Écrire à la rédaction
Radio Pacific 101.5 fm
Société

TIM TIM – BWA CHÈCH! «PEACEKEEPER PEST CONTROL»

TIM TIM – BWA CHÈCH! «PEACEKEEPER PEST CONTROL»

Écouter l'article

Pandan yon konferans ak la près, chèf gouvèmanna re fè nou konnen yo genyen volonte pou yo reprann tout teritwa pèdi yo, vil pa vil, katye pa katye, kay pa kay https://nam-haiti.com/2024/06/27/le-pm-garry-conille-motive-a-reprendre-le-controle-des-territoires-avec-laide-des-kenyans/

Tim tim – Bwa chèch! Te genyen yon epòk Pòtoprens te cho kou vè lanp, men, se te kè kase, ensekirite, klakson machin, kochon lage nan lari, machann pwomenen, timoun grangou k ap rele, kawotchou k ap boule, fatra santi, kout bal k ap chante nan riyèl yo tout lasent jounen ki t ap chofe vil la konsa. Yon gwo baf arebò lari a t ap chante yon gwo plan lidè nasyonal la genyen pou li mete lòd nan dezòd, kay pa kay, katye pa katye, vil pa vil. Wa ta di se lè moun k ap vann poud ravèt ak pinèz yo ap pase epi ap gonfle gojèt yo nan mikrofòn prèt pou fè moun soud, pou di yo genyen solisyon pou tout dezagreman on moun ka genyen lakay ou.

Genyen yon mouche yo rele Pako e li se gwo mèt yon imèb ki genyen plizè apatman ladan nan Pòtoprens. Li menm tou li te lage yon pè las nan kò tout bèt k ap bay pwoblèm nan kay li a. Kay Mesye Pako a genyen 3 etaj, men chak etaj sa yo genyen 4 apatman e chak apatman te genyen 3 pyès. Li te genyen an tou 18  lokatè. Nan lakou pa dèyè kay la te genyen 2 kabrit ak plizyè poul. Kay mesye Pako a genyen plis pase 20 lane depi l te bati. Kay la te chape anba gwo tranblemann tè a, men, fondasyon kay la, mi, pòt ak ankadreman fenèt yo, te gen kote ki te fann. Sa ki te lakòz dezagreman tankou gwo vye rat, ravèt, krikèt, moustik, e gen de lè tou zwazo ak koulèv pase nan fant tou pou rantre nan kay la. Lokatè yo te toujou ap plenyen paske rat yo manje manje yo epi fè gad manje yo tounen kote gwo bal ap jwe chak swa. Krikèt yo yo menm, lè yo fin manje rès manje rat yo, yo jwe bal pa tou nan chanm moun yo chak swa. Dan marengwen menm menm anpeche moun yo viv. Zwazo yo yo menm abite sou rad moun yo, koulèv yo yo menm se anba kabann moun yo yo rantre pou yo dòmi. Genyen yon kòk li men menm an gran mèt lakou, chak maten li leve bay serenad pa l la sou balkon 3zyèm etaj la. Mesye Pako menm ki about ak bagay sa deside rele yon antrepriz ki espesyalize nan dechouke dezagreman. Men nan fristasyon l li fè yon nimewo entènasyonal san l pa wè. – Alo se Peacekeeper Pest Control, ki pwoblèm ou genyen mesye? Depi sou vwa moun k ap, pale a ou santi se yon moun ki mete linèt nwa menm le l anndan lakay li.

Mesye Pako reponn – mwen genyen dezagreman lakay mwen k ap bay lokatè m yo pwoblèm. Yo plenyen twòp nan zòrèy mwen.

Vwa a reponn – ki kote ou ye?

Mesye Pako reponn – anba lavil, Pòtoprens e ou menm ?

Vwa a reponn - Mwen Nairobi, nan kapital Kenya. Plop plop la m ap pase sou oseyan atlantik la! N ap la demen maten. Vin kontre ak nou nan ayewopò a.

Mesye a gade telefòn nan epi li di nan tèt eske m sot rele mande pwazon pou dezagreman nan peyi Kenya? Bon, jan l pase l pase depi yo banm sèvis.

II

Nan demen maten, yon avyon ki ekri “Peacekeeper Pest Control” an gwo lèt ekri sou li rive Pòtoprens. Genyen twa gwo machin ak plizyè kaj ki ekri Peacekeeper Pest Control ak yon kamyon ki sòti anndan avyon an. Anndan machin yo genyen 10 nèg an inifòm, epi nan kaj yo te genyen 3 lyon, 2 tig, yon jiraf. Mesye Pako peye taks dwan yo epi mennen yo nan kay la. Tank y ap avanse, se plis moun ap fè fou l dèyè yo, epi sa w tande a bagay la tounen tankou yon bann madigra.

Lè yo rive, Kenyan yo gare machin yo ansanm ak kaj yo tou pre kay la. Yo kanpe tant ki fèt ak twal ansanm ak tout yon kizin mobil nan lakou devan an, yo di mèt kay la - se la n ap manje epi ap pase nwit la. Demen n ap mennen ankèt sou kay la, n ap gade epi kontwole dezagreman yo. Gen de lè bagay sa yo pran nou kèk jou, konsa sa ka rive sa pran nou kèk semèn oswa kèk mwa tou. Sa te etone mesye Pako e fè l panse nan vil Nairobi yo pa jwe ak sa yo rele dezagreman.

Youn nan nèg yo pwoche kote mesye Pako e di l - se mwen ki okipe m de bèt yo. Li lè pou yo manje. Mesye a reponn – Pa gen anpil manje anndan non. Ki kantite ou bezwen? Nèg la reponn - 8 kilogram vyann wouj pou chak lyon ak chak tig yo, sa ki fè 40 kilogram an tou. N ap bezwen 50 kilogram fwi ak legim pou elefan an, epi pou jiraf la 30 kilogram fèy ak fwi. Apre mesye a fin eseye imajine ki kalte chay manje l ap bezwen pou bèt yo, li reponn - se plis manje pase tout sa nou genyen nan batiman an. M ap oblije ale nan mache. Mesye a mande lokatè li yo pou yo pran tout panye ak sak yo genyen epi swiv li. Pandan yo prale a responsab bèt yo di l – demen y ap bezwen menm kantite a ankò wi. Youn nan lyon ki tande sa gwonde pou l montre jan l kontan.

III

Tout lokatè yo te rasanble deyò pandan la pèsòn yo t ap enspekte kay la. Yo pase gade chak pyès, chak etaj, chak kay. Yo wè epi desine sou yon kat kote ki genyen gwo vye rat, ravèt, krikèt, moustik, zwazo ak koulèv. Pou chak dezagreman yo chache ki bèt sovaj yo pral pote pou fè travay la. Apresa, la pèsòn yo sòti, yo pran kaj ki genyen lyon an epi yo mete l nan pa pòt kay la.

Lè yo ouvri pòt kaj la, lyon an rantre nan koulwa a epi vole nan eskalye yo pandan l ap fè gwo bri. Li brake ak koulèv la, li fè yon lòt bri ankò, perèz menm anvayi koulèv la, li woule desann nan eskalye a pou l al sòti nan pòt kay la, la a menm youn nan la pèsòn yo pop yo pran l epi mete l nan yon gwo sak twal. Pandan tan sa, lyon an mande awoyo l ap chèche lòt koulèv, l ap fè bri, kraze brize nan chak kay li rantre. Lokatè yo ki deyò t ap imajine ki kantite dega mesye lyon fè. Apre yon moman, lyon an jwenn yon bon vye kanape li monte kouche sou li, li dòmi. Gen on ti tan ki pase menm mouch pa vole. Apresa, nèg yo pote kaj elefan yo mete l nan pa pòt kay la tou. Lè yo louvri kaj la konpè elefan kouri sòti. Men, tout moun te kapab wè li twò gwo pou pa pòt kay la. Konpè elefan twonp li anlè ak pil eskonbrit fòse rantre nan kay la, pa pòt fann, seramik nan koulwa tonbe kraze anba chak pa towo a. Mesye Pako rale ponyèt mouche ki responsab bèt yo epi l tonbe rele – Ou pa wè elefan ap kraze kay la! Mouche a reponn – nan metye m nan, lè nou bezwen dechouke dezagreman nou mete nan tèt nou ap gen kraze brize.

Lokatè yo ki deyò a yo menm, men nan machwè ap tande bri la pat konpè elefan k ap mache, pyès pa pyès, etaj pa etaj, kay pa kay, chèche rat pou l krabinen. Bri kouri nouvèl gaye nan mitan rat yo ki nan chak pyès chak etaj chak kay. Sa w tande a tou yon kanaval gwo vye rat kòmanse woule desann nan esklalye a pou sòti nan pa pòt kay la pou yo wè si yo ta chape pou l yo anba pat towo a, ajan yo menm se pop pop ranmase rat mete nan sak twal. Lokatè yo toujou chita menm plas ap tande mèb ak vèsèl, k ap kraze chak kote towo a pase. Yon ti tan apre konpè elefan jwenn rezèvwa dlo byen fre nan dènye etaj la. Pawòl pa pou ou se mwen k ap ba ou, dlo pran sòti nan fenèt yo pou rive jouk sou twotwa bò lari a. Figi pòv lokatè yo fin pachiman nan kalkile konbyen jou y ap bezwen pou yo netwaye deblozay sa a.

Kounya se vin tou pa konpè jiraf pou l pati dèyè ravèt, krikèt, moustik ak tout vye dezagreman k ap vole. La pèsòn yo woule kaj li a nan pa pòt kay la, yo ouvè l epi mare kèk gwo plim otrich nwa ak blan nan tout kou konpè jiraf. Konpè jiraf menm rantre nan kay epi tonbe bale atè, panno, plafon chak pyès, chak etaj, chak kay ak plim ki nan kou l yo. Kòm jiraf se pa yon bèt ki renmen fè bri, malere lokatè yo ki deyò a te kapab tande waaaacchhhh waaaacccchhhh plim otrich yo t ap fè ansanm ak bri rès vèsèl ak mèb ki te rete yo ki t ap fin kraze. La pèsòn yo yo menm te kanpe deyò a ak filè epi sandal nan men yo pou kraze bouda oswa kenbe epi mete dezagreman ki t ap voltije soti deyò a nan sak. Pandan tan sa konpè jiraf li menm ki fatige nan fè pwopte jwenn on vye amwa ki fè nwa, rantre epi l kache nan mitan chemiz ak patanlon moun yo.

IIII

Pandan rès jounen an la pèsòn yo lage rès bèt yo dapre jan yo te kalkile. Dezagreman yo yo menm, genyen sa ki te mouri, genyen ki te rive chape poul yo anba pat la pèsòn yo, genyen la pèsòn yo te kenbe mete nan sak.  Kounya tout bèt sovaj yo te sòti anndan kaj yo epi rantre andedan batiman an. Sa ki t ap dòmi, sa ki t ap manje manje moun yo, sa k t ap vire won pandan y ap kraze plis mèb ak vesèl. Malgre tout sa la pèsòn yo fè, ti Mari di li pap monte, ti Mari di li pap desann, zannimo sovaj yo pa deside sòti nan kay la. Lè mesye Pako ak lokatè yo mande la pèsòn yo sa k fè sa, responsab bèt yo reponn – se paske yo santi yo alèz kòm blèz kote yo ye a.

Sa rete konsa pandan lontan. Zannimo yo te vin mèt kay, lokatè yo yo menm rete nan lakou a, nan kaj bèt yo paske yo pa t gen pyès lòt kote pou yo ale. Ki donk se te kouri pou lapli al tonbe nan rivyè. Kounya kaj yo vin kòmanse atire dezagreman tou, gwo vye rat, ravèt, krikèt, zwazo, koulèv. Menm konpè kòk te vin enstale l sou tèt kaj jiraf la ki men wotè.

Lè lè a rive pou mesye Pako peye la pèsòn yo pou travay. Li te on jan pa konn si pou l monte si pou l desann. Li di yo – Bagay sa deplimen m nèt, mwen depanse on pil lajan nan vyann, fwi ak legim pou bèt sovaj nou yo. Kounya se yo menm kap layite kò yo tankou moun nan vye nan kay mwen an, mwen ak lokatè m yo, se nan kaj yo nou ye pil sou pil tankou bèt. Chèf la pran san l li pran tan l pou l wete  linèt nwa ki nan je li a pou li reponn mesye a – tout sa w ap di m la se bobin, se dechouke ou te rele m vin dechouke dezagreman pou ou nan chak pyès, chak etaj, chak kay. Mwen travay pou lajan m, kale m kòb mwen. Nan peyi m apre sa travay sa se ochan nou t ap jwenn. Epi si w ta vle kenbe kaj yo w ap peye on ti di plis.

V

Nan demen maten apre yo fin resevwa lajan an, la pèsòn yo fè valiz yo, yo jete yo. Yo kite tout batanklan yo dèyè. Nan apremidi, yon gwoup jèn ti skout, byen chèlbè nan inifòm yo, t ap pase devan kay mesye Pako a. Yo ret kanpe bouch be, devan sa yo te wè : zannimo sovaj yo ki enstale an mèt kay, pandan lokatè yo rete deyò ap tann yo ba yo rantre pou yo kapab fè la desant.

Kòm skout se moun yo ki debouya, lè yo fin byen tande istwa tèt chat sa a, mete sou pye yon plan ki genyen 2 etap sèlman ki pral rezoud pwoblèm nan.

Premye etap : gade epi kontwole dezagreman yo. Apresa, yo desann plop plop nan mache a epi yo tounen ak pyèj pou rat, spre antimoustik, moustikè, epi kantite plat y ap bezwen pou bouche tout fant, tout tou, ak tout klèb kote dezagreman yo konn fè bal nan kay moun yo le swa.

Dezyèm etap : manman penba a ki se marshmallows. Skout yo limen yon ti dife bwa nan lakou a epi tonbe griye marshmallow byen griye. Lè marshmallow yo komanse pran bèl ti koulè dore anba dife a, yon sant dous gaye nan lakou a jouk rive anba nen locatè sovaj yo. Kòm nou konnen se ak siwo yo rale foumi, zannimo sovaj yo ki pa te kapab reziste anba sant lan, kòmanse montre pwent nen yo youn pa youn. Yo sòti nan batiman an pou yo goute ti bagay dous sa k ap bay sant sa ki kenbe yo nan gagann yo. Konpè lyon ki sanble renmen marshmallow gwonde pou l montre jan l kontan avan l al jwenn lòt yo nan festen an.

Lokatè yo pete kouri la kontantman, epi rantre nan kay la, wete pousyè sou mèb krabinen yo epi enstale yo. Kòk la li ki te deja byen esntale sou tèt kaj jiraf la, layite zèl li pòtre yon moun ki te nan kèk vye pyès teyat vole epi ateri sou balkon twazyèm etaj la kote l pran chante sa ki ta vle sanble ak im nasyonal la Desalinyèn nan. Lokatè yo plenn nan kè paske yo wè yo pral oblije sipòte vwazen yo atis konpè kòk ankò, men pito sa ke malgre sa. Pito se konpè kòk pase se lòt dezagreman yo. Mesye Pako reprann kay li te pèdi a, pyès pa pyès, etaj pa etaj, kay pa kay.

Moral istwa a : Pitit gason toujou gen bon solisyon nan tèt li. Menm Bouki konn gen pi bon ide pase Malis, sof lè yon kòk gen foli limena.

Aldy Castor, M.D., aldyc@att.net

Prezidan, Haitian Resource Development Foundation (HRDF)

Direktè, Emergency Medical Services for Haiti Medical Relief Mission, Association of Haitian Physicians Abroad.

Manm, Haitian Diaspora United Front

 

Stuart Leiderman, leiderman@mindspring.com

Ekspè nan Refijye nan Anvironman ak Restorasyon Ekolojik.

Konsiltan nan biwo prezidan Haitian Resource Devlopment Foundation (HRDF)

 

11 septanm 2024.

0 commentaire

Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.

Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.

Se connecter Créer un compte

Aucun commentaire pour l'instant. Soyez la première personne à réagir.

À lire également

Toute la rubrique Société

Alertes du National

Recevez une notification sur votre téléphone ou votre ordinateur dès qu'un article paraît dans les rubriques de votre choix. Gratuit, sans inscription.

Rubriques à suivre