Konferans : « Avantaj ak defi tradiksyon lang matènel »
Nan okazyon 24yèm selebrasyon Jounen lang maternel la, Sant NA Rive ap òganize yon brase lide sou zafè tradiksyon yon lang nan yon lòt.
Ane 2023, se 24yèm selebrasyon Jounen lang matènèl depi INESKO te pran desizyon sa. Nan okazyon sila, komite kreyòl Centre NA Rive ap òganize samdi 18 fevriye 2023 yon brase lide, sou Zoom, sou zafè tradiksyon yon lang nan yon lòt. Se anba tèm : « Avantaj ak defi tradiksyon nan lang matènèl » konferans sa a òganize avèk Stéphane Martelly, ekriven pwofesè inivèsite k ap fè brase lide sila ak Edenne Roc, edikatris. Pandan moman sa ap gen dyalòg ak echanj sou tradiksyon avèk envite donè a ak Edenne Roc, tradiktris. Li tradui an kreyòl woman Jacques Stephen Alexis a : « Compère général soleil » ( Konpè jeneral solèy) nan Educa Vision.
Fók nou di Jou entènasyonal lang manman an te pwoklame pa INESKO sou 21 fevriye 2000, epi li selebre nan menm dat la chak ane nan Eta manm yo ak nan katye jeneral INESKOl pou ankouraje divèsite lengwistik ak kiltirèl ak miltilengwis (pale plizyè lang). Jou sa a konsakre rekonesans nan mouvman lang komemore nan Benngladèch pa jou a depi 1952. An 1952, lapolis ak lame Leta Pakistani, ki okipe Benngladèch, tire avèk zam sou foul moun ki ap pale Bengali pou defann dwa lang yo nan Daka.
Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous GRATUITEMENT pour lire la suite de cet article.
Pas encore de compte ? Inscrivez-vous
0 commentaire
Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.
Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.
Se connecter Créer un compte
Aucun commentaire pour l'instant. Soyez la première personne à réagir.