Lansman Selebrasyon Lang ak kilti kreyòl
Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA) lanse ofisyèlman Mwa lang ak kilti kreyòl pou lane 2022 a . Nan okazyon sila a, prezidan AKA a, Rogéda Dorcé Dorcil,nan diskou li te fè, salye richès literati ayisyen nan ki ekri an kreyòl ki se prèv ki montre aklè kijan kreyòl ayisyen an se yon lang byen vivan.
Pou Rogéda Dorcé Dorcil,lang kreyòl ayisyen an nan lasyans ap vanse. Li di tou,Ayiti se pi gwo kominote kreyolofòn nan monn nan. « Lang kreyòl ayisyen nan lasyans : wi nou ap vanse! »
Se sou mo sa a Akademi kreyòl ayisyen demare selebrasyon mwa lang ak kilti kreyòl pou ane 2022 a. Lang kreyòl ayisyen an ap evolye nan yon sitiyasyon espesyal. Ayiti, se pi gwo kominote kreyolofòn nan monn nan. Lengwis ak espesyalis langaj yo rekonèt kreyòl ayisyen an kòm varyete kreyòl ki gen pi plis travay deskripsyon ki fèt sou li. Jean-Claude Bajeux nan «Moso chwazi pawòl ki ekri an kreyòl Ayisyen (Antilia 1999) » tabli yon lis kozman kreyòl soti sou tèks ki pi ansyen (Lisette quitté la plaine), rive sou kèk ekstrè tèks li rele esè… Li ranmase tout varyete richès nou ka jwenn nan lang kreyòl la : varyete pwodiksyon soti nan aspè oral lang nan (kont, devinèt, istwa chante, pwovèb…) rive nan pwodiksyon literè. Se prèv ki montre aklè kijan kreyòl ayisyen an se yon lang byen vivan, ki ap vanse. Se sèten pa gen tèks nan liv la ki trete diskou fòmèl yo, tankou dokiman administratif, dokiman syantifik, men Bajeux atire atansyon nou sou divès posiblite pwodiksyon nan lang nan.
Richès literati ayisyen ki ekri an kreyòl la, divès kalite travay rechèch ki fèt an kreyòl osinon sou lang kreyòl, montre kijan lang nan ka rive travèse diferan baryè ki ta ka anpeche li vanse sou chemen lasyans.
Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous GRATUITEMENT pour lire la suite de cet article.
Pas encore de compte ? Inscrivez-vous
0 commentaire
Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.
Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.
Se connecter Créer un compte
Aucun commentaire pour l'instant. Soyez la première personne à réagir.