Écrire à la rédaction
Radio Pacific 101.5 fm
Culture

Gary Daniel: ant pasyon ak lanmou pou ekriti

Gary Daniel: ant pasyon ak lanmou pou ekriti

Chak moun, k ap viv, pote yon istwa. Chak moun, ki egziste, gen obligasyon pou li antre nan jwèt kole sere ak lavi a. Men, nan deplòtonnay lavi a, gen moun ki kite plis tras pase lòt. Genyen ki fè non yo nan mizik, penti, filozofi, ansèyman, piblisite, elatriye. Gen lòt kategori moun, suivan dinamis yo, yo kenbe lavi a nan plizyè branch. Jodi a, nou gen plezi kanpe yon pèsonaj fètefouni: Gary S. Daniel.

Li renmen moun rele li Nèg Gonbolyen. Anndan Sosyete Koukouy, li envante pwòp teknik powetik li: Foutbòl lavi, yon kalite pwezi k ap parade  pandan yo ap  kesyone egzistans nou. Gary se yon pwomotè kinalaganach lang ak literati kreyòl ayisyen an. Li se manm aSosyete Koukouy. Gary S. Daniel se ekriven, epi Visprezidan Regwoupman Ekriven Kreyòl (REK).

Gary S. Daniel wè jou nan vil Okap, Ayiti 7 me 1958. Se nan menm vil sa a tou, li kòmanse etid klasik li epi fini yo nan “Collège Canado Haïtien”, Pòtoprens, Ayiti. Tousuit apre, nan ane 1980, li jete kò li nan peyi Etazini. San pèdi tan, li rache yon diplòm Bachelye nan Chimi ak yon Metriz nan Admisitrasyon Biznis. Li etidye Chimi nan SUNY University, Plattsburgh nan peyi Etazini. Li fè etid tou nan University of Phoenix, toujou nan peyi Etazini.

Nan travay sa a, nou eseye gade nonsèlman lavi pèsonaj la, mentou travay li, zèv li, plas li, enpòtans li nan fè pwomosyon literati kreyòl ayisyen an. N ap mete aksan tou sou temwanyaj moun ki pi konnen Gary Daniel yo. Nou deja envite w fè bèl vwyaj sa a ak nou.

Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous GRATUITEMENT pour lire la suite de cet article.

Connectez-vous

Pas encore de compte ? Inscrivez-vous

Suivez-nous sur WhatsApp

0 commentaire

Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.

Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.

Se connecter Créer un compte

Aucun commentaire pour l'instant. Soyez la première personne à réagir.

À lire également

Toute la rubrique Culture

Alertes du National

Recevez une notification sur votre téléphone ou votre ordinateur dès qu'un article paraît dans les rubriques de votre choix. Gratuit, avec votre compte lecteur.

Rubriques à suivre