Lansman branch Sosyete Koukouy Dèlma
Pou lanse branch Sosyete Koukouy Dèlma, yon gwoup jenn fanm ak jenn gason ayisyen, (operatè kiltirèl, ekriven, powèt), manm Sosyete Koukouy, kase randevou ak piblik la nan ba Restoran Bazilik 33 (menm kote ak Palais de l’art, toupre Lopital Lapè, Dèlma 33) mèkredi 15 fevriye 2023 a 10è nan maten.
Pou rapèl, pi ansyen òganizasyon literè ak kiltirèl ayisyen an aktivite a, Mouvman kreyòl / Sosyete Koukouy ap layite kò li jounen jodi a toupatou nan lemond: Etazini, Kanada, Kiba... Men se an Ayiti mouvman sila te pran nesans nan dat 18 desanm 1965 avèk Doktè Ernst Mirville (Pyè Banbou), Henry Claude Daniel(Jan Tanbou), Jean Marie Willer Denis (Jan Mapou), pou nou site sèlman non sa yo. Sosyete Koukouy ap travay san relach nan kore devlòpman lang, literati ak kilti kreyòl ayisyen an depi plis pase senkant (50) ane. Se menm rezilta travay sila yo ki vin debouche sou djougans anpil jenn gason ak jenn fanm genyen nan sosyete nou an pou ekri nan lang kreyòl ayisyen an san vye konplèks ak prejije. Pami yo, nou ka site jèn tankou : Iléus Papillon, Anivince Jean Baptiste, Orso Antonio Dorelus, Frantzley Valbrun, Douglas Zamor, Sagesse Messerne oubyen ankò James Francisque.
Mèkredi 15 fevriye 2023 a 10zè nan maten, branch Sosyete Koukouy Dèlma ap kontan rankontre tout moun nan gran jou sila.
Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous GRATUITEMENT pour lire la suite de cet article.
Pas encore de compte ? Inscrivez-vous
0 commentaire
Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.
Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.
Se connecter Créer un compte
Aucun commentaire pour l'instant. Soyez la première personne à réagir.