Écrire à la rédaction
Radio Pacific 101.5 fm
Culture

Ki sa sa vle di, pwoteje lang franse ann Ayiti? Hugues Saint-Fort

Ki sa sa vle di, pwoteje lang franse ann Ayiti?                                                       Hugues Saint-Fort

Nan yon konferans li te bay nan inivèsite Indiana (Etazini), nan dat 1er avril 2022, lengwis ayisyen Rochambeau Lainy di ke youn nan objektif li se « pwoteje lang franse ann Ayiti ». Se tout dwa yon sitwayen franse oswa yon Ayisyen ki ap travay pou gouvènman franse ann Ayiti, fè yon deklarasyon kon sa. Men, lè nou konnen ke Rochambeau Lainy se yon manm Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA) li ye tou, nou oblije poze tèt nou anpil kesyon. Pa egzanp, ki enterè yon akademisyen nan AKA genyen pou li fè yon tèl deklarasyon ? Se vre ke tou de lang sa yo se lang ofisyèl Ayiti yo ye, men tout moun ki konnen istwa 2 lang sa yo ann Ayiti, ki konnen relasyon difisil yo te toujou genyen depi Ayiti te mete Lafrans deyò pou n tounen yon peyi endepandan, ap genyen pou li mete 2 men nan tèt.

Pou nou byen konprann kontèks istorik, sosyal ak lengwistik deklarasyon sa a, an n sonje  analiz lengwis ayisyen Yves Dejean ki te pibliye yon liv an 1975, ki rele : « Dilemme en Haïti : français en péril ou péril français ? Yves Dejean te poze yon kesyon ki te fè anpil sans nan epòk sa a (an 1975). Prèske 50 lane apre, anpil chanjman rive fèt nan sitiyasyon sosyo-lengwistik Ayiti : kreyòl ayisyen nou an vin tounen youn nan 2 lang ofisyèl peyi a (lòt lang ofisyèl la toujou rete lang franse), genyen dekrè ministeryèl ki pwoklame kreyòl kòm « langue d’enseignement » e « langue enseignée », sistèm edikasyon Ayiti vin wè anpil chanjman, vin genyen yon òtograf ofisyèl pou lang kreyòl, vin genyen yon Akademi Kreyòl Ayisyen. Èske se paske chanjman sa yo te parèt tankou yon menas kont lang franse ke Rochambeau Lainy te jije fòk li bay tèt li misyon   pou li « pwoteje lang franse ann Ayiti » ? Ki kote Rochambeau Lainy wè menas sa a ?

Li ta sanble, nan analiz  Rochambeau Lainy, avansman sosyo-lengwistik lang kreyòl la se gwo menas kont lang franse, epi menas la ta tèlman fò sa vin fè Rochambeau Lainy bay tèt li misyon pou l « pwoteje lang franse ann Ayiti ».  Èske Akademisyen an pa janm reyalize yon sitiyasyon kote, pandan plis 200 lane ann Ayiti,  lang kreyòl pa ko janm jwe wòl li dwe jwe nan sosyete a.  Èske li ka esplike sa ki fè, malgre Kreyòl se  lang natif natal tout Ayisyen ki fèt epi grandi ann Ayiti, se pa lang sa a ki pi plis sèvi kòm zouti prensipal pou ansèyman nan sistèm edikasyon nou ?

Si vous avez déjà créé un compte, connectez-vous GRATUITEMENT pour lire la suite de cet article.

Connectez-vous

Pas encore de compte ? Inscrivez-vous

0 commentaire

Les échanges courtois et argumentés font la qualité du débat.

Connectez-vous pour commenter. Un compte garantit que votre nom n'est utilisé que par vous.

Se connecter Créer un compte

Aucun commentaire pour l'instant. Soyez la première personne à réagir.

À lire également

Toute la rubrique Culture

Alertes du National

Recevez une notification sur votre téléphone ou votre ordinateur dès qu'un article paraît dans les rubriques de votre choix. Gratuit, avec votre compte lecteur.

Rubriques à suivre