Inivèsite Leta Ayiti a lanse yon « chè kreyòl nan lajistis » nan kad selebrasyon Jounen entènasyonal lang manman 2024 la
Écouter l'article
« Entegrasyon lang manman nan lajistis », se sou tèm sa Jounen entènasyonal Lang manman an te selebre jou ki te 21 fevriye 2024 nan lokal Rektora Inivèsite Leta Ayiti. Aktivite sa rive reyalize sou lobedyans Rektora Inivèsite Leta Ayiti a nan tèt kole ak Akademi Kreyòl Ayisyen an ansanm ak plizyè lòt enstitisyon tankou Lekòl Majistrati, Ofis Pwoteksyon Sitwayen, Chè UNESCO Istwa ak Patrimwàn, Fakilte Lengwistik Aplike, Fakilte Dwa ak Syans Ekonomik, elatriye.
Plizyè pèsonalite te prezan nan kad aktivite sa a, pami yo Rektè Inivèsite Leta Ayiti a, pwofesè Fritz Deshommes, Minis Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl la, pwofesè Nesmy Manigat, Manm Dekana Fakilte Dwa ak Syans Ekonomik yo, Vis prezidant Akademi Kreyòl Ayisyen an, Madan Rosilia François Corneille, Direktè Lekòl Majistrati a, Mèt Kesner Thermezi, Ansyen Minis Jistis, Mèt Henri M. Dorléans, Prezidant kou dapèl Pòtoprens la, Mèt Nora Jean-François pou n site sa yo sèlman.
Seremoni pou selebre Jounen entènasyonal Lang Manman an se te okazyon pou Fakilte Dwa ak Syans Ekonomik te lanse yon « Chè Kreyòl nan Lajistis ». Daprè Dwayen Fakilte sila a, Mèt Eugène Pierre-Louis, chè sa a se te yon pwomès li te fè nan moman envestiti dekana l ap dirije a. Li fè konnen chè a la pou l travay nan ansèyman, pou l pwopaje nan sivik, nan dwa moun, nan dwa fondamantal, nan kesyon libète avèk tout sa li enplike. Li te kontinye pou l di chè a ap la pou l fè fòmasyon. L ap gen tou pou l tradwi tout tèks, tout lwa nan sistèm jidisyè a atravè sa l rele yon klinik jiridik ak jidisyè ki ap la pou rann sèvis a kominote a nan kesyon tradiksyon ki gen awè ak domèn lajistis, kad reglemantè, elatriye. Etidyan Fakilte Dwa ak Syans Ekonomik yo ap gen pou fè memwa, fè tèz an kreyòl tou anndan chè a.
Si n kwè pawòl Mèt Pierre-Louis « Chè kreyòl nan lajistis » la ap reyini divès kategori aktè piblik tankou prive. Pami aktè piblik yo, li site Inivèsite Leta Ayiti a atravè 2 nan antite l yo (FLA ak FDSE), Akademi Kreyòl Ayisyen an, Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl, Ofis Pwoteksyon Sitwayen, Ministè Lajistis atravè lekòl Majistrati (EMA), Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè (CSPJ), OMRH elatriye. Pou aktè prive yo li pale de asosiyasyon majistra yo, asosiyasyon fanm jij yo, asosiyasyon jij yo, sendika yo, òganizasyon sosyo pwofesyonèl yo, anseyan k ap fè rechèch yo, asosiyasyon konsomatè yo, reprezantan sektè prive tankou chanm komès ak medyasyon yo, manm kominote entènasyonal la, elatriye.
Mèt Pierre-Louis anonse yo deja mete sou pye yon komite pilotaj ki la pou rive byen òganize chè a ak mete estrikti ladan l poul byen reponn ak misyon l. Komite sa gen gen ladan l, Dr Blair Chéry, pwofesè nan Inivèsite Leta Ayiti a, Magistra Loubens Elysée, Jij Al Duniel Dimanche, pwofesè Caleb Deshommes ki se Visdwayen Syans jiridik nan FDSE, pwofesè Charles Alex Mathieu Julien ki se Visdwayen Syans ekonomik nan FDSE. Komite a ki dwe gen ladan l jiska 7 moun ap gen pou l konplete avèk 2 fanm k ap sòti nan enstitisyon ki se patenè chè a.
Rektora Inivèsite Leta Ayiti a se yon gwo patenè nan kad selebrasyon Jounen entènasyonal Lang manman an. Rektè Fritz Deshommes nan entèvansyon li eksprime kè kontan l pou jan l wè divès aktè anbrase pledwaye ki ap fèt ane sa a pou entegrasyon lang kreyòl la nan lajistis. “Sa k pi bèl la, nou obsève angouman nou tout met ansanm pou n fe kòz la vanse. Kit se EMA, kit se OPC kit se Fakilte Dwa kit se CUHP. San nou pa pale de AKA ak FLA ki te deja gen tradisyon selebrasyon sa a. Pi bèl toujou, se kalite repons nou komanse jwenn nan men piblik la , nan men sosyete a pou lang kreyòl la rantre pi fon a gran lijyen nan aktivite lavi nou, kit se nan domèn piblik, kit se nan domèn prive. Nou ka pran egzanp sou jan pwofesyonèl lajistis yo – majistra, komisè, grefye, isye, avoka - ranmase lide pou lajistis la benyen nan lang kreyòl la nan okazyon bèl konferans EMA ak RENAMA te òganize vandredi pase a », daprè sa Rektè a fè konnen.
Rektè a te pwofite salye desizyon responsab Fakilte Dwa ak Syans Ekonomik yo pran pou mete sou pye « Chè kreyòl nan lajistis » la. Li rete kwè avèk tout detèminasyon Dwayen fakilte a montre y ap gen viktwa kanmenm nan batay pou kreyòl la rantre nan lajistis la. Pou l fini, li voye tou yon gwo kout chapo pou etidyan ki te patisipe nan konkou tradiksyon ak deklamasyon an kreyòl Ak lendepandans ansanm ak Diskou Dessalines nan.
Minis Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon pwofesyonèl la nan entèvansyon l felisite Inivèsite Leta Ayiti a pran pou mete kanpe yon chè kreyòl ki pou fè fòmasyon, fè rechèch bay sèvis ak kominote a nan sa ki gen a wè ak lajistis. Pou li menm se ap yon gwo bagay pou jistis la fèt pi byen nan peyi. Li ankouraje pou tout lòt sektè yo fè menm jan pou fasilite konpreyansyon Ayisyen nan tout domèn.
Madan Rosilia François Corneille, Vis prezidant Akademi Kreyòl Ayisyen an wè nan lansman « Chè kreyòl nan lajistis » la yon bagay ki rantre nan listwa. « Jounen 21 fevriye sa a se yon jou istorik kote plizyè enstitisyon mete tèt ansanm pou yo kore inisyativ Fakilte Dwa ak Syans Ekonomik nan Inivèsite Leta Ayiti a pran pou li kreye yon chè kreyòl. Se yon inisyativ ki dwe pèmèt peyi a gen yon Fakilte Dwa kote y ap fòme moun ki gen pou prensipal misyon travay pou yo amelyore lajistis, respè dwa moun, elatriye. Nan sans sa a nou dwe sonje pa ka gen respè dwa moun san respè pou dwa lengwistik popilasyon an », daprè li menm.
Vis prezidant AKA a remèsye e felisite Fakilte Dwa ak syans Ekonomik pou chè sa a li mete sou pye a. Li fè konnen fakilte a deja genyen batay sa a li lanse a. « Yon lòt bò kreyasyon chè sila a montre nou pandan peyi anba gwo tansyon sou tout fòm, tout kalite, anpil bèl ide konn pran fòm. Fakilte Dwa ak Syans Ekonomik lanse yon pari. Men se yon pari li tou genyen. Paske lide pou mete yon chè nan espas inivésite a eksprime bon jan entansyon ki anime dirijan antite sa a. Mèsi anpil pou gwo bourad sa a enstitisyon sa a bay lang kreyòl ayisyen an epi pou mak respè li montre pou respè dwa lengwistik pèp ayisyen an. Se yon grap plezi tou lè nou sonje ki kantite lòt enstitisyon ki ranmase ide a epi ki ap travay nan pwodui refleksyon pou pwojè sa reyisi. Nou vle site Lekòl majistrati, Ofis Pwoteksyon Sitwayen, Fakilte Lengwistik elatriye. Souple nap mande pou nou bay yon gwo chay aplodisman pou gwo reyalizasyon an », daprè Madan Corneille souliye.
A kote lansman « Chè kreyòl nan lajistis » la, seremoni an te sèvi kòm pretèks pou Rektora Inivèsite Leta Ayiti a atravè Direksyon Vi Etidyan te pibliye rezilta defini Konkou tradiksyon ak deklamasyon an kreyòl ak lendepandans peyi d Ayiti ansanm ak Diskou Dessalines te fè nan Gonayiv jou ki te premye janvye 1804 la. Senk (5) etidyan ak etidyant ki sòti loreya yo se : Esaih Jean Ernest Belance (FLA), 1ye loreya: Nissi Gabriella Jean (FLA), 2zyèm loreya; Anne Lenine Jean-Baptiste (IERAH), 3zyèm loreya; Lewis Parisien (FAMV), 4yèm loreya ak Fatsendy Saint-Pierre (FLA), 5yèm loreya. N ap raple konkou sa te lanse nan dat 29 desanm 2023 pou make 220tyèm lane lendepandans peyi d Ayiti a (1ye janvye 2024) ak Jounen entènasyonal Lang manman an (21 fevriye) pou ane 2024 la. Li te reyalize sou lobedyans Rektora Inivèsite Leta Ayiti a ansanm ak Akademi Kreyòl Ayisyen an. Konkou a te gen 2 faz. Premye faz la se te tradiksyon tèks nou site pi wo yo ki te gen 54 etidyan ak etidyant ki te patisipe. Dezyèm faz la se te deklamasyon tèks yo ki te fèt ak 20 premye moun ki te reyisi pati tradiksyon an. Twa premye loreya yo jwenn yon laptop, yon kantite liv, yon meday epi sètifikasyon patisipasyon. Katriyèm ak senkyèm loreya yo jwenn yon meday, yon kantite liv ak yon sètifika patisipasyon.
0 commentaire
Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.
Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.
Se connecter Créer un compte
Aucun commentaire pour l'instant. Soyez la première personne à réagir.