San nèf nan teyat ak « Nouvelles Dramaturgies d’Haïti »
Antoloji se yon ansanm 12 tèks dramatik AROCH ak OIF ede pibliye nan Edisyon Chimen Asosyasyon Quatre Chemins ansanm ak Nous théâtre ki ap travay pou ede pibliye epi difize zèv dramatij ayisyen yo. Se Guy Régis Jr ki kowòdone piblikasyon sila a ki ofri 12 tèks douz otè (6 fanm, 6 gason). De nan tèks yo nan lang kreyòl. Antoloji sa a ap disponib nan tout bibliyotèk an Ayiti ak nan kèk lòt peyi frankofòn.. « Rèv Boukannen » dramatij ayisèn Joeanne Joseph la se dezyèm tèks kreyòl nan antoloji a.
Ann dekouvri rezime (tram) ak prezantasyon (apwopo) tèks la.
Tram
Sis machann ki makonnen kò yo nan yon kwen : Madan Bo, Micheline,
Serette, Silienne, Anette, Chouba. Istwa ki mennen yo kote yo ye la a diferan.
Men tout la pou menm koz. Men…ki koz ? Youn sou lòt y ap dòmi, reve,
plenyen, pale sa yo viv, sa yo swete, sa yo rayi, sa yo fè... Yo la depi 7 jou ?
Ki lè y ap soti ? Yo pa twò konnen...Koze yo pa gen ni bon gou ni bon sant.
Anpil zòrey ap tande. Men m pa si tout ap twò konprann. Realite machann
se sèl machann ki konnen l !
Apwopo
Joeanne se machann pawòl ki fè pawòl machann tounen lò. Gen moun ki
di : sa k piti pa pitimi. Gen lòt ki renmen di : tout sa k pi piti pi bèl.
Joanne sèvi nou yon pyès tou kout tankou bouji lakonfesyon. Men, yon pyès
ki pa bezwen ale pi lwen pou di tout sa fanm, machann anba lavil, ta renmen
di, kote tout pawòl malouk, tout rèv blayi, san manke.
Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous GRATUITEMENT pour lire la suite de cet article.
Pas encore de compte ? Inscrivez-vous
0 commentaire
Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.
Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.
Se connecter Créer un compte
Aucun commentaire pour l'instant. Soyez la première personne à réagir.