sa ki lakoz li pa ka bay sèvis premye nesesite yo, e sa ki lakoz tou anpil komin lage nan won pou kont yo.
Pou Ayiti leve defi sa yo se pa sèlman aksyon pou tabli sekirite ki pou fèt : fòk solisyon n ap pote yo genyen ladan plan pou lekòl, laswenyay, respè youn pou lòt, kolaborasyon entènasyonal ki chita sou diyite. Se konsa sèlman n ap kapab libere nanchon an tout bon epi ede li devlope. Se sa yo ki se baz pou Ayiti jwenn chimen estabilite a.
E si amerik la te deside montre Ayiti li pa engra, l ap peye dèt li ?
Jounen jodiya, se pa revandike n ap revandike, ni yon bagay ki fèk parèt nap mande. Nou mande pou yo bay bay Ayiti jistik istorik l ap tann depi dig dantan an. Paskee menm si Ayiti se se youn nan pi piti nasyon, e youn nan peyi yo mete plis sou kote nan monn nan, se Ayiti ki te bay Simón Bolívar kout bourad li te bezwen an. Se Ayiti ki te resevwa Miranda ak Mina. Se Ayiti tou ki te bay liberatè n ap selebre jounen jodiya sipò san kondisyon. Jodiya amerik latin nan genyen chans ak obligasyon moral pou l fè menm bagay la pou Ayiti.
« Bay Ayiti jistis » se plis pase yon jès senbolik oswa yon aksyon imanitè. Se devwa pou listwa, ki genyen sans, fidelite e ki chita sou valè ki te bay emisfè a endepandans. Sa mande pou nou re louvri pòt ki fè nou youn egal ak lòt la, se rekonstwi alyans ki chita sou respè, e tou rekonèt dèt istorik sa a nou pran twòp tan pou yo peye l.
Ayiti ap monte yon maswife depi plizyè dizèn lane, akòz lòt peyi ap foure bouch nan zafè li e tou akoz diktati gouvènman peyi a. Poutan Ayiti se premye nasyon modènn ki deklare byen fò pou tout monn nan tande ke libète se yo dwa inivèsèl. Listwa aprann nou ke nasyon yo konn tonbe nan tou kote yo pa kapab soti, e lè sa pèp ki pataje menm istwa yo dwe mobilize, non pa pou yo vin sove, men, pou yo vin bay yon bon zanmi jarèt
Meksik kòm manm nan kominote entènasyonal la e kòm premye alye Ayiti, pi byen plase pou li kanpe bò kote pèp ayisyen an. Gras ak Esperyans, resous epi volonte, Meksik kapab ede Ayiti rejwenn chimen estabilite. Se pa charite l ap fè nou men se pou sans listwa nou pataje ansanm nan.
Jan prezidan Hugo Chávez te pwoklame sa a nan somè CELAC la nan lane 2011 lam: « Se pa ede pou nou ede Ayiti. Nou dwe peye l sa nou dwe l. Ayiti pa yon peyi ki pòv : Ayiti se peyi yo fin souse, se yon peyi yo fè vin pòv tèlman yo pase syèk ap piye l. E nou menm ki ap di se bolivaryen nou ye, nou genyen dèt pou pèp sa ki ede nou pran endepandans nou. »
Nan eko pawòl sila yo tout moun tande byen klè :se pa charite, men se jistis n ap bay Ayiti. Pawòl sa yo pa sèlman lòt ouvè pòt, pawòl sa yo raple nasyon yo tou, ke dwe mete tèt ansanm pou yo peye Ayiti dèt istorik sa a ak diyite.
Doktè Aldy Castor
Yon doktè ki diplome nan UNAM.
Meksayisyen nan kè… ak nan idantite lil tou.
7 avril 2025
[1] Nou dwe fè moun yo sonje ke wòl Ayiti jwe nan istwa Amerik la koumanse byen avan yo te rekonèt li kòm repiblik. Nan lane 1779, plizyè milye sòlda afriken nan Sendomeng (ki pral vin Ayiti a), t al goumen nan batay Savannah a. Yo t al pote èd yo bay 13 koloni rebèl yo. Yo te vini tou ak resous ki vo nan moman 9 milya dola. Dapre istoryen ameriken Ted Widmer, si se pat kontribisyon sila a Etazini pa t ap rive pran endepandans li.
Malgre sa, mwens pase mwatye yon syèk apre, nan lane 1824, Etazini mete yon gwo blokis sou repiblik Dayti ki te fèk ap boujonnen an. Presyon an te si tèlman fò, ke nan konvansyon kongrè anfiktyonik Panama Simón Bolívar te fè a, malgre Ayiti se peyi ki te pote èd ki te chanje batay li t ap mennen an nèt pat resevwa envitasyon. Anpil istoryen kwè ke se te pou reponn ak enfliyans politik Washington li te fè sa. Paske Washington te koumanse pè mouvman revolisyon ayisyen ki t ap libere eklavaj yo.
0 commentaire
Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.
Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.
Se connecter Créer un compte
Aucun commentaire pour l'instant. Soyez la première personne à réagir.