Écrire à la rédaction
Radio Pacific 101.5 fm
Culture

Asosyasyon kiltirèl Bonjou lakilti pote dezyèm edisyon Soup joumou pou nou tout

Asosyasyon kiltirèl Bonjou lakilti pote dezyèm edisyon Soup joumou pou nou tout

Se anba tèm « Soup joumou revèy konsyans » Asosyasyon kiltirèl Bonjou Lakilti ap pote ane sila a dezyèm edisyon « Soup joumou pou nou tout » jou k ap premye janvye 2023 a yon fason pou valorize patrimwan kiltirèl materyèl ayisyen an, pou pèmèt dat premye janvye a jwe yon wòl kapital nan listwa peyi Dayiti.

Asosyasyon kiltirèl Bonjou lakilti (AKBL)    ap selebre 2èm edisyon soup joumou li an anba tèm « Soup joumou revèy konsyans « . «  Pou n rete nan konjonkti sosyal ki ap travèse peyi a, nou chwazi tèm sila pou nou pote yon mesaj bay jèn  yo pou yo reveye konsyans yo. Sitiyasyon peyi a paka rete konsa fòk konbit lan fèt pou n sove demen pou sila k ap vini yo », daprè sa òganizatè yo di nan yon ti bat bouch ak jounal Le National

« Yon lòt fwa ankò Asosyasyon kiltirèl Bonjou lakilti (AKBL) pote pou nou nan okazyon jounen Lendepans lan ke tradisyon fèt fen ane yo konn fè n neglije pandan jounen premye janvye a jwe yon wòl total kapital nan listwa peyi Dayiti, soup joumou pou nou tout anba tèm: « Soup joumou revèy konsyans ».  Se pou di a chak grenn sitwayen moman rive pou n pran konsyans de eta nou, pou n tanmen dyalòg nan yon lespri  linite pou n sove peyi a kap degrenngole malgre li chaje otorite.  Ayiti bezwen nou, an nou fè konbit pou n sove li!     Ane pase nou te gen kolaborasyon INAPAT , Enstiti ayisyen patrimwàn ak touris. Se yon òganizasyon kap evolye nan domèn patrimwàn ak touris. Nan sektè kiltirèl la, yo pote anpil kontribisyon nan valorize kilti ayisyèn lan ak patrimwàn peyi a. Yo fè anpil aktivite tankou fòmasyon pou jèn ak  konferans deba sou proteksyon patrimwàn  ayisyen an. Ane sa, yo reponn plètil ankò.

N ap gen kozri ak syosolog Iléus Papillon sou zafè listwa soup joumou an, epi n  ap gen ekspozisyon foto, atizana,  jwèt tradisyonèl, domino, damye, lido, sote kòd, marèl, animasyon  kiltirèl, dans, pwezi , slam, tire kont jou dimanch Premye janvye 2023  nan « Académie » ki nan ri Jan Jòj,  Dèlma 32. »

Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous GRATUITEMENT pour lire la suite de cet article.

Connectez-vous

Pas encore de compte ? Inscrivez-vous

Suivez-nous sur WhatsApp

0 commentaire

Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.

Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.

Se connecter Créer un compte

Aucun commentaire pour l'instant. Soyez la première personne à réagir.

À lire également

Toute la rubrique Culture

Alertes du National

Recevez une notification sur votre téléphone ou votre ordinateur dès qu'un article paraît dans les rubriques de votre choix. Gratuit, avec votre compte lecteur.

Rubriques à suivre