Lang matènèl, lang etènèl
Nan okazyon jounen entènasyonal lang matènèl la, Jacques Pierre ap envite w li ti chita ekri sa a li te fè ak lengwis Hugues Saint-Fort sou enpòtans jounen entènasyonal lang matènèl la, epi ki wòl lang matènèl yon pèp ta dwe genyen nan konstwi yon peyi kote dwa lengwistik tout moun respekte
Jacques Pierre: Èske ou kapab esplike nou sa « lang matènèl » vle di ?
Hugues Saint-Fort: Nan lengwistik, yo rele « lang matènèl » lang ke yon ti moun atrap nan kontak fanmi ak zanmi kote li elve. Tankou ou konnen, se depi yon moun tou piti li atrap yon lang. Li atrap lang sa a dapre jan li tande moun ap pale lang lan, san li pa bezwen ale lekòl pou sa. Men, lengwis yo aprann nou ke akizisyon sa a pa fèt sèlman dapre yon pwosesis imitasyon. Yo esplike nou ke nan tout peyi sou latè, ti moun fèt avèk abilite espesyal pou yo atrap lang yo tande nan zòrèy yo. Ti moun yo devlope règ lengwistik pou atrap lang sa a, san yo pa pran konsyans sa. Genyen yon sikolengwis meriken ki rele Steven Pinker ki ekri sou sa yon michan liv ki rele “The language instinct” (1994).
Deplizanpli, lengwis yo pale de « premye lang » (L1) nan plas « lang matènèl » ki ta ka parèt anbigi paske li ta ka fè konprann se lang ke manman ti moun yo pale. An reyalite, ti moun kapab pale plis pase yon lang nan kay kote yo elve a. Yo kapab pale yon lang avèk manman yo, yon lòt lang avèk papa yo si papa yo pale yon lòt lang, epi yon twazyèm lang avèk granmè yo si granmè an pale yon lòt lang. Premye lang majorite Ayisyen ki fèt e grandi ann Ayiti se lang kreyòl, se pa lang franse. Premye lang yon moun jwe yon gwo wòl nan detèminasyon idantite etnik oswa kiltirèl li.
Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous GRATUITEMENT pour lire la suite de cet article.
Pas encore de compte ? Inscrivez-vous
0 commentaire
Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.
Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.
Se connecter Créer un compte
Aucun commentaire pour l'instant. Soyez la première personne à réagir.