Tounen lakay, yon meksayisyen nan peyi Meksik
Écouter l'article
Aprè plis pase kèk dizèn lane ap travay nan kat kwen monn nan, sitou nan peyi Etazini yon gwoup Meksayisyen te reyini pou yo viv yon moman ki pa kanmarad pyès lòt. Se te twazyèm reyinyon yo konn fè chak ane a men fwa se nan vil Meksiko ki se kapital peyi Meksik. Se te tankou yon pelerinaj pou ansyen etidyan ayisyen sa yo, ki te etidye nan inivèsite nan peyi Meksik, ki tounen dezyèm patri yo. Se gras ak dezyèm patri sa ki fè nou genyen bon zanmitay sa ki la jous jounen jodiya. Se pa t yon senp vwayayje se pa t yon senp reyinyon non plis ; se okazyon, kote, pandan kèk jou, nou pral kreye plis opòtinite, reviv dantan nou, epòk tout fòs ak kouraj nou te sou nou, ane kote tèt nou pa t cho kou vè lanp ak pwoblèm.
Meksayisyen yo se profesyonèl ki chaje zouti nan djakout yo. Nou se ansyen jenès la, jounen jodiya ki vin espè nan plizyè domèn gras ak fòmasyon akademik nou. Se moun yo ki toujou genyen anpil rekonesans pou peyi Meksik e ki toujou santi Meksik se lakay yo. Yo pataje plis pase diplòm yo te rive genyen lòt bò a. Se moun yo ki makonnen ak esperyans yo te fè ansanm, e sa ki kite mak sou lavi ak metye yo. Yo mare nan kilti, santiman, ak edikasyon akademik. Yo se anbasadè zanmitay ki genyen nan mitan Meksik ak Ayiti a, yo genyen lanbisyon pou yo tounen motè pou chanjman. Ki objektif yo genyen? Itilize konesans yo pou bay pwogram imanitè Meksik ak Ayiti a jarèt, nan sektè tankou sante ak agrikilti, pou fè ki pon nan mitan de nasyon yo vin pi solid.
Nan lane 1966 lavi etidyan ayisyen ki nan Meksiko yo te chita sou disiplin akademik ak plezi. Chak maten se te kouri nou te konn ap kouri pou nou pa anreta nan kou diseksyon yo. Pwofesè Hernandez, se te yon towo tout moun konnen, te mèt gen van, lapli, loray, li toujou la a lè, wa pa kouzen l prezidan pa bòpè l 7 è tapan pòt klas li fèmen. Kèlke lan swa moun nan, te mèt se kèlke segonn reta yo se nan rèv yo y ap wè diseksyon an. Se te jimnastik chak maten pou m kouri jwenn Pepe. Pepe se te non sa mwen te bay kadav mwen te genyen pou m diseke a. Depi w manke an reta nan kat kou, kafe w koule ak ma ou tou pa pase. Sa ki te bay plis pwoblèm ke si se tèt moun ou te genyen pou w etidye pa kè !
Depi liv nou fèmen, nou fin ranje zouti diseksyon nou, se lòt koze nèt ki genyen. Chak samdi swa, te konn genyen sware dans dechennen nan Coloni Navarte, se la etidyan ayisyen yo te konn ale pou file bèl ti fanm nan zòn nan. Nou te jwenn bon ekilib la, kou anbriyoloji, diseksyon, anatomi, biyochimi sou yon bò epi mambo ak konpa dirèk sou lòt bò a.
Nan epòk sa yo te rele kapital Meksik la « paradi flè, kè ak lanmou ». Li te genyen sèlman 7 milyon moun. Se te yon bèl kote, byen swa, pye bwa kouri sou tout wout yo, pak yo chaje flè. Epòk mwen te konn al mache nan Insurgentes, Xola ou Reforma, se te kòmsi mwen te al pwomennen nan yon bouk andeyò yo, olye mwen t al mache nan gran ri, nan yon gwo vil. Jounen jodiya menm kapital sa vin gen 22 milyon moun. Li vin tounen yo megalopòl (gwo zòn kote plizyè gwo vil fè yon sèl, pou vin bay plizyè ti vil ki konn menm rive sou plizyè santèn kilomèt, kote moun yo pil sou pil) ki chaje bri ak akitivite. Se pa menm kapital ki te poze kou ma kafe ki te genyen lontan an. Mwen te sezi wè jan Meksiko te tranfòme apre tout lane sa yo. Poutan, nan mitan tèt chaje sa genyen kèk kote ki toujou rete menm jan, e ki fè m sonje vil sa se te yon vil swa, yon vil lanmou, li te nan lane 60 yo. Men tou, gen bagay tankou, richès kiltirèl meksiken yo, gete yo, fyète yo genyen pou istwa yo, sa yo pa janm chanje.
Vizit mwen nan fakilte medsin UNAM nan raple m yon pakèt souvni. Se kòmsi te yon krapo mwen nan lane 1960, mwen vole plop epi m vin tonbe nan XXI syèk la. Epòk mwen te nan inivèsite a, mi yo te dekore ak afich pedagoik ki te fini pa vin koulè jòn tèlman yo te la lontan. Nan epòk se diskèt ki te dènye teknoloji a. E se te nan retroprojektè ki te konn fè anpil bri nou te konn pase yo. Pwofesè a, ki an menm tan te mwatye majisyen, mwatye pwofesè, te konn ap fè jimnastik ak diskèt yo, pandan l ap fè chema sou tablo nwa yo ak lakrè bla ki pap manke pa ba w pousyè. Jodiya pandan m t ap rantre nan youn nan nouvo sal denyè teknoloji yo, high-techs yo, te genyen enpresyon mwen te rantre nan yon epizòd « Star Trek ». Se te tablo elektwonik ki genyen tablo nwa yo pa la ankò. Etidyan kounya yo se sou klavye dwèt Yo ap tèk tèk tèk. Mwen menm manke mande yo sa yo fè ak lakrè yo epi vye retrospektè a.
Mwen te santi m pèdi, tankou yon dinozò nan yon pak teknolojik. Reyalite a frape m lè yon jèn etidyan ki te ka gen menm laj ak pitit pitit mwen mande m pou m pale l de esperyans mwen. Sou figi l ou te kapab wè jan li genyen anvi jwenn tout bon repons a kesyon li poze m nan. Lè sa mwen tou konprann ke menm si zouti ak metòd yo chanje, nannan aprantisay la toujou rete menm bagay la: pasyon pou konesans kit ou sèvi ak lakrè kit ou sèvi ak klavye.
Genyen ki nan pwofesè ki la kounya yo ki pi jènn pase premye cheve blanch mwen gen nan tèt mwen yo. Yo t ap sèvi ak aparèy elektronik sa yo jan sa dwa. Si m te genyen yon òdinatè nan lane 60 yo, mwen t ap pase mwens nwit blanch ap tape nòt sou ansyen machin a tape mwen an, ki se te yon Olivetti, pandan m ap priye pou mwen pa fè fot. Sa tou fè m sonje Conie yon boubout mwen, ki te toujou ap fè djòlè, se li ki pi fò nan sa yo rele teknoloji a, lè l te fèk ap parèt. Conie t ap travay nan Seguro Social, li te konn ap fè ti tou nan kat pou yo foure nan gwo bout tonton machin enfòmatik yo. Nan lane 1967 aparèy sa te yo ki te reprezante lavni. Aparèy sa te prèske fè lajè yon gwo sal epi ou te bzewen yon kanaval moun pou nou fè l fonksyone. Se aparèy sa yo ki se zansèt telefòn entelijan nou genyen kounya. Nou fè anpil progrè.
Lè nou t al vizite fakilte achitekti ki nan UNAM nan mwen te genyen yon ti bat bouch ak yon pwofesè epi kèk etidyan. Genyen yon etidyan ki sanble renmen konnen ki mande m : doktè Castor, koman ou wè achitekti Meksik la evolye depi lane 60 apre ou fin kite l la ? Mwen souri paske sa fè m sonje dantan apre mwen reponn li : Epòk sa pa t genyen tout chlèbè, tout bwòdè, tout koub, tout limyè ki genyen nan achitekti kounya, se de senp bwat an beton, depi w ka rete ladan li bon. Batiman mwen wè jounen jodiya, se za yo ye, yo chaje koub, limyè ak kreyativite. Se yon lòt pa anan ankò. Pwofesè a ki kontan tande sa reponn : tankou bibliyotèk santral la, se plis pase yon senp batiman. Se yon frèsk vivan nan listwa meksiken an. Juan O'Gorman te fè ak mozayik gwo koulè, pou li te kapab rakonte plizyèy syèk listwa kilti peyi Meksik.
Yon etidyan meksiken ki fyè de peyi li te mande m: « E mi de Diego Rivera, tout moun renmen anki nan fakilte medsin nan ? Se yon mi tout listwa medsin nan grave sou li, se trezò nasyonal nou li ye!». Mwen souri lè m sonje nan epòk mwen an mi sa yo te la déjà, men se pa t frèsk ki sou li yo nou te konn gade lè sa. Se grafiti, etidyan k ap revandike dwa, te fè sou li ki te konn enterese nou. Pandan m ap mache nan falkite a, mwen reyalize jan l chanje pandan li kenbe menm espri kreyatif li te genyen. L'UNAM rive kenbe jouk jounen jodiya, menm bèl nanm wòklò li te genyen an nan mitan modenitè a k ap file kou flèch. Li rive jwenn bon ekilib la poul kapab marye, tradisyon ak inovasyon. Se pa bagay ki piti !
Pandan nou nan bus n ap sòti nan UNAM nan, nou te wè gwo towo estad olenpik inivèsitè yo. Frèsk ki sou li yo fèt ak wòch, se te yon bèl maryay za prekonbyen ansanm ak achitekti modèn. Sa montre kijan tradisyon ak modènite kapab makonnen youn ak lòt. Estad anblematik sa a te konstwi nan lane 1952, se pa t sèlman je olenpik yo li te resevwa, se te yon gwo chapit tou nan listwa peyi Mesik.
Te genyen gwo deblozay ki te pete nan peyi Meksik di jou avan je olenpik yo kòmanse. Nan dat 2 oktòb 1968 lame a simen katouch sou yon manifestasyon pasifik ki tap fèt nan Plaza de las Tres Culturas. Masak sa pote non masak Tlatelolco. Manifestan yo, pi fò ladan ki se te etidyan nan ak kèk lòt inivèsite, t ap denose lajan je olenpik yo t ap koute peyi a, ansanm ak jan rejim Parti Révolutionnaire Institutionnel la (PRI) t ap mete pye sou kou popilasyon an.
Yo pa t rive konnen konbyen viktim ki te genyen vre, men se te nan alantou 44 a 400 mò e lapolis te mete plis pase 1300 moun anba kòd jou sa. Menm si masak la te sakaje nasyon an, je olenpik yo te rive fèt kan menm, jan sa te prevwa a. Pandan nasyon an te an lapenn menm tan li te genyen kè kontan akòz aktivite espòtif je olenpik yo. Epizòd sa raple nou, genyen kèk nan listwa lajwa melanje ak lapèn.
De jou aprè dram ki pase Tlatelolco a, te genyen yon etidyan syans sosyal yo te bay ti non jwèt «El Chirrisco». Miche te toujou cho devan bann, li toujou nan tèt tout manifestasyon kont gouvènman an. Lapolis te lage koukou wouj dèyè l, li te vin mawon sou azotea ki sou tèt imèb nou an. Lè manman Chucho ki se kamarad chanm mwen an tande sa, perèz anvayi madanm nan. Señora Espinoza te tèlman pè pou nou, li fè nou kite lòt bò sou tèt, epi vin jwenn li lakay li nan vil Acapulco. UNAM menm te fèmen depi de semèn sou lòd prezidan Gustavo Díaz Ordaz. Lè sa bon fòn di li bon! Nou pase tan nou nan plaj ap dòmi anba pye kokoye, egzil nou an te plus sanble ak yon vakans nou pat atann. Sa ki pa bon pou youn konn bon pou yon lòt…pa mande Bondje menm, lè afè bon an se bèl fanm ak plaj Acapulco yo.
Nou te debake nan Tlalpan pou n al desann yon dejen nan restoran Arroyo, kote nou te tonbe nan kè kilti Meksiken an. Restoran sa genye tout kalte manje tradisyonèl Mesiken. Se nan anbyans sa mwen vin redoukouvri manje meksiken mwen te renmen e ki te manke m anpil : la barbacoa de borrego. Se yon babkyou vyann mouton ki vlope nan fèy maguey. Yo kwit li ak vapè pandan plizyè è tan. Li tèlman byen kwit, li fonn nan bouch ou lè w ap manje l. Poutan se te chay la tòkèt la te dèyè. Tòkèt la se yon konsonmen mouton ki fèt ak sòs vyann mouton ki genyen bon jan epis ki ba li bon gou, soup sa se koupe dwèt. Se kòmsi Mesik chita nan kiyè soup sa.
Gwo kout ri, bèl serenad mariachis yo, bèl disksiyon kit e genyen sou tab la, fè m reyalize se pa t yon senp dine, men se te akèy meksiken an menm, kote gou, mizik, tradisyon ki melanje ak on bèl amoni, fè chak moman tounen yon festen pou sans ak nanm.
Nou pase on nwit ap tande mariachis yo ki t ap jwe pou moun ki damou nan Plaza Garibaldi, se te yon esperyans ki te pran kè m ak nanm mwen. Mariachis yo ak bèl kostim yo sou yo, byen bwodè t ap pase tab an tab pou bay madanm ak mouche yo serenad anba syèl nwa chaje zetwal la. Chak mizik yo te jwe, ke l te ge, ke l te tris, rakonte yon istwa lanmou, pasyon oswa kè brize. Vyolon yo t ap vibre epi tronpèt yo t ap jwe tankou se te nan lopera anba syèl la. Chak nòt yo sanble mache jous yo rive nan kè chak grenn nan nou. Moman sa fè m sonje epòk mwen te inivèsitè.
Pakou akademik mwen nan UNAM, relasyon m ak kilti meksiken an te banm mwen yon disiplin entelektyèl ak yon pasyon pou konesans ki pa janm fini, e ki ouvè pòt New York Medical College pou mwen, kote mwen fè yon espesyalizasyon nan obstetrik ak jinekoloji. Nan vil Lafayette ki twouve l nan Louisiane karyè pwofesyonèl mwen chita sou bon fondasyon solid sa ansanm ak enfliyans meksik. On moun kapab wè sa nan jan mwen wè medsin. Mwen toujou ap eseye wè moun ki dèyè pasyan an. Se gras ak pwofesè meksiken pasyone tankou doktè Trifón de la Sierra, pwofesè Nosologie Basique Intégrale ak doktè Luis Perez Tamayo pwofesè patoloji m nan, ansanm ak kèk lòt ankò ki fè se fason imanis sa mwen wè medsin.
Angajaman mwen genyen pou peyi Dayiti a, sòti nan valè mwen te aprann nan UNAM nan. Se la mwen aprann jan sa enpòtan lè ou itil kominote w, ak lè ou se yon aktè nan chanjman sosyal k ap fèt yo. Jounen jodiya gras ak Haitian Resource Development Foundation (HRDF), mwen sèvi ak konesans mwen genyen pou m patisipe nan devlopman peyi kote fèt la. Tèt kole nan mitan meksayisyen yo, UNAM, ansanm ak kèk lòt enstisyon meksiken, bay bon jan opòtinite pou Meksik ak Ayiti fè plis wout ansanm. Nou pral konsantre nou sou projè ki adapte tout bon ak reyalite pèp ayisyen an, men tou ak reyalite zòn andeyò k abandone yo.
Youn nan pi gwo projè nou genyen se mete sou pye yon antènn pou fòmasyon medikal a distans. Yon pwogram ki pral fèt gras ak teknoloji modèn, seminè an liy, videyo konferans pou zòn andeyò yo, kote moun yo pa genyen enstitisyon pou yo jwenn laswenyay. Projè sa se tankou menm pwojè UNAM konn fè nan lòt peyi mete tankou El Salvador. Pwojè gen pou objektif, amelyore kalite, epi ede moun jwenn laswenyay nan peyi Dayiti, yo pral voye konesans medikal nan zòn andeyò yo.
Inisyativ agrikòl meksiken tankou "Sembrando Vida", nan tèt kole ak enstisyon tankou Chanpingo kapab ede ti peyizan nan kèk zòn nan peyi Dayiti. Projè pilòt sa yo pral ede nou genyen pi bon metòd nan agrikilti epi genyen yon pi bon rezistans ekolojik tou.
An gwo inisyativ Meksayisyen yo nan tèt kole ak UNAM pwopoze yo, se opòtinite pou devlopman dirab pou peyi Dayiti. Y ap pote bon jan solisyon pou rezoud defi ki genyen nan peyi a pandan y ap bay relasyon kiltirèl ak akademik nan de peyi yo jarèt.
Pou nou fini pelerinaj nou nan peyi Meksik la an penpan, Meksayisyen yo t al gade balè fòkrik Meksiko [Ballet Folklórico de México] nan gwo bout tonton palè Bo-Za [Palacio de Bellas Artes]. Se yon bijou nan achitekti kote za ki dekore deyò ak za ki dekore andedan an te byen makonnen. Avan menm mwen pwofite de espektak la, lespri syantifik ki nan mwen an te déjà reveye : mwen pa t ka reziste ak anvi mwen te genyen pou mwen t al gade si batiman te rantre nan tè aprè dènye fwa mwen te vizite la nan fen lane 1960. Fondasyon gwo batiman lou sa yo toujou ap rantre nan tè ti kras pa ti kras. Men podjab mwen pa t sonje make baz la pou m te ka fè yon konparezon syantifik. Se ap pou yon pwochèn fwa. Se sa lasyans mande.
Anndan palè a se te yon kokenn chenn fe datifis koulè, rit ak tradisyon. Balè fòlklorik la te pran lespri m nèt, te genyen plizyè kalte dans ki sòti diferan rejyon nan peyi meksik la, youn pi wololoy pase lòt. Ant de dans sa yo dans Jarabe Tapatío ki se dans chapo meksiken an, ak dans mistik Danza del Venado ki genyen seremoni zansèt yo, se kòmsi yo te voye m nan dantan ak kiltil peyi Meksik la menm. Kostim tout koulè, mizik cho mariachis yo, ou ta kapab di espektak la pa t senp. Se vre se te yon espektak men tou, se te yon vwayaj nan dantan, kote menm son mizik ki te nan palè a sanble fè yon sèl ak souvni nou yo, anbyans sa te vlope nou nan yon ti nostalji.
Retounen Meksik, re wè UNAM nan, reveye nan mwen yon pakèt pou kote sa m t al aprann e ki te fè m grandi a. UNAM pa sèlman yon senp inivèsite, li se yon fwaye ki chaje lide ak souvni. Se yon richès pou kilti, bon jan lespri, bon jan edikasyon akademik, ki kontribye anpil nan moun mwen ye jounen jodiya.
M ap mande tout jèn ayisyen yo, e tout moun ki menm jan ak mwen ki te genyen chans kreye lyen ak kokenn chenn nasyon sila a. An nou sèvi pon nan mitan de peyi nou yo. An nou kreye chimen pou lespwa ak devlopman. Nou pa janm konnen nou va retounen isit la ak kè nou chaje ak souvni, e nou va rakonte youn lòt kèk vye blag sou vye UNAM nou an, devan yon bon taco al pastor.
Aldy Castor MD, Meksayisyen
Ayisyen ak Meksiken, nan tèt kole an nou simen lavi, pou nou kapab rekòlte sante sòti nan mòn yo pou rive nan lanmè yo - « Enèji de pèp nou yo ap klere chimen nou ».
9 oktòb 2024.
0 commentaire
Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.
Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.
Se connecter Créer un compte
Aucun commentaire pour l'instant. Soyez la première personne à réagir.