Diskou rektè Inivèsite Leta Ayiti a nan okazyon selebrasyon Jounen entènasyonal lang manman
Écouter l'article
Se pa ti kontan nou kontan resevwa tout gwo pèsonalite sa yo nan Rektora a nan okazyon Jounen Entenasyonal Lang Manman an.
Ane sa a n ap selebre dat 21 fevriye a yon fason espesyal :
- Nou gen yon tèm : “Entegrasyon lang Kreyòl nan lajistis” ;
- Se nou plizyè k met ansanm pou selebrasyon sa a : AKA, EMA, OPC, UEH(FLA, FDSE, CUHP, REKTORA A) ;
- Nou òganize divès aktivite : konferans, konkou, lansman chè akademik, elatriye ;
- Nou te blije pran plizyè jou pou n reyalize aktivite yo.
Sa k pi bèl la, nou obsève angouman nou tout met ansanm pou n fe kòz la vanse. Kit se EMA, kit se OPC kit se Fakilte Dwa kit se CUHP. San nou pa pale de AKA ak FLA ki te deja gen tradisyon selebrasyon sa a.
Pi bèl toujou, se kalite repons nou komanse jwenn nan men piblik la , nan men sosyete a pou lang kreyòl la rantre pi fon a gran lijyen nan aktivite lavi nou, kit se nan domèn piblik, kit se nan domèn prive.
Nou ka pran egzanp sou jan pwofesyonèl lajistis yo – majistra, komisè, grefye, isye, avoka - ranmase lide pou lajistis la benyen nan lang kreyòl la nan okazyon bèl konferans EMA ak RENAMA te òganize vandredi pase a.
Konferansye yo te fè yon bèl pledwaye kote yo te montre diferan obstak majistra, komisè, grefye, avoka, isye konn jwenn. Yo te tou pwofite bay kèk sijesyon ak rekòmandasyon sou sa k ta dwe fèt pou nou sispann jije moun nan yon lang yo pa konprann.
Nan sans sa a, n ap salye ak anpil kè kontan inisyativ Fakilte Dwa ak Syans Ekonomik la pran pou l kreye yon chè espesyal sou kesyon entegrasyon lang kreyòl la nan la jistis. Dwayen an sot eksplike n diferan travay chè a ap gen pou l fè, diferan dimansyon l ap gen pou l ranmase. E lè n tande foug, asirans, detèminasyon Dwayen Pierre-Louis montre nan entèvansyon l lan, nou gen plis konfyans toujou n ap gen batay pou kreyòl la rantre nan lajistis. Yon gwo kout chapo pou Dwayen Pierre-Louis ak tout nouvo dekana a Fakilte Dwa a.
Anreyalite se tout komite pilotaj pou entegrasyon kreyòl nan lajistis la ki merite yon chay konpliman, yon chay remèsiman. Ke se EMA ak tout Direktè jeneral li Mèt Kesner Therrmesi ak Direktè Etid li , Mèt Maguy Florestal, ke se OPC ak Pwotektè a san n pa bliye Mèt Cange ki reprezante l. san n pa bliye AKA ak FLA ki te toujou kenbe flanbo a.
Komite a ap kontinye travay. Komite a gen plas pou tout lot aktè nan sektè jistis la. Tankou Ministè Jistis, CSPJ, Federasyon Bawo Avoka, elatriye. Plis gen aktè ki pare pou pote kole ak mouvman an, se plis n ap ka rive pi vit.
Pami moun ki te bay bèl patisipasyon nan selebrasyon Jounen Lang Manman an, fok nou mansyone etidyan yo ak Direksyon Vi Etidyan Rektora a.
Nan kad konkou Rektora a te òganize sou tradiksyon ak deklamasyon Batistè peyi d Ayiti ak Diskou Dessalines te pwononse premye janvye 1804, mwen te gen chans tande entevansyon kèk patisipan.
Mwen pa kache di nou janm te santi yon gwo emosyon anvayi m. devouman etidyan yo , kreyativite yo, patriyotis yo, fyetè yo te montre, tou sa touche m nan kòd ki pi sansib mwen.
Se tankou etidyan yo t ap dekouvri tout siyifikasyon, tout enpak endepandans peyi nou an, sakrifis papa ak manman nasyon an te konsanti, kalite eritaj yo kite pou nou epi obligasyon nou genyen pou n pran swen l, pou n pwoteje l.
0 commentaire
Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.
Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.
Se connecter Créer un compte
Aucun commentaire pour l'instant. Soyez la première personne à réagir.