Écrire à la rédaction
Radio Pacific 101.5 fm
Culture

Mesaj Akademi Kreyòl Ayisyen nan okazyon selebrasyon Jounen entènasyonal lang ak kilti Kreyòl 2022

Mesaj Akademi Kreyòl Ayisyen nan okazyon selebrasyon Jounen entènasyonal lang ak kilti Kreyòl 2022

Depi premye semèn mwa oktòb la, Akademi Kreyòl Ayisyen te lanse mwa lang ak kilti kreyòl 2022 a sou tèm “Lang kreyòl nan lasyans: wi nou ap vanse!”. Malerezman, sitiyasyon sosyopolitik malouk peyi nou ap travèse depi kòmansman mwa sektanm nan, pa pèmèt nou egzekite kòmsadwa kalandriye aktivite nou te prevwa pou nou non sèlman selebre ansanm lang nou ak kilti nou, men tou pou nou te selebre lavi yon gwo potorik ekriven, kreyolis Emile Celestin Mégie, Togiram (16 oktòb 1922 - 6 jiyè 2018). Mwa oktòb sa a t ap bay Togiram 100 lane si li t ap viv toujou. Tèm Lang kreyòl nan lasyans: wi nou ap vanse!”, se tankou yon lanbi rasanbleman Akademi Kreyòl Ayisyen kònen pou li mande tout moun ki ap travay nan domèn lasyans pou yo pote kole nan yon konbit ki deja ap fè chemen li nan peyi Ayiti ak nan peyi etranje. Konbit sa a, se jefò anpil etidyan, chèchè nan plizyè domèn konesans syantifik tanmen pou kore devlòpman lang kreyòl la, nan ogmante kantite pwodiksyon syantifik ki disponib nan lang kreyòl la, nan tout domèn. Tèm sila a se yon fason tou pou Akademi an fè sonje zòrèy li an twonpèt, je li louvri byen klere sou jefò ki te fèt e ki ap kontinye fèt pou lang Kreyòl nou an gen yon prezans pi vivan nan monn syantifik la.

Jounen entènasyonal lang ak kilti kreyòl 2022 a, se yon okazyon Akademi Kreyòl Ayisyen vle pwofite pou li voye yon ochan byen merite pou divès pèsonalite  ki kite travay yo kòm tras sou chemen an. Nou pa ka pa sonje travay yon fanm tankou kreyolis Suzanne Comhaire Sylvain (pitit ekriven Georges Sylvain) ki te pibliye an 1936 yon liv syantifik sou kreyòl ki te parèt sou tit « Le créole haïtien: morphologie et syntaxe ». Suzanne Comhaire Sylvain, yo konsidere kòm premye lengwis fanm nan peyi Ayiti epi yonn nan premye moun ki reyalize yon travay syantifik sou kreyòl ayisyen an, te wè nesesite pou defann lang kreyòl la ak bon jan agiman syantifik solid nan yon epòk kote kèk moun t ap klèwonnen kreyòl pa lang. Kijan pou nou fè pa sonje tou travay grandèt tankou Pierre Vernet, Yves Dejean, Doktè Ernst Mirville (ki te manm Akademi an), te fè an kreyòl ak sou kreyòl pou anrichi literati syantifik lang lan. Nan menm kategori sa a, nou vle raple ekriven Emile Celestin Mégie (Togiram) ki pibliye non sèlman woman nan lang kreyòl la, men tou, atravè enpòtans travay li, nou gen tandans klase li nan panteyon pèsonalite sa yo ki te konprann kreyòl se yon lang fèt e founi ki pa gen okenn baryè nan kèlkeswa domèn konesans. Ak piblikasyon an 1975 woman « Lanmou pa gen baryè », Emile Celestin Mégie pase kòm yonn nan ekriven ayisyen ki bay lang kreyòl ayisyen premye woman li. Kominote a rekonèt Togiram kòm manm fondatè Mouvman Kreyòl Ayisyen / Sosyete Koukouy ; fondatè revi mansyèl « Gindol » (1971 - 1978) yo konsidere kòm premye piblikasyon peryodik lang kreyòl ayisyen an.  Li te manm ekip ki te travay pou mete nouvo òtograf kreyòl la nan ane 1980. Nou dwe sonje tou e sitou Emile Celestin Mégie se te yon fouyapòt nan lang kreyòl la, yon jeyan ki t ap fouye zo nan kalalou nan lang lan pou fè soti divès lyen ki egziste ant kreyòl ayisyen an ak divès lang afriken. Se vre se mwa oktòb 2022 a ki make santenè nesans Emile Celestin Mégie, men Akademi Kreyòl Ayisyen ap rezève tout rès ane a pou savalouwe grandèt la.      

Pou jounen 28 oktòb 2022 a, Akademi kreyòl plis di li ap make dat la olye li di selebrasyon parapò ak sa Akademi an abitye fè nan monte gwo pwogram kote li reyalize plizyè aktivite, tankou : seremoni lansman ofisyèl, konferans-deba nan lekòl ak inivèsite, entèvansyon nan radyo ak televizyon, piblikasyon atik nan jounal ekri kou jounal an liy, fòmasyon sou kominikasyon kreyòl, espozisyon liv kreyòl ak liv sou kreyòl, manifestasyon sosyokiltirèl san bliye gwo seremoni ofisyèl la. Jou sa a se konn okazyon  pou otorite Leta diferan patnè AKA  epi  lòt pèsonalite nan monn kreyòl la sou plan nasyonal ak entènasyonal vin fè popilasyon an konnen tou sa yo ap regle pou lang kreyòl nou an pran yon nivo siperyè.   Kontèks sosyopolitik la, nou raple li, te lakoz pi fò nan aktivite sa yo pa te posib pou ane 2022 a.  Erezman mouvman kreyòl la depase fwontyè peyi Ayiti.  Gras ak Teknoloji a, AKA rete soude ak diferan patnè li yo ki ap reyalize yon seri aktivite wòdpòt nan anpil peyi sou latè.  Nou ka site Etazini ( Nouyòk, Boston, Merilann, Miyami), Kanada (Monreyal), Chili, Brezil, Kiba, Matinik, Dominik, Sentlisi, Gwadloup, Repiblik Moris, Sechèl, Wodrig, Kapvè, Lafrans, Espay, etsetera.  Aka voye gwo kout chapo solidarite ak felisitasyon pou tout òganizasyon nan espas sa yo ki kenbe drapo lang kreyòl la byen wo. Nou rekonèt fèt la ta pi bèl si toutbon nou te gen posiblite yon fwa ankò pou nou te òganize evènman ki pou raple enpòtans lang ki esprime istwa, koutim, tradisyon, kwayans, konesans nou, an gwo, kilti nou kòm pèp.  Malgre tou, kreyòl pa an defisi. Li rete kòm pi gwo zouti pou popilasyon an defann sa li rete kòm valè, entegrite, diyite ak souverènte. Li rete kòm pi gwo zouti popilasyon an  sèvi pou li denonse koripsyon, abi,  enjistis, enpinite, ak tout kalite vyolasyon dwa li kòm pèp. Lang kreyòl la rete kòm pi gwo patrimwàn imateryèl pèp ayisyen an.

Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous GRATUITEMENT pour lire la suite de cet article.

Connectez-vous

Pas encore de compte ? Inscrivez-vous

1 commentaire

Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.

Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.

Se connecter Créer un compte

jdanielh

Grand Dieu ! Mais pourqoui abatardir ainsi la langue creole avec ce phonetisme ? Poiurquioi cette "novlangue " sans referent et sans racines? Pouquoi ecrire "potoprinse" plutot que Port au Prince ? De quoi confondre un port et un poteau! "atymogen" au lieu de lacrymogene ? Sabotage! C'est degradant

À lire également

Toute la rubrique Culture

Alertes du National

Recevez une notification sur votre téléphone ou votre ordinateur dès qu'un article paraît dans les rubriques de votre choix. Gratuit, avec votre compte lecteur.

Rubriques à suivre