Lang manman nou, se idantite nou ! Selebrasyon 24èm Jounen Entènasyonal Lang Manman, Fevriye 2023
Jounen jodi a, gen anpil moun k ap pale de : mache global, ekonomi global, panse ak kilti global epi ki kwè latè vin tounen yon ti vilaj, paske itilizasyon nouvo zouti teknolji ak enfòmasyon yo pèmèt anpil moun konekte youn ak lòt kèlkilanswa distans lan. Anpil nan moun sa yo menm imajine: tout moun dwe pale yon sèl lang oubyen tout moun pral pale yon sèl lang (angle) e mete sou sa, tout moun ta dwe pataje menm vizyon ak menm kilti.
Dènye rechèch yo fè konnen gen 330 peyi (teritwa ki gen tout sa yon peyi dwe genyen), Òganizasyon Nasyonzini rekonèt 200 ladan yo epi gen 193 nan yo ki manm òganizasyon mondyal la. Nan moman an, yo kotwole plis pase 7000 lang ki egziste. E ou ka konte sou dwèt nan yon sèl men, kantite peyi kote yo pale yon sèl lang. Sa vle di : pi fò peyi sou latè se kote moun k ap viv la yo pale de (2) lang pou piti. Se reyalite sa a menm ki pouse Òganizasyon Nasyonzini pou Ledikasyon, Lasyans ak Lakilti (UNESCO) chwazi kòm tèm selebrasyon 24èm Jounen entènasyonal lang matènèl la: Edikasyon Miltileng, yon nesesite pou transfòme sosyete a.
Daprè konsta nou sot fè la a, nou ka tou konprann pi fò kretyen vivan ap viv ak evolye nan yon espas jewografik, yon espas sosyal ak yon espas fonksyonèl kote gen plizyè lang k ap kwaze e kote gen plizyè kilti k ap kwaze e k ap brase yon ak lòt.
Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous GRATUITEMENT pour lire la suite de cet article.
Pas encore de compte ? Inscrivez-vous
0 commentaire
Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.
Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.
Se connecter Créer un compte
Aucun commentaire pour l'instant. Soyez la première personne à réagir.