Écrire à la rédaction
Radio Pacific 101.5 fm
Société

Deklarasyon ayisyen, «SODOTO» ak wonm jamayiken, yon dyaspora nan peyi Ayiti

Deklarasyon ayisyen, «SODOTO» ak wonm jamayiken, yon dyaspora nan peyi Ayiti

Écouter l'article

Istwa jeni a ak politisyen egzile yo

Te gen yon epòk, twa politisyen ki te nan egzil te chita sou yon plaj dezè Karayib la. Grangou t ap touye yo. Rad yo te chire. Chak jou ki pase te menm jan ak lòt la.  Lè yo gade lòt bò lanmè a, yo pa t menm ka byen wè fòm mònn yo. Pou mete sou kalamite yo osnon pou anpeche yo chape poul yo, yon bato lagè t ap siyonnen nan mitan lanmè a .

Menm moman, yon vag lanmè voye jete sou sab la yon vye bwat an bwa gwosè yon sèkèy. Bwat la te dekore, fèmen avèk ansyen vewou . Te genyen de mo te ekri sou li, « Pinga Louvri ». Men sa pa te anpeche, politisyen egzile yo louvri l pou yo wè kisa ki andedan l. Yo kase vewou wouye a epi leve kouvèti a. Menm lè a, yon kolòn lafimen mawon sòti anndan bwat la epi li pran fòm yon gwo pòtorik jeni (djin)ki te abiye ak twal swa, men li te gwo, li te gen yon manchèt men longè epi de je nan tèt li te wouj kou dife.   Laperèz anvayi politisyen yo, ki panse yo pral fè vwal nan peyi san chapo.

Men olye sa Djin nan bese je li epi kòmanse pale lang yo. Li di « Mwen se yon jeni, mwen genyen pouvwa, mwen t ap sèvi on wa ki te vin mechan. Sa genyen plizyè lane, li fèmen m nan bwat sa a epi li jete l nan lanmè. Mwen pa esklav pèsòn, mwen pa genyen mèt.  Men, kòm nou wete m nan prizon mwen te ye a, m ap rekonpanse nou. Nou chak ki la gen dwa mande m yon bagay nenpòt sa l ye a, mande m li epi m ap fè l.

San reflechi, premye politisyen an di: “Mwen sonje fanmi mwen! Mwen vle ale lakay mwen! Jeni ak je wouj kou dife a tanmen gade egzile a ki te chita sou sab la epi nan yon bat je politisyen an disparèt. Kote li te chita sou sab la rete vid.

Aprè dezyèm politisyen an fin wè mèvèy sila, li pran plis tan pou li chwazi sa l te vle a. Aprè sa, li di lontan mwen te yon nonm ki te rich, e mwen te genyen pouvwa nan peyi mwen. Mwen rayi jan m ap viv kounye a mwen pòv epi m san defans. Mwen vle rejwenn ansyen poziyon mwen an.

Menm jan ak premye politisyen an, jeni an tanmen gade dezyèm nan epi nan yon bat je li disparèt. Kote li te chita sou sab la rete vid.

Jeni an parèt nan yon touf lafimen nwa anlè tèt denyè politisyen an ki te chita poukont li, sèl li menm, sou sab la, nan yon zile  ki pa te gen pyès lòt moun sou li ankò. Jeni an rete ap tann twazyèm lòd yo pral ba li a. Politisyen an gade adwat aprè sa, li gade sou bò gòch li, kote de zanmi l yo te chita  avan yo disparèt. Epi li leve je l nan je jeni an ki wouj kou dife a epi li tonbe kriye. Pandan lap kriye a l ap di «  jeni ki gen tout pouvwa, kounye a mwen poukont mwen. Mwen pa ka sipòte sa. Mwen sonje zanmi mwen yo epi … »

Men, anvan li te fin di tout pawòl la, nan on ti bat je, jeni an fè de ansyen egzile yo reparèt sou sab la ankò nan menm pozisyon yo te chita, youn agòch youn adwat li avan jeni ki genyen tout pouvwa a te reyalize rèv yo. Ranyon sou yo chita ap gade lanmè a san okenn espwa pou yo chape pou l yo. Bò kote yo te genyen yon gwo bwat vid ak 2 mo sa yo ekri sou li "Pinga Louvri".

Moral istwa: Politisyen se gapiyè pouvwa. .

 

Sèn 2 - Mesaj nan yon boutèy

Yon apremidi, nan filè kèk pechè nan Aken,  wete yon boutèy ki fèt an vè rabi ak dlo lanmè a, parèt, fèmen byen di pou anyen pa t ka rantre ladan. Pandan y ap gade boutèy la, yo wè sou li yon mo, JAMAICA. Jamaica se non zile sila ki bay sou lwès peyi a, ke anpil moun konnen paske li bay bon wonm. Men, Jamayik te a 200 kilomèt, pi lwen pase kote pechè yo pa janm rive.  Nan konesans yo, pa gen okenn ayisyen ki te janm ale vizite zile sila.

Pechè yo ki te bezwen konnen ki sa ki te genyen anndan boutèy la louvri li. Boutèy la te vid san yon gout wonm. Olye sa, yo jwenn yon papye ak ekriti ak lank nwa anlè epi anba fèy la kèk gwo mo te ekri ak lank wouj “ HELP!" ( POTE M SEKOU ). Pechè yo pa t janm kenbe yon bagay konsa nan nas yo, sèlman pwason, k ap vin pi piti chak lane k ap pase.

Malgre sa, pechè yo te kwè boutèy la ak sa ki ladan l lan te ka genyen anpil valè. Pechè yo t a sonje, lè yo te timoun, istwa gran papa yo te konn rakonte yo sou pirat ki te konn mete kat kote trezò yo sere nan on boutèy epi jete l nan lanmè. Men, tout boutèy ki te konn soti nan lanmè epi rive sou plaj peyi a, toujou vid, san kat osnon trezò. Gen kèk ladan yo ki se boutèy nan tan lontan, men se te toujou fatra ki soti nan Karayib la k ap flote sou lanmè a.

Pami pitit pechè yo, gen kèk ladan yo ki te ale lekòl. Yo te konprann byen vit ekriti an wouj ki te sou papye a "POTE M SEKOU"  men sa te pran yo plizyè jou epi anpil difikilte lè yo t ap koumanse li ekriti an nwa sou papye a pou yo te konprann li. Men, yo te rive konprann se te yon "lis kado"

ki sanble ak sa timoun k ap viv Ayiti konn ekri pou pote legliz lè mwa desanm pou bay Tonton Nwèl. Pandan lis kado timoun yo te konn fè pou bay Tonton Nwèl yo te genyen bagay tankou pwason, jwèt ak dlo pou bwè, mesaj ki nan boutèy la ta swete bagay tankou "sekirite", "pataj pouvwa" ak "twal bon mache".

Pou pechè yo, ki pat ni konprann kisa sa yo swete yo nan papye a te vle di ni tou yo pat rekonèt okenn nan non moun, ni òganizasyon ki te siyen anba mesaj la. Si yo te Ayisyen, okenn nan yo pat janm vizite Aken. E si yo pa t ayisyen, mesaj la pat fèt pou pechè Aken yo. Se te lave men siye l atè.

Se konsa, yon maten byen bonè, pechè yo pran pi bon kannòt yo te genyen epi pran lanmè a. Yo woule papye a epi yo remete li  nan boutèy la, yo bouche l byen di ankò epi yo tounen jete l nan lanmè a. Nan syèl la, yon avyon t ap vole  byen wo. Lè pechè yo met pye yo atè, ak pitit yo, tou grangou, tonbe dakò ke pito jwenn pwason nan lanmè a nan plas yon lòt boutèy.

Moral istwa : Nas yo konn pran lòt bagay paske nan lanmè a se pa pwason ase ki genyen.

 

Diplomat Opozisyon yo

Apre Somè Kingston nan Jamayik la ki te fèt nan kòmansman mwa jen an fini, plizyè diplomat opozisyon ayisyen te nan menm avyon pou retounen Pòtoprens. Kostim yo chifonnen, soulye yo chire, malèt yo te chaje ak deklarasyon pou fè pale anpil nan peyi a. Yo tout te gaga paske nan yèswa yo te bwè twòp wonm Jamayiken.

Pandan vòl la, yo tanmen pale sou rezilta somè Kingston nan. Youn nan yo di: ‘Se te premye vwayaj mwen Jamayik. Mwen te renmen manje yo, moun yo ak peyizaj la. Men, lè nou tounen Ayiti, n ap toujou jwenn menm pwoblèm yo oswa pwoblèm yo ka menm vin pi grav’

Yon dezyèm reponn: ‘Se te move rèv yon pechè... manje pou rale pwason an,  nou te prepare pou negosye, pou n trape pwason. Men, lè nou rive, nou te jwenn lanmè vid. Lanmè a pat genyen pwason, sèlman dlo sale.

Yon twazyèm te di: "Travay nou an tounen yon blag, tankou lis kado nwèl yon timoun. Se yon jeni ki gen pouvwa ase ki ka bay sa ki nan lis sa lavi.

Yon katriyèm te di: "Mwen te tèlman pa itil anyen sou bato a pandan fèt la yè swa mwen te ekri 'POTE M SEKOU ak on plim wouj anba kopi Deklarasyon an. Aprè sa, mwen te mete l nan yon boutèy wonm vid mwen bouche l byen di, epi m voye l jete l byen lwen. M tande lè fè bri ‘splash’ la lè li tonbe nan lanmè a.  Kiyès ki konnen kibò boutèy la sa ka rive, ki moun ki va li l ?’

Nan menm moman avyon an ki t ap rantre nan kapital la fè yon panche sou vil Aken. Mesye dam yo t ap gade nan fenèt yo, bato pechè to. Youn te  di, ‘Genlè mwen ta dwe wete kò m nan lavi diplomat opozisyon sa an epi vin yon pechè obeyisan. Lanmè a li menm genyen pwason.

Moral istwa : Lè w ap gade  nan retwovizè, Jamayik sanble pi pre Ayiti ke sa nou ta ka panse..

 

Post Scriptum

Premye jou rezidans obstetrik ak jinekoloji mwen nan New York Medical College, rezidan an chèf nou an te rasanble tout rezidan premye ane yo epi li te di solanèlman, "SODOTO"

(See one , Do one, Teach one) [Gade youn, Fè youn, anseye youn]. Sa ki gen rapò ak jan  yo aprann dokte yo fe operasyon, men tou,  tanmen  chanje jan doktè yo te konn aji, chanjman sa li menm pral chanje koneksyon na neronn  doktè yo  e ki genyen pou rezilta, yon chanjman ki va la pou anpil.Aprè 4 lane fòmasyon, nou te byen aprann sa nou te dwe konnen nan obstetrik ak jinekoloji. Kolèg ekolojis mwen an, Stuart, te fè menm eksperyans lan.

Ayiti,  yo genlè pa aplike leson yo. Genlè sèlman nan ka nerochirijyen yo ki vin Premye Minis. Listwa rapòte nou se kòmsi politisyen yo rale yon ti bout baton ki gen pouvwa epi yo kreye yon lòt reyalite kote sa yo vle fè p ap bon pou sosyete kounya yo.  Yo te kreye yon mond ki pa gen pyès fòm epi mond sa li menm rekreye yon lòt mond san okenn fòm. Pou egzanp, lè nou pran deklarasyon an aprè rankont nan Jamayik la. Pa rive fè okenn nan sa yo te prevwa al fè. Ki moun ki pral ka fè bagay sa yo? Ki lè n ap kòmanse fè yo epi kilè y ap  fini?  Konbyen kòb l ap koute?  Kiyès ki pral ye? Ki moun ki pral peye? Rezidan an chèf mwen t ap grate tèt li gade m jan l konn abitye fè a  fè l la e mande m, "De kisa w ap pale la ? Kote  'SODOTO' m nan  ak solisyon ki chita sou prèv yo?’

DEKLARASYON OPOZISYON, SOMÈ KINGSTON, JAMAYIK POU LAPÈ AN AYITI 11-13 JEN 2023 .

 

Pati politik yo ak òganizasyon sosyete sivil ki siyen sa dokiman sa.

Lè nou konsidere sitiyasyon eksepsyonèl peyi a.

Anvi kontribye nan kreyasyon yon rezolisyon final somè entè-ayisyèn nan Kingston

Paske genyen nesesite pou mete yon fen nan soufrans popilasyon an akoz aksyon vyolans gang ame .

Lè nou gade pwoblèm imanitè ki gen rapò ak migrasyon anpil manm nan popilasyon, kolera ki retounen, ensekirite alimantè, elatriye.

Lè nou gade destriksyon nan tissu ekonomik peyi a pwopoze

 

1 Retablisman yon pouvwa egzekitif ak

  • Yon Kolèj Prezidansyèl
  • Yon Gouvènman Inite Nasyonal dirije pa yon premye minis

2 Gouvènman dwe satisfè priyorite ke y odefini nan yon fèy nan wout ki sèvi kòm tèm referans pou tranzisyon an L ap fè efò pou respekte preskripsyon konstitisyonèl yo konsènan patisipasyon fanm yo.

3 Gouvènman dwe kreye bon jan kondisyon k ap pèmèt popilasyon an fè yo konfyans  epi tabli yon sekirite ki ap ankouraje aktivite ekonomik ak refòm epi òganizasyon eleksyon.

4. Etablisman yon Komite Siveyans ki fòme ak reprezantan CARICOM.

 

Aldy Castor, M.D.  aldyc@att.net
President, Haitian Resource Development Foundation (HRDF)
Director, Emergency Medical Services Haiti Medical relief Mission, Association of Haitian Physicians Abroad (AMHE)

Stuart Leiderman  leiderman@mindspring.com
Environmental Refugees and Ecological Restoration

0 commentaire

Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.

Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.

Se connecter Créer un compte

Aucun commentaire pour l'instant. Soyez la première personne à réagir.

À lire également

Toute la rubrique Société

Alertes du National

Recevez une notification sur votre téléphone ou votre ordinateur dès qu'un article paraît dans les rubriques de votre choix. Gratuit, sans inscription.

Rubriques à suivre